Sak fe mwen sou moun e mwen eclere se paske mwen li jounal...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 6286

Sak fe mwen sou moun e mwen eclere se paske mwen li jounal avec Histwa Haiti.Map comanse avec yon parol chef diplomat Ameriken Hilary Clinton te di .Sa sa vle di pou ou an tan ke Ayisyen?

Pou mwen tout neg peyi Haiti nan sa ke yo rele corupsyon, kit li se gouveneman ou bien sa ke yo rele ONG, Organizasyon popule, pati politic, societe civil, paste e ot.tout nan vole sou do pep. Histwa di mwen Toussaint te batay nan can Espagnol yo e nan can France yo pou te pemet esclav yo te vin lib nan tout peyi ya.mwen kwe osi Toussaint te connen conbien Indiens ou aboriginals Espagnol te touye nan peyi ki te 9 milion e li konnen sa ki ta pral pase avec neg noir yo tou, si yo pa batay pou pran libete yo.Apre li fini gen batay sa avec tout heros nou yo, yo proclame peyi Haiti lib e yo fe lwa pou peyi ya e yo di nan lwa sa yo moun sa yo pa gen dwa pile sol Haiti avec zam nan men yo.Nou viole tout lwa sa yo e se sa ki fe neg sa yo vini avec tout sot de organizasyon pou maske pep la, bagay ki pa menm ecziste nan peyi yo pou voye al ramase kob ke yo prete Haiti pou developman ke yal pran anko san ke yo pa fe anyen.

Ancien President USA Bill Clinton Mande pep Haiti excuze pou sa li te fe peyi Haiti duran tan li a mwen trouve se yon moun Honet ke li ye mwen ta swete lot yo ki fe peyi mal tou yo paret pou yo mande padon tou, sa ki te vole yo pou pote lajan sa yo tounen.

Sa ou we chef diplomat Ameriken yan di ya pral fet. Haiti pral gen yon Toussaint Louverture, li deja pami nou li pral fe yon revolusyon economic, lap fe la lwa respecte kit li se Ayisyen ou etranje, lwa ki te siyen nan convansyon Genev yo pral respecte, diplomat yo le yo gen yon bagay pou di yap pale li avec prezidan sa se pa nan radio ou la pres yo pral pale, paske yo konnen se sel nan peyi Haiti yo fe sa pa gen lot peyi o mond yo fe sa.menm declarasyon Indepandans peyi ya di blan yo pa gen dwa sa sou Haiti.

Se pou sa ki fe nou peye menm apre Indepandans peyi.Mwen kwe apre tout bagay sa yo moun nan pral paret, lap mete anpil neg nan prizon, sa ki viole lwa intenasyonal pral juje pou zac yo te comet nan peyi Haiti.

ancien prezidan yo ki te vole kob an Haiti ap tounen pou juje an Haiti.

Sa ki nan peyi ya ap juje toue mwen kwe pep ayisyen pral delivre avec moun sa.kob yo di Peyi ya dwe yo tout moun pral vin avec caye yo pou yo montre ki kote kob sa depanse, paske an contabilite tout bagay ecri a mwen ke contabilite Haiti diferan de lot peyi.Gen je kap gade nou e yap pran not de toute sa kap fet

Sergo Jean, November 15 2010, 9:53 PM

REPLY   Next >

 

Topic: ALERT!!! All Hospitals in Port-au-Prince Are Overflowing With Cholera Patients

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

11 - 14 of 14 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »
Sak fe mwen sou moun e mwen eclere se paske mwen li jounal avec Histwa Haiti.Map comanse avec yon parol chef diplomat Ameriken Hilary Clinton te... read more >
Sergo Jean, 15-Nov-10 9:53 pm
sa ou di a vreman different avek sa mwen menm mwen tap dia. dailleur oupa fe pyes moun konfyans, ou pa janm konnen ki moun kap fe pou peyia vremant... read more >
Judith, 16-Nov-10 8:40 am
Mwen konprann ou kounie ya foc nou pale epi foc nou ka explike youn lot sa nou vle di le nou pale,se sa yo rele libete ke ancet nou yo te mouri kite... read more >
Sergo Jean, 16-Nov-10 9:42 pm
11 - 14 of 14 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »

 

< Previous | Home | Next >