Aktyèlman mwen la byen rèd tankou yon ké makak...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 17214

Aktyèlman mwen la byen rèd tankou yon ké makak poum édé moun soti nan frustasyon.

Menmjan map édé politisyen yo soti nan frustrasyon ké yo yé a.

Ou kwè radyo Métropole fè réklam pou konpayi SMC
44 Route Tabarre, port au prince
36 56 77 77;
29 45 77 77;
33 30 77 77;

Janm konpran-n pwoblèm nan: janw palé la a genlè sé Seng Domeng kéw té acheté génératrice sa a, épiw péyé $ 100 Amériken pou voyél al réparé Seng Domeng.

1.) Valè génératrice ki gen pou van-n Ayiti?

2.) Sa a sé yon bagay ké Ayisyen ki andédan péyi Dayi ka fè
3.) Tout pwodui dwé gen garanti sou li, sa dépan de kilèw achetél la.

Monchè, oswa machè!

Sé woumenm ki fouyé twou a, épiw antéré tèt ou ladan.

Sé bagay sa yo ex-présidan Martelly tap palé a.

An nou acheté pwodui an Ayiti yo, sé sak fè malè sa a rivéw.

Si génératrice sa a tou nèf, ou ta dwé an mézi pou poté génératrice sa tounen.

bay mèt magazen sa a pou yo rémèt ou lajanw, oswa chanjé génératris sa a pa yon loòt génératrice.

Mwen ankourajéw tou, kèlkéswa kotéw acheté yon bagay, dépi sé yon bagay kéw acheté, fè sur kéw péyé asirans sou li pou 1ams é plis, dékwa ké si sa pa fè afèw pou ka potél tounen, oswa pou fè ranjél bawou san graté tèt. Avantaj wap genyen siw achetél andédan péyi Dayiti! Ou pap nan péyé gwo transpò pou voyél al réparé nan péyi étranjé, paské lajan pou voyél al réparé a pap soti sou do konpayi kéw achetél la.

Dènyé konsèy kém bawou! Pa janm acheté bagay sa yo nan men ti machan sou lari a, pi fò ladan yo sé vòlè; acheté zafè nou nan gwo magazen ki gen non: tèlké Digicel, CMC etc. Visyé bò lari yo ka rétiré tout trip ki andédan aprèy yo, épi yo van-n nou zo aparèy la, sou prétèks tou nèf.

Nèg sa yo si tèlman vòlè: yo dim lè nou pran chofè nan la douane pou poté zafè nou: kamyon sa yo gen doub kabine; sa vlé di ké dènyé kabine ki nan fon kamyon an gen yon pòt ké yap jis pézé yon bouton ké pòt sa a ap ouvè, épi anpil nan zafè nou ap tonbé nan dézyèm kabine sa a, nou pap menm konnen koté bagay sa yo pasé, tandiské chofè a vòlè yo ak 2 zyé nou kalé; fè atansyon ak chat mawon yo. Pa fwa ti visyé yo pandyé dèyè kamyon yo, kou kamyon an déplasé kité douane nan, sé zafè nou ké yap ralé lagé atè, épi vòlè parèy yo ap ramasé yo.

Véyé vòlè yo.

Patrick Princivil, July 13 2016, 2:42 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti - Why is a SIMPLE Repair is so Darn Complicated?

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Aktyelman mwen la byen red tankou yon ke makak poum ede moun soti nan frustasyon. Menmjan map ede politisyen yo soti nan frustrasyon ke yo ye a. Ou... read more >
Patrick Princivil, 13-Jul-16 2:42 pm

 

< Previous | Home | Next >