Fanm Haitienne yo Lòt Nivo... Respè Pou Nou...

Medam Haitienne yo, respè pou nou... Mwen kwaze ak yon fanm Haitienne sou wout mwen ki fè-m renouvle respè mwen genyen pou tout Fanm Haitenne yo... Respè pou nou tout... Istwa-m pral katonte nou la-a, se yon ti istwa byen senp men ki vle di anpil bagay... Tande...

Chak maten, mwen leve byen bonè pou-m al fè yon ti mache...

Nan wout mwen, mwen pase devan yon teren ki genyen yon ti kay an bwa, nan ti kay sa-a genyen yon Haitien (jeran tè-a), madan-m li ak yon ti pitit fi ki ap viv sou li...

Preske chak maten, mwen wè dam la ak yon souri nan lèv li ki ap kondwi mari li rive jouk devan baryè-a. Li kenbe yon ti bwat a lunch mari-a nan men li, yo rive devan baryè-a, yon ti pale, yon ti souri, yon ti bo, li bay mari-a ti bwat a lunch la. epi misye pran lari...

Si-w wè jan misye kontan... San mwen pa exzajere, nèg la genyen yon kontantman ke milionè pa ka ashte...

Ou ka rele-m tripòt si-w vle, men chak fwa mwen pral rive nan zòn kote ti kay la ye-a, si-m poko wè yo, mwen fè yon ti ralanti... LOL... Se pa sèl yo menm ki kontan non, mwen kontan tou lè-m wè yo. Yo fè-m anvi damou ankò, yo fè-m realize ke se pa lajan ki pi enpòtan nan lavi-a... Yo fè-m realize tou ke ou ka kontan nan nenpòt sitiyasyon ke ou trouve-w... Depi-w vle...

Oshan pou tout Fanm Haitienne yo ki bay mari yo motivation ak lakontantman chak jou Bondye mete avan yo al bat lari-a

Kisa-w panse de sa?

Kite yon mesaj

Write a comment   |   Read 9 Comments

Read more: Haitian Gossip, Haitian Family

You might also like

My Laptop, My phone is OBSOLETE... But I just bought it...

Vraie ou Faux? - Tout problèm Haitien Genyen, se PREZIDAN-an dirèk li mande vinn pote-l sekou...

Return to Articles List

Responses

Genese says...

Istwa bel anpil pandan map li metem nan menm ambians lan.Map mande pafwa sise pa teknologi a ki trop avanse ki vini fe impact sou more »

Reply   ... More

Marie Elie says...

Mwen pat we yo, men lem map li istwa-a mwen souri tou. vraiman mwen rinmin li, mwen rinmin le yon couple ap bien viv menm le yo pa gen anpil more »

Reply   ... More

Sherly says...

It's nice to hear stories like more »

Reply   ... More

Patrick Princivil says...

Sa depan nan sa'l kwè-a si satan avec mové ange te parèt devan l'home tankou lion pou'l dévoré yo ki yès ki more »

Reply   ... More

Rene says...

la konprehansyon se yon eleman ki rann lavi fasil, men fok li tou de kote menm le lavi a te di tankou rosh, avek konprehansyon, li vinn mou, li more »

Reply   ... More

Maryse says...

wawwwwwwwwwwww une belle histoire j aimerais trouver un homme qui m adore aussi comme cette femme adore son mari mais ou je vis cet amour n more »

Reply   ... More

Rich Crown says...

Bagay serye, Ti istwa saa telman fem kontan, E banm espwa, mwen manke fe yon sel kole tounen al viv nan peyi-m, lolll... men se lem fe more »

Reply   ... More

Garry Destin says...

It is a beautiful more »

Reply   ... More

Rudgery says...

Se gwo zafe, menm mwen menm kap li ti istwa-a, li fe m kontan anpil. Ke kontan, oubyen la jwa, Sa pa vann nan famasi. Chak moun kap viv ta dwe more »

Reply   ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Fanm Haitienne yo Lot Nivo... Respe Pou Nou... edit

» »