Philippe Bourciquot - La Police Florida Arete misye pou Ponzi Scheme li t-ap fè sou do Haitien

Philippe Bourciquot - La Police Florida Arete misye pou Ponzi Scheme li t-ap fè sou do Haitien

Tande sa... La Police poze la pat sou Philippe Bourciquot, yon Haitien nan Lake Worth Florida, poutet yon ponzi scheme li tap fè sou do Haitien nan kominote a... Anpil Haitien pedi lajan yo pandan ke misye tap byen viv sou do yo sou preteks li tap envesti lajan pou yo...

Bourciquot te vize ayisyen-Ameriken ki pat gen top konesans nan zafè finans. atravè yon station radio lokal ak nan legliz li a, li te pwomèt yo pou li envesti lajan yo nan stock market ak yon 8 pousan enterè chak mwa. Olye de sa li te itilize lajan pou li byen viv epi peye envestisè anvan yo.

Se sa ki rete nan lang anglè yon Ponzi Scheme...

Li plis siy Palm Beach Post ak sou Miami News Times

Ou konnen misye? ou se yon viktim se sa misye tap fè?

Di nou... Kite yon mesaj...

Read more about Haiti Diaspora News, Haitian Diaspora, Newsletter, Philippe Bourciquot, Haiti Photo Stories

Write a comment  (10)

Return to List...

All Comments (10)

Jj says...

James Leger met Radio Vision Nouvel la manje plis pase 1/2 milyon nan 3.1 milyon Bousico vole a. Kounye misye telman wont li oblije di moun yo pa al fe plent lap remet kob la.E si yon moun pa al fe plent, ou pap jwenn kob pa w la, gadon pwoblem, pwoblem pap

Reply  ... More

Michelle says...

Yap pran yo youn apre lot. Konnye ya se Alfoncia Lafrance ki rete, pou tout lajan moun li te manje pou paket te yo te achte nan men'l yo. Et tout lot vole kap kase ponyet aisyen kap travay du nan komunote

Reply  ... More

Mw Content says...

Se consa gin jean jacques snider ki nan miami kap fe meme bagay sa mw te siuhete yo met main sou li

Reply  ... More

Elisson says...

Mwen fwa sa haitien ap pran min yo suspan kite mafia piye yo mwen kon tande mesie sa sou radio mwen di me yon lot anko pran min nou haitien travay isi tro di pou nap mimi manje lajan

Reply  ... More

Marie says...

Se pa ti eklere'!!! Kounye a se Ponzi scheme! Gade' groseur vent li..

Gra sou do moun yo, ayitien pap kite' pareseux! Yo pa vle we travaille du pou yo rive'! Se kase' ponyette moun ban San Gwen. San pudeure! San ront! Vin montre derrière yo nan peyi moun

Reply  ... More

Carolechery says...

Moin ka dit la police merci ampil bon

Reply  ... More

Reginal Silne says...

jan misye pale sou vision nouvelle mwen manke al bay kob mwen tet

Reply  ... More

Lucien says...

Jan neg sa gen bouch dou le lap pale jan li bay bon entere ! mwen manke antre nan stock maket vakabon sa wi li si telman ap pale de legliz c moun Bondye li ye c la li trope anpil moun tet

Reply  ... More

Jsb says...

Koumanman se pa de radio non kite a fe reclam pou bourciquot li sanble li te konn peye radioman sa yo anpil lajan anpil nan mesye radio sa yo fe yon bel

Reply  ... More

Jnc says...

Se LA vie saw fe'se Li

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Philippe Bourciquot - La Police Florida Arete misye pou Ponzi Scheme li t-ap fè sou do Haitien edit

» »