La Gramè Kreyol - Aprann Ekri Kreyol
Haitian Creole for Dummies - Gramè Kreyòl pou Nèg Sòt
Li rele: Lengwistik kreyòl ayisyen sou Wikipedya Ayisyen an...
Kreyol la fasil anpil pou ekri.
Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen
Dapre Iv ak Pòl Dejan nan liv ki rele (EKRI KREYOL FASIL), nenpòt moun kapab ekri kreyòl avèk twa ti prensip sa yo:
Prensip 1: Chak lèt ret nan wòl yo
Men lèt nou jwenn ki ret nan wòl yo, nan pawòl nou fèk li yo:
a nan: katreven, drapo, ap, aprann, chak, ak, twa, aba, lavi, lamizè, pàn, lagè, travay.
an nan: san, aprann, nan, kouran, lasante, manje, grangou
b nan: aba
ch nan: chak, cho
d nan: drapo
e nan: me, katreven, inivèsite, se, elèv, pwofesè, ekri, kreyòl, montre, lasante, manje, lekòl, ret
è nan: nèf, fèt, elèv, pwofesè, lèt, chè, lamizè, lapè
en nan: katreven, fen, prensip, lenjistis
f nan: nèf, fèt, fen, pwofesè
g nan: lagè, grangou
i nan: dizwi, mil, inivèsite, viv, lavi, lamizè, lenjistis, ekri, ti, prensip
j nan: lenjistis, manje
k nan: katreven, ekri, kreyòl, chak, kouran, lekòl
l nan: mil, elèv, kreyòl, lòt, lèt, wol, lenjistis, lavi, lamizè, lagè, lasante, lapè, lekòl
m nan: me, mil, moun, montre, lamizè
n nan: nèf, inivèsite, moun, aprann
o nan: drapo, yo
on nan: onz, montre
ou nan: tout, moun, kouran, pou
p nan: drapo, pwofesè, ap, prensip, pan, lapè
r nan: katreven, drapo, aprann, ekri, kreyòl, montre, prensip, ret, kouran, travay
s nan: inivèsite, se, pwofesè, prensip, lenjistis, lasante
t nan: katreven, fèt, inivèsite, tout, montre, lèt, twa, ti, lòt, ret, travay
v nan: katreven, inivèsite, elèv, lavi, viv, travay
w nan: pwofesè, twa, wòl
wi nan: dizwi, (dizwit lè li tousel )
y nan: kreyòl, yon, yo, travay
z nan: dizwi ( dizwit), onz
Prensip 2: Chak son ekri menm jan
Chak son ekri menm jan
Anpil egzanp montre nou sa twazyèm prensip la ye, espesyalman lè nou gade dènye lèt ki parèt ladan yo. Twazyèm prensip la se:
Prensip 3: Nanpwen lèt ki bèbè, ki initil
Nou wè sa nan: bab chich rad nèf nèg paj chak mil chanm moun ap aprann lenjistis tout viv kaw travay onz. Kalkile prensip sa yo byen. Gade ki jan tout koze ki nan fèy sa a ekri. Suiv modèl yo byen. Epi, ekri tout bèl pawòl ki nan tèt nou, fasil.
Li plis... Visite paj saa: Lengwistik kreyòl ayisyen sou Wikipedya Ayisyen pou dekouvri ki let ki pa itilise nan lang kreyol...
Kisa-w panse de sa?
Kite yon mesaj
You might also like
- Poukisa edikasyon Haiti fet an Francais? Timoun yo kapab aprann pi byen an KREYOL...
- Haitien an di: Se sèl souf blan paka fè
- Ou prefere yon VERITE ki DI oswa yon MANTI ki DOUS?
All Comments (4)
Poukisa, moun nou genyen ki avanse nan lang kreyol ayisyen an, pa kreye espas pou fome pwofese kap anseye timoun nou yo mal nan zafe ekri kreyol
kijan'w ekri tchouup le on moun'n tchwipe on lot mounn...
kijan'l ekri eske se pstchuup ou bien
Hot Haiti Topics
Haiti Photo Stories
New Haiti Topics
Recently Updated Content
Leave a Reply
Name (required) E-mail (required, will not be published)» »