Yes!!! RESTAVEK SE MENM AK ESKLAVAJ!!!

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 2463

M'SYE LANBASADE RAYMOND JOSEPH,
Mwen sezi le'm li repons ou bay ABC's sou atik: " RESTAVEK SE REVE ESKLAVAJ".

Poukisa?

An nou resisite Mr. Maurice SIXTO nan " Ti Sentaniz " san nou pa ale pilwen, mwen ta renmen ou di'm san blof, si se pat yon ti esklav lakay pwofese kap li tout lajounen nan gwo liv la san l pa janm we non ti Sentaniz.

Sa ou panse, M'sye Lanbasade.

Ou pakwe li pi saj pou aksepte verite ya toutouni janliye ya epi poun goumen ak fos reyaksyone yo, kidnape ki te kidnape Prezidan Pep la,( Dr. Jean Bertrand ARISTIDE ) pou tet
li te gen yon sel REV tankou Dr. Marthin L. KING Jr. ki se: " Fe pitit Soyet ak Fre Yis yo jwen yon plas honorab nan sosyete gwo vale piti sa a ki genyen nan peyi nou.
Laverite ya blese se vre men fok nou pa wont pou nou aksepte l pou sa liye ya.
Le woch nan dlo va konn doule woch nan soley.

Le moun ki di yo saveyo va anfen we se nomal pou neg andeyo wa, neg gwo zotey yo dwe chita menm kote ak neg lavil, Le bourik va sispann travay pou chwal gariyonnen, Le sa a, e Le sa a SELMAN RESTAVEK va KABA. Depi RESTAVEK KABA PAP GEN ESKLAVAJ DITOU anko.
Jou, LIBETE, EGALITE, FRATENITE va reyelteman egziste nan peyi nou, lavi ya va bel, ma gade w nan je wa gade m nan je.

Ma souri ba ou wa souri ba mwen, nou va bay youn lot gwo akolad olye se koupe zeb anba piye fre ya paske li pa menm fanmi

ake ou.
Se derespektan M'sye Lanbasade, le kolon wan ap machande yon ti moun pou $ 50.00, $ 100.00, $ 150.00 ou pakwe se ou menm avek mwen ke lap betize.

Men si nou te fe yon chenn solidarite antrenou, se radiyes ki ta kenbel pou l vin fe yon tel derespektan.

Nou dwe leve defi ya. Pou nou leve defiya se yon sel solisyon nou genyen: TET ANSANM.

Kit ou te tiwouj osnon tinwe, rich ou pov, save osnon dejepeteklere.

Makout ou Lavalas, GNBIS /Ratpak...,Milite kou sivil.

diaspora osnon Ayisiyen lakay.

Se sel " L'UNION " ki pou fe lot nasyon sispan betize nou. Kanpe dret doubout pou ou frape pye sou PIYAJE yo ki fin souse tout san tout mouwel mannan Haiti si ou kwe nou pap: BACK UP ".

Fe djob ou. jwet pou ou.

Pierre D. Guerrier, January 22 2009, 7:18 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti Ambassador Raymond Joseph Speaks Out

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

1 - 10 of 12 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »
M'SYE LANBASADE RAYMOND JOSEPH, Mwen sezi le'm li repons ou bay ABC's sou atik : " RESTAVEK SE REVE ESKLAVAJ". Poukisa? An nou resisite Mr. Maurice... read more >
Pierre D. Guerrier, 22-Jan-09 7:18 pm
Well guess what? they are the same thing. RESTAVEk and slave. Your job is not to say that they are not the same thing, Ok, your job is to stop it... read more >
Ginoue, 23-Jan-09 10:22 am
It is shameful that the government of Haiti still allow this stuff to happen. Mr. Joseph please don't make excuses or try to give it a new... read more >
Yvette, 23-Jan-09 2:47 pm
We must agree with the Ambassador Raymond Joseph that all newspaper print out must be factual. However, the practice of 'Restavek' or name calling... read more >
Mireille De Bordes Jean-marie, 24-Jan-09 1:02 pm
Konfwe mwen, pa ken anyen mwen ka ajoute nan sa wou di la yo. Yon sel bagay Ambassade ya se paket li la pe fe pou lale, Li te chita kont li nan... read more >
Charlot Charlemagne, 1-Feb-09 8:35 pm
Dear sister Rete-avek is Slavery. Slave :one bond in soumission to a person or house as an instrument of labor. Like Neo-liberalism. I respect your... read more >
Charlot Charlemagne, 1-Feb-09 8:40 pm
Yes, sister Yvette, Ginoue, Konfrere Pierre Guerrier and those of Solidarity International. You are right! It is true that many Haitians until now... read more >
Charlot Charlemagne, 1-Feb-09 8:54 pm
I read the book, but WE, Haitians have to do what is right for our motherland. Remember Mr. Rangel Charles B. is a Politician. He thinks, walks... read more >
Charlot Charlemagne, 2-Feb-09 11:36 am
I have heard ambassador several times on CNN. When asked about the orphanage population, he claims he doesn't know how many orphanages there are or... read more >
Karen Hemerick, 18-Jan-10 6:11 pm
RESTAVEK SOU ARISTID SE ESKLAV RESTAVAK SOU PREVAL SE AFRANCHI REMON JOSEF GEN ON DEFINISYON POU GOUVENMAN KI BAL JOB E ON DEFINISYON POU GOUVENMAN... read more >
Napveyeyo, 2-Mar-10 3:09 am
1 - 10 of 12 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »

 

< Previous | Home | Next >