LAVI PÈP AYISYEN Lavi pèp Ayisyen, li pa ka bèl

Click to enlarge

Focusing on PHOTO: Haiti - Hommage a Empereur Jean-Jacques Dessalines - 17 Octobre 2014, LAVI PÈP AYISYEN
Lavi pèp Ayisyen, li pa ka bèl,
Anverite, li pa ka dousè lajwa,
Lè yo konnen se sou san frè-l
Peyi Lafrans souse bon siwomyèl
Moùn ki fouye byen fouye Listwa
Wè lavi, an Ayiti, pa fouti bèl
Lè yo konnen ak chuichuichui,
Byasou, Edouvil, Rigo, Blanchè,
Revòlt yo-a pa t'ka wè klè
Lavi pèp Ayisyen te tou koule ak ma
Avèk Yayou, Kristòf epi Jefra
Ki fin pran Belè ak Kapwa
Manniganse rèd-chèch enpi touye Desalin
Lavi pèp Ayisyen pa fouti siwolin
Lè Listwa aprann kouman Yanki
Pa t'ezite touye k'oun rat
Oun Nèg vanyan tankou Peralt
Lavi pèp la lan di, yo klase-l kòm kokorat
Dèske pòv malere pa biwokrat
Poutan se swadizan boujwa gwo-vant
Ki lage peyi Ayiti sou move pant
Se jodi mas-pèp la ap pran degwo espant
Zwazo mechan vle toupizi-l ak pataswèl
Bèt la mande l kraze demokrasi-l
Pou li mete, ak gwo kout-bèk, oun lòt lan gou-l
Lavi pèp Ayisyen p'ap janm fasil
Sitou lè li derefize kondui-l an tyoul
Li fin konnen ak Tant Siya anyen p'ap koul
Sèvis la divize-w pou se li k'tou pran fil
Ernst Registre 2004

The topic is: PHOTO: Haiti - Hommage a Empereur Jean-Jacques Dessalines - 17 Octobre 2014
This is a reply to Msg 13814
Posted by Nene Lezens on October 17 2014 at 2:22 PM

REPLY to message OR...

Start a NEW Topic

Responses

Nene Lezens says...

LAVI PÈP AYISYEN Lavi pèp Ayisyen, li pa ka bèl, Anverite, li pa ka dousè lajwa, Lè yo konnen se sou san frè-l more »

Reply   ... More

Blanc says...

Sa se bel bagay wi, menm le ta gen diferans politik men le pou yon bagay konsa tout Moun dwe ansanm paske se peyi a more »

Reply   ... More

Marie Nadine Pierre says...

Jah love. Give thanks and praises for sharing this photograph. I am glad that the Tet Kales felt it necessary to pay homage to the more »

Reply   ... More

Ralph Leon says...

A Lot of respect for the gouvenman TET more »

Reply   ... More

Sherlie says...

tres belle image,j'adore.Merçi pour cette more »

Reply   ... More