Haiti Levanjil - "Si Papa-m se Roi, Fòk mwen Prince" - Ki opinion ou sou sa?

En Haiti, Levanjil ap preche tout lajounen, mirak ap fèt, epi pèp la nan lamizè pi rèd... Maten an, mwen tande Robert Celiné, alias Bob C., sou antènn Radio Caraibes ki di: "Si Papa-m se Roi, Fòk mwen Prince!" Bob C. t-ap refere a kantite moun ki aksepte Jezi nan peyi a, ki ap lapriyè lajounen kou lannwit, 7 jou sou 7, epi sitiyasyon yo pa janm chanje... Ta sanble lidè evanjelik yo plis preche pou kenbe moun sa yo nan lamizè olye pou yo ta ede moun sa yo soti nan lamizè... Pastè vinn pi rich, Fidèl yo menm ap jete ti sa yo genyen an nan lakòlèt...

Nan reportaj saa ki tap fèt sou yonn nan pi gro legliz nan kapital la, yon legliz ki ap fè mirak epi ki ap bay levanjil la 7 jou sou 7, yon Jounalis radio a di:

"Dè fwa yon konn preche moun yo reziyation wi..."

Bob C. reponn...

"Wi... wi... Otan ke-w pov, otan ke-w nan mizè, otan ke-w nan kras... Yo tòde yon vèsè ki di: 'Heureux les Pauvres EN ESPRIT, Royaume Bondye a ap pou yo... Tout tan ou nan mizè, ou nan salte, ou santi fò, ou nan kras ou pral nan syèl..."

Bob C. kontinye, li di...

"Mwen menm, mwen gen yon sèl opinion: Si Papa-m se Roi, Fòk mwen Prince!"

Kisa-w panse de sa?

Eske se tout bon royaume Bondye a se pou moun ki pi pov sou latè?

Eske se tout bon si ou gran nèg, ou pap ale nan syèl?

Se si pa vre, poukisa evangelis Haitien yo preche li konsa pami tout moun sa yo ki pa gen anyen nan men yo epi ki ap chèche wout legliz pou Bondye kapab di yon mo pou yo? pou Bondye kapab chanje lavi yo?

Poukisa evangelis sa yo ap preche moun sa yo pou reziye yo nan mizè yo ye a, pou yo rete tann jouk "O dènye jou," apre yo finn pouri anba tè ap tann jou jijman an, pou yo resisite epi pou yo vinn riche, pou yo pa janm gen problèm ankò... Se sa yo preche anpil fidèl an Haiti, eske-m manti?

Poukisa fidèl sa yo pa ka jwen yon bon soulajman sou latè a pandan yo ap viv la?

Kite yon mesaj...

Write a comment   |   Read 10 Comments

Read more: Radio Caraibes Haiti, Robert Celine, Bob C Radio Caraibes, Just a thought, Haitian Family, People, Religion, Community

You might also like

Haiti Hotel Rooms - Karibe Tops with 174 Hotel Rooms Total

Michaelle Jean, First Haitian and Woman to lead "la Francophonie"

Return to Articles List

Responses

Enel says...

Gen n vese nan bib la ki di tou, fok ou gen bel vie sou te a avek pesekision e apre pou gen la vi etenel. Kesion sa tre delika, se pep la menm more »

Reply   ... More

Pirre Ripert says...

nan tan manmam'm avec papa'm te toujou gin leglise se le yo soti nan mache nan jadin fini bail bet mange fini fe devoi avec ti mou'n yo epui yo more »

Reply   ... More

Ben says...

si yon moun volè sa afè pal.si tu es manteur c'est toi qui failliras, les promesse de Dieu ne faillirons jamais.moun ka more »

Reply   ... More

Heric Licius says...

Don't forget God is great most often some people keep praying without action you have to do some things for God blessed what you are doing more »

Reply   ... More

Josepharnold says...

Mesye nou we moun kap mache legliz san epa anyen yap benefisye tout se moun fou yo mechan ak tet yo sitou potestan yo.si gen yn relijyon sou late more »

Reply   ... More

Leo Accede says...

opinion pa-m sou sa gen jou ki pral rive Bon Dieu ap avili tout fo pasteur yo epi lap"ONORE"tout bon pasteur yo avek tout bon serviteur ki more »

Reply   ... More

Jonas says...

Pa gen diskisyon nan sa,an ayiti kon aletranje evangelis ayisyen preche yon levanjil reziyasyon ki plonje moun yo pi fon nan la mize. Men pou more »

Reply   ... More

Ghislaine Decayette says...

Mon Che si nou ta pren pou nou komente sou sujet sa li ta pren empil ten. Oui nou pa konin si Jesus te di sa vre paske generation sa pat la more »

Reply   ... More

Kaam says...

Imajine w, si tout Pasteur et predicateur sa yo gen kontra avek le diable! Tout lajan manman m pase nan shalommmmmm! Men li mouri dimanche pase more »

Reply   ... More

Kaam says...

Imajine w, si tout Pasteur et predicateur sa yo gen kontra avek le diable! Tout lajan manman m pase nan shalommmmmm! Men li mouri dimanche pase more »

Reply   ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti Levanjil - "Si Papa-m se Roi, Fok mwen Prince" - Ki opinion ou sou sa? edit

» »