Dyab pa bay lajan an Haiti... Se Travay di ak peseverans
Manual Labor in Haiti - Carrying rice bags for a living
Mwen panse mwen konnen ki sak fè sa...
Kite-m rakonte w yon istwa ...
Gen yon dam mwen konnen ki genyen yon gwo biznis distribisyon manje an Ayiti. chak jou, gen yon paket jenn gason ki aliyen la... Yo pare pou yo pote 4 a 5 sak diri, yon sèl kou, sou zo bwa kou yo tout lajounen, rantre soti nan biznis li, monte desann, kamyon aprè kamyon, tout kalite machandiz.
Pa gen pyès moun ki edike k-ap fe bagay konsa, pa vre? Pa gen bagay konsa...
Yon apremidi, mwen temwen yonn nan ti mesye yo ki remet dam la tout salè li pou jounen-an, petèt ak lòt ti kob ki te nan posh li, an echanj pou yon sak diri.
"O O... Li ashte sak diri sa-a nan men-w?" mwen mande dam la.
"Mè wi," li te reponn, "Li ak Madanm li, yo fè kòmanse yon ti biznis pwovizyon alimantè. So, tout ti kòb li touche nan lakou a, li sèvi avèk li pou ranpli ti biznis la."
Men kisa ki pral pase...
Nan dizan, tout moun ki te konnen li lè li t-ap pote sak sou tèt li andedan SHODECOSA ap di-w "Se nan dyab li fe lajan-an... se sak fe li vinn gen kob..."
Tout bon?
Se pa djab ki bay moun lajan an Haiti... Se jis ou menm ki pa we yo le y-ap monte... Se le yo double-w nan chemin lavi-a, ou komanse cheche eksplikasyon bay tèt ou...
Ou di se dyab... Se sa ki pi fasil pou-w di...
Mwen pale ak anpil moun ki tavay di pou yo rive an ayiti... Sèl dyab yo konnen, se dyab travay di, tout lajounen, tout lannwit, pandan la sosyete ap ap regle zafè sosyal yo.
Si se dyab sa-a ki bay lajan ak siksè nan lavi-a, mwen swete ou aprann konnen li.
M-ale...
Kite yon kòmantè, di-m kisa ou panse...
You might also like
- JetBlue flights to Port-au-Prince Haiti now on sale
- Getting out of China, An Opportunity for Haiti
- Moving Back To Haiti - I Did It...
All Comments (6)
dyab pa bail anyen paske dyab pa gen anyen.
Au contraire la bib la di nou dyab la vini pou'l detrui, volé, et tué.
Sèl bagaye ke dyab ka bail sé manti, desepsion, faux espoa.
Moin kontan li ti istwa'w la. Nou ta supoze konnin istwa fre ak se nou yo byen. Antouka, le nou tande moun ap di peuple la lazy an Haiti, di yo pou pi fo ladan yo se konnen yo pa konnen.
Cheche konnin
That's true. I've never seen anybody work harder than the Haitien people.
They mean business.
But the sad part is most of them will die in
Dyab ki travail du rekonpanse nan n'import peyi, nan n'importe langage OK?
Hubert Gerisma ki diw sa.
Mwen la a l'etranger, mwen ladan-l tou
Peuple Haïtien,
pou ki sa nou obligé ap fè dyab la pété nan figure nou?
pou ki nou bay dyab la plus valé ké BonDieu avec docteurs yo?
Mwen te konn toujou tande an Ayiti...
moun ki gen kob, se vann yo vann pitit yo bay djab, oubyen yo vann tet yo bay djab pou yo gen lajan pandan dizan.
Kon dizan rive, djab la vinn touché; li touye yo.
Hot Haiti Topics
Haiti Photo Stories
New Haiti Topics
Recently Updated Content
Leave a Reply
Name (required) E-mail (required, will not be published)» »