Haiti - Rich vs Pòv : "Nèg Sa CHAJE LAJAN" Kisa sa vle di ekzakteman?
Ou gen yon machin ke ou ka konsidere "yon BOGI," men yon moun sou BOURIK pwal di ou CHAJE LAJAN... Kek fwa, li pa menm konnen ke machinn lan pake paske ou pa genyen kob gas la owsa li gen yon pann ou poko kapab leve... Li rive andeyo, li pake bourik li a nan bon zèb ginnen gratis ti cheri, epi l-ap di ou chaje lajan...
Si w-ap li saa sou entenet la, petet sa vle di ou ka manje chak jou, gras a Dye, men yon moun ki paka jwen 50 goud pou li achte chen janbe a, li pwal di ou CHAJE LAJAN... Gade bel laptop ou, li pa gen 10 goud PAP PADAP epi ou ap recharge Internet ou... Bagay yo bon nan men-w...
Moun saa pa menm rann li kont ke se yon vye matant ou Ozetazini ki voye yon vye laptop fe-w kado. men ou chaje lajan.
Sel fason pou Haitien pa di ou CHAJE LAJAN se pou-w al plenyen pwoblem ou ba li... E menm lè saa, li pwal di: "ALA Nèg Blofè Mesye!!!"
Kisa ou panse de sa?
Kite yon mesaj, pataje istwa paw la ak nou sou sije saa...
You might also like
- Tropical Storm Erika - Thank God for Haiti, All is Well...
- Haiti Weather - Tropical Storm Erika arrives this Weekend, Northern Haiti on Alert
- FLASH: Haiti - Singer Herold Christophe is DEAD
Hot Haiti Topics
Haiti Photo Stories
New Haiti Topics
Recently Updated Content
Leave a Reply
Name (required) E-mail (required, will not be published)» »