Ban-n égaré! Nou rélé sa mov&#233...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 17230

Ban-n égaré!

Nou rélé sa mové nouvèl paské nou avèg, oswa nap dòmi, sé sak fè nou pa konpran riz dyab la: nou pa wè sé pè Sodòm ap fè nou pè poul ka pran nou nan zèv gason a gason; fanm a fanm nan. Si nou té konpran pwofési bonDyé nou tap konpran kapris zwazo méchan yo pi byen, Répanti, péché méchan yo santi chawonj nan nen bonDyé.

Satan ak mové zanj yo pa anyen.

Men mézanmi!

Pou dat bib la di nan Révélasyon ak Danyèl sak gen pou rivé; nou tandé palé de mak bèt la ki 666, sèlman si nou kité jou baré nou babylòn ap mété so bèt la nan fron nou ak sou men nou; mwen palé nou sou palé nou, nou pa vlé kouté, piga di mwen pat avèti nou; mwen menm pran pòz politisyenm jis poum ka rapé nanm nou nan grif ti satan ak mové zanj yo.

Nou pa bézwen pè Sodom ak Ghomorre; nonm poun ta pè a sé Jézi de Nazarèt, li pa méchan tankou satan ak mové zanj yo ak ni sanpwèl, ni vodouyizan, ni baka, ni ougan, ni manbo, ni masonlòj, ni lougawou, ni bizango, ni malfèktè kap fè mal yo.

Si satan ak mové zanj yo, mété Sodom ak Ghomorre té ka bloké nou poun pa sové nanm nou, bonDyé nan syèl la pa tap menm kité pil mal pwòpté sa yo nan mitan nou pou toumanté nou konsa; an nou najé poun soti.

Tout sa Sodom ap fè la yo sé bri sapat.

Sa pa déranjém sil fèmen tout bank ki gen sou latè, bib di: talè konsa lajan pap sèvi anyen.

Menmké Sodom ak Ghomorre fèmen tout bank ki gen sou latè, nou paka alé nan lanfè pousa.

Dabò sé yon pakèt dola san pwovizyon ké Sodom ak Ghomorre ap pasé: la Chine té gen tan dékouvri kamonflay yo, sa fè lontan.

Pa gen lajan nan kès yo vré, sé fo chèk ak fo dola ké Sodom ak Ghomorre ap pasé pou kraponnen moun.

An nou volé gagè kont tout sak pa bon poun sèvi bonDyé.

Piga ri mwen si nou ta wèm mouri pou lévanjil bonDyé a. Kriminèl yo té tiyé Jézi, épi aprè 3 jou li té monté nan syèl al jwen papa li ki nan syèl. Dabò li té di tout moun ké sa ta pwal rivé, avanl té mouri.

Dépim té fèk konvèti mwen té asisté lanmò Jézi nan film, yo té koupé tèt Jean Baptiste avan Jézi, kriminèl yo té siyé pwofèt Jérémie a tout yon pyé bwa, yo té klouré apotre Pierre tèt anba, yo té krazé apotre Paul, yo té asasiné yon pakèt pwofèt, gadé sa ban-n Arab yo ap fè nan ( middle East), pansé a Iraq, la Sirie! An nou sispan tout vyé zèv kanibal yo poun résévwa puisans bonDyé.

Pa pè Sodom ak Ghomorre, menm ké yo tiyé nou pa pakèt yo pap ka détwi nanm nou, talè bonDyé pwal manyen manm yo.

An nou pa pè yo, tout sa yap fè la a sé bri sapat.

An nou kité Sodom ak Ghomorre alé nan lafè a poukont yo. Kèlké swa nou déja tiyé 10 millions moun, pran anbasad Jézi a poul ka éfasé péché yo pou nou sou òdinatè li.

An nou di: o révwa Sodòm; o révwa, satan; o révwa movézanj yo.

Ti koko-rat sa yo paka fè nou anyen si nou répanti; an nou kité Jézi najé avèk nou poun soti.

Patrick Princivil, July 20 2016, 2:08 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haitian banks risk being dropped by their correspondent US banks

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Ban-n egare! Nou rele sa move nouvel paske nou aveg, oswa nap domi, se sak fe nou pa konpran riz dyab la: nou pa we se pe Sodom ap fe nou pe poul ka... read more >
Patrick Princivil, 20-Jul-16 2:08 pm

 

< Previous | Home | Next >