Haiti Internet Service - NATCOM Parese Anpil nan Bay Sevis, yo Refize Banm Sevis, Poukisa?

Haiti - Konpayi NATCOM parese anpil nan zafè bay moun sèvis... Kijan ou konprann bagay saa? NATCOM depanse yon paket lajan pou fe Fibre Optik rantre nan ville Hinche, epi yo derefize kouri fil andedan vil la pou bay nouvo kilyan yo sevis Internet nan kay, Fiber To The Home (FTTH)...

Chak fwa ou ale nan NATCOM, yo di-w konsa se YON SEL switch ki genyen nan tout vil la pou konekte moun, YON SEL SWITCH? Wi... Se la pou yo konekte tout moun, epi kouri yon fil 400 mèt rive lakay ou, si ou pi lwen ke 400 mèt la ou chire...

Alo CONATEL, Alo CONATEL, Komsi pa gen anyen ou kapab fe pou fòse konpayi sa yo simen bon sèvis internet andedan vil yo korekteman pou tout moun jwenn???

Gouvènman an ap plede di "Haiti is Open for Business" epi 2 bagay ki pi enpotan pou biznis foksyone nan moman an, ki se Internet Access ak Electricite, Biznisman Haiti se nan CHALIMO yo ap rale sa nan peyi a??? Kèt mesye!!!

Sa ki pi enèrvan an, lajan ou nan pòch ou epi w-ap soufri...

NATCOM di zòt genyen "4 G Pete" epi yo pa ka bay yon kliyan sès nan yon ti vil tou piti tankou Hinche, yon sevis internet ki DEJA nan vil la, pou ou oblije ap tann, ou oblije ap souprye, ou oblije ap mete ajenou, ap di tanpri souple pandan ke LAJAN ou nen men ou epi ou paka jwenn sevis ke ou bezwen an...

NATCOM, leve pye-w non monchè...

N-ap plede di Yon ayiti yon rezo, Sispan pale, Travay, kouri fil nan vil Hinche pou nou mete konekte kliyan sou rezo a...

Konbyen nan nou kliyan Haiti ki chita ap tann Sevis Internet lakay yo epi NATCOM pa janm ka delivre...

Se espre NATCOM fè oubyen oswa se lajan yo ki kont yo pa vle bay moun sèvis?

Kite yon mesaj

Write a comment   |   Read 1 Comment

Read more: Natcom, Internet Access, Internet Service Providers, Haitian Technology News, Business

You might also like

Haiti Confessions : I Get Paid to Burn Tires and Protest in Haiti

Haiti Elections - Campaigning Starts But CEP Said Nothing About It...

Haiti President Martelly Godfather Dies in South Florida

Return to Articles List

Responses

Didi says...

Se menm bagay la tou ki pase mwen lèm te fè demand menm sevis FTTH man ville Petit Goave. Kay mwen a 6 mn de marche de Natcom. Yo dim more »

Reply   ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti Internet Service - NATCOM Parese Anpil nan Bay Sevis, yo Refize Banm Sevis, Poukisa? edit

» »