Rekonstri peyi Dayiti.

< Previous | Home | Next >

Mwen panse pou yon peyi ta rekonstri li bezwen dabo yon plan .plan sa ta dwe defini ki jan de peyi ni vle nan futu.yon gren mounn pap ka fe li pou kont li pou sa, nou tout tap bezwen mete tet nou ansanm, pou defini plan sa. premye man peyi bezwen dabo retounen nan jan ke li te ye avan avek 2 ou 3 pati politik selman rekonet pa pep Ayisyen.nan sa ki konsene justis se pep la ki ta dwe chwazi juj nan eleksyon ki fet pou mounn sa yo.kou kasasyon pa ta gen dwa pou ranplase prezidan peyi a an ka absans prezidan.

se prezidan chanm sena ki pou ta ranplase li ou byen chanm depute ya.peyi Dayiti pa bezwen premye minis paske sa pa janm bay rezulta, nan plas lia nou bezwen yon vis prezidan.chak majistra ta dwe nan tet la police nan prop vil yo e se mounn nan prop vil yo, pou yo ta chwazi pou sevi nan vil la. palman dwe gen prop ko police li, prezidan peyi dwe gen gad pa li.nan zafe sikulasyon nou dwe gen juj pou sikulasyon.chak provens yo dwe gen prop fason yo jere zafe yo.tout kob provens yo fe dwe rete nan vil la, pou prop developman yo. prezidan ka mande provens yo pou peye yon tax sou kob yo fe yo pou peye det peyi a. kazek avek azek yo dwe fe lwa ansanm avek magistra pou prop vil yo, e menm vote kantite kob meri ya bezwen chak ane. ranplase tout delege yo kom gouvene pou yo ka al cheche kontra travay pou vil yo responsab yo.yo tout dwe pase nan eleksyon .an ka ou yon depute ou byen yon senate desede li gen pouvoi pou chwazi yon mounn nan pati politik moun sa pou ranplase li.chak vil provens yo ta dwe gen yon santral biwo gouveneman yo responsab anka ou ta gen yon bagay ki pase kouwe 12 Janvye.biwo sosyal ta dwe fonksyone pou tout mounn ki aje avek timounn piti. moun kap travay ta dwe peye yon ti kob pou loske yo vinn age yo ka jwen li pou reponn a bezwen yo.tout asyen kelke soi kote yo ye ta dwe patisipe nan tout bagay kap fet nan peyi yo, vote,peye yon ti tax sou sa ke yo genyen, chak ane. pandan ke yap ka jwe tout dwa politik yo nan societe ayisyenne nan san exclusyon.

libete parol nan tout biwo leta ke ou se manb de lot pati politik ki pa nan pouvoi.tout mounn gen dwa pou travay kelkesoi pati politik ke ou afekte, paske nou tout se Ayisyen nou ye. epi leta dwe fonksyone san melange avek group malfekte .Chak vil provens ta dwe gen yon juj kou kasasyon ki soti ladan.

ki ap vinn bawou hot kou de justis an Ayiti.juj pep la vote nan eleksyon yo pral gen dwa pou pouswiv ninpot mounn ki fe yon zak malonet nan gouveneman an Ayiti, menm Prezidan peyi a pa ekate.

Sergo Jean, August 28 2010, 10:09 PM

REPLY   Next >

 

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >