Banm édé nou konpran sak pasé ya! piga...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 17212

Banm édé nou konpran sak pasé ya!

piga entréprénè sa a dékourajé, pou yon moun fè yon biznis ki gen nen nan figil, sa pran anpil fòmasyon ak endikasyon.

1.) Ki biznis li yé?

èské sé mache kap fè sèvis pòm de tè, patate, mayi, tomate etc?

Réponse lan nou pa menm konnen, tandiské ka plen moun tou pré moun sa a ki ka bay sèvis sa yo épipi yo pa menm konnen, sé sak fè moun nan oblijé ap penpen-nen alé jis Seng Domeng pou dèyè moun pou fè travay la.

2.) Lè yon moun gen yon biznis, li toujou bon poun gen yon backup, omwen 2 oswa twa lòt moun ki nan konpayi a, épi ki ka fè menm travay sa a. Dabò pandan moun sa yo ap travay, fò nou kontinyé ap chaché moun ki ka fè menm travay sa a dékwa lè nou bézwen yo poun ka jwen yo. Fò konpayi yo toujou ap bay aplikasyon pou tout moun kap chaché travay yo ka jwen yon résous koté pou yal apliké pou travay.

3.) Si yon biznis pagen sit internet, facebook, email marketing etc...

biznis sa a mouri.

Jan moun yo ki gen éstasyon radyo an Ayiti trè avansé nan fè réklam sou radyo, kité misyé jis péyé nan étasyon radyo yo pou fè réklam pou biznis li ya poul wè moun ka pwal sou do pyél. Misyé ap chaché moun, sé pou misyé, itilizé radyo yo konsènan frustrasyon'l yo sou sa lap chaché a.

Moun ap plenyen ké lajan yo pa sikilé an Ayiti, si nou menm dyaspora yo, nou vlé fè yon fanmi nou kado yon pizza, oswa sal yé a an Ayiti etc. nou ta sipozé ralé téléfòn entélijan nou, oswa tablèt nou, oswa laptop nou etc. nou fè kòman nan sou sit internet komèsan kap van an Ayiti yo, épi nou ralé kat krédi nou épi nou péyé sa moun Ayiti a bézwen an, épi moun nan al jis pasé al ranmasé sal bézwen an, oswa yal fè livrézon an kay moun sa a kap viv Ayiti a; biznis yo pòv, biznis yo mizérab, kòman pou lajan yo sikilé?

Si nou pa ouvè zyé nou, lajan yo ap sikilé pwal ka vwazen, men pa antré an Ayiti.

Ayiti sa a patap yon péyi, sé pou sak fè ti jèn diaspora yo wont di moun ké yo sé Ayisyen, an nou ouvè zyé nou.

Lè nou gadé Michel Martelly ki té nan sweet micky li san ékspéyans, nan tout chat chawonj; maché désan pantalon ni, fè tout kalité tenten nan monde lan. Poun té wè ké menm sweet micky sa a té monté pantalon ni an 2010 la; pou li tal rapé pouvwa pòst prézidan an Ayiti, nan men yon pakèt san zavé ki tap mal menen péyi Dayiti, san oken diplòm, san yon certificat, san anyen nan tèt li, nan figi ex-sénatè Moise Jean Charles ak tout lòt 5 ex-sénatè ki pèsékitél pandan 4 ans yo; mété ak pati Lavalas; mété ak tout rès opozisyon an; yo kréten.

Sé la poun wè klè ké gouvernman Amériken yan (Sodom) pat gen oken réspè pou nou menm Ayisyen; yo pat gen oken réspè pou soutou gouvernman Ayisyen ki té la avan yo; pou kisa yo pa al kontinyé fè sa yo té kon fè an Ayiti jodi ya?

Si enbésil pa bay entélijan pap jwen. Pou kisa Bil Clinton ak George Bush pa kontinyé itilizé pòpèt politisyen Ayisyen pou fini ravajé ti rès résous péyi a jodi ya?

Nou bézwen édikasyon.

Zafè pou yon gouvernman ap péyé moun nan léta Ayisyen 160 gourdes pa jou, sa a paka menm bwè yon kafé.

Kay ex-prézidan kouté $ 8, 000, 000: 00 Amériken, tandiské nèg ki tap touché 160 gourdes pa jou yo paka menm acheté kilòt ak galson mété nan bouda yo, sé pa fòt prézidan Martelly, nou bézwen édikasyon; dévan ap toujou dévan. Aprè 5 ans lap tounen nan éléksyon an Ayiti é lap bat politisyen sam wè la yo byen bat nan éléksyon, menm ké li toujou nan chat chawonj li; soutou kounyé a li gen ékspéryans politik, soutou sé mòd politisyen sa yo ké gouvernman Amériken (Sodom) bezwen pou transfòmé Ayiti an Sodom ak Gomorre.

Dyab la faché tankou yon kong: o non de Jézi, tout sé bri sapat.

Devan bonDyé ak nou-menm krétyen ki gen rélasyon ak bonDyé:

Ni Satan, ni mové zanj yo, ni supè puisans, ni pope etc. tout sé yon pakèt ban-n avèg ki pa kanpé sou anyen, sé sak fè ké yap aji konsa a; tout sa yap fè la a sé bri sapat.

An nou jété nou nan la priyè bonDyé san ipokrizi poun wè sa kap pasé.

Patrick Princivil, July 12 2016, 11:34 AM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti - A Local Business in Limbo, Qualified Repair Technician moved to Brazil...

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Banm ede nou konpran sak pase ya! piga entreprene sa a dekouraje, pou yon moun fe yon biznis ki gen nen nan figil, sa pran anpil fomasyon ak... read more >
Patrick Princivil, 12-Jul-16 11:34 am

 

< Previous | Home | Next >