Nèg paka di kém twò négatif! Dat...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 17541

Nèg paka di kém twò négatif!

Dat politisyen rabi tap trennen péyi Dayiti nan kaka?

Sak fè yo pa kontinyé?

Mwen viré paj istwa péyi Dayiti, koté polis Ayisyen yo té kòmansé ap maché ak fouk pantalon inifòm polis yo krévé nan lari a, gadé kòman figi yo fré jodi a?

Pifò moun riche yo pa konnen li byen, ni ékri, dépi yo konnen konté lajan sou dwèt yo, épi sé makèt yo yal ouvè.

Tandiské tout sak gen bon édikasyon yo paka viv nan péyi Dayiti, épi pou sé viza yap ranmasé pou yal manjé mizè nan péyi Chili, Brézil, sen Domeng etc. Malgré sa, sé pousa fini, sa ap vini.

Si prézidan ap blanchi lajan; pasé poum ta rété atè a, mwen tap préfé al van'n krak ak mayigwama; menm si mwen pa ta kamanyen kokayi'n ak éroyi'n. Pèp Ayisyen pa oblijé rété atè; sé pou yal van dwòg pou yo ka sòti nan labou santi sa a. Byen ké mwen pap tranpé menm nan pwazon sa yo ankò.

kounyé a mwen pap fout pran yo ankò, men pou lòd: si sé pat pou tèt Jézi mwen tap fout fouré tèt mwen nan van dwòg, tan poum tap trenen atè a konsa.

Dabò: lè jou fèt yo rivé, mwen pa nan fété fèt valantin, mwen pa menm sonjé ni jou fèt pam, ni madanm mwen, ni pitit mwen yo. Mwen pa fout gen tan pou radòt.

Apa PHTK chwazi koulè woz la; dépi gason nan mété rad woz sou yo, sé yon mové si'n, mwen pa nan kolépré ak moun sa yo.

An nou sispan voté pou voryen ak kokorat.

Dabò vyé lèt nan bwat sa yo sé pwazon yo é, nou pa konnen ki valè malpwòpté yap fè nou bwè.

Chokola menm, fò sé mwen ki pou ta planté kakao pou kont mwen.

Si nasyon yo ka ouvè faktori diri plastik, chou plastik, fo zé etc. Kisa yo pap fè?

Patrick Princivil, February 14 2017, 4:19 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti - Pour la St Valentin, Madanm mande m BON Chokola Kreyol

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Neg paka di kem two negatif! Dat politisyen rabi tap trennen peyi Dayiti nan kaka? Sak fe yo pa kontinye? Mwen vire paj istwa peyi Dayiti, kote... read more >
Patrick Princivil, 14-Feb-17 4:19 pm
Mwen pa pander anyen paske St Valentin Dee fete chak koi depi Bonnie fe ou gras ou leve se pou ou madam ou me ou renmen li alo se pa sel 14 Fevrier... read more >
Gabart Leneus, 15-Feb-17 10:31 am
Chak peyi fete St-Valentin yo jan pa"w yo! chokola Ayisien pi gou c li mwen renmen.Malerezeman mwen pa la poum ta jwen jan de kado sa.si nou vann... read more >
Marthe Jean-baptiste, 20-Mar-17 3:01 am

 

< Previous | Home | Next >