Old Haiti Kitchen

Haiti - Yon Chodyè sou 3 Pye Difé

Haiti - Yon Chodyè sou 3 Pye Difé

Gade photo saa... Lè ou ale andeyò an Haiti, ou rantre nan lakizinn lan, wa-p remake 3 wòsh kòt a kòt nan mitan kizinn la, 3 wòsh sa yo rele "3 Pye Difé," LOL... Si-w gen chans menm, ou ka jwen yon gwo chodyè chita sou tèt 3 pye difé sa yo ak kichòy ki ap kwit andedan li... Andeyo, yo rele sa "Lamanjay"

Ayayay...

Mwen konnen ke le monde chanje a konyea a moun lavil ki eklere se fou ak gas propane yo itilize, sa ki trè bon men... mwen pap ba-w manti... Lè ou wè mwen chita nan yon ti kizin andeyò, lafimen prèt pou fè-m kriye, map tann lamanjay la, mwen santi yon bagay andedan fon kè mwen ke mwen pa kapab eksplike.

Yon gwo remèsiman pou moun ki te avè-m nan kizinn la jou saa... :)

Kisa ki pase nan tèt ou lè w-ap gade photo saa?

Pataje li avek nou

Kite yon mesaj

Permalink | Comments