An nou palé bagay nou bézwen, koté autobus Jean...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 17188

An nou palé bagay nou bézwen,

koté autobus Jean Bertrand Aristide té mété sou wout yo?

Avan ti nèg plenyen pou kalité yon bagay, nou ta dwé fabriké yo nan pwòp péyi nou tou.

Dabò, chofè sa yo ké yo di kap plenyen ké autobus yo pa de bon kalité yo, mandé yo pri autobus yo tou nèf, yo pa konnen.

Mandé yo ki sakrifis ké
ex- prézidan Martelly té fè poul té rantré auto bus sa yo nan péyi a, yo pa konnen, sé plenyen! Plenyen! Plenyen!Plenyen tou tan kon moun ki miyò pasé yo.

Si yo dékouvri ké auto bus ké ex-prézidan Martelly té bay yo pa de bon kalité, sé pou yo fè kòman auto bus Japonè pa yo pou fè Ayiti kado kòm yon don, sé pa kritiké pou yap plédé kritiké san rézon, kité zo do maléré a an répo; apré gouvernman Duvalier a ki té kon parèt ak bagay ki té fè sans nan péyi a, ak Jean Bertrand Aristide ki té parèt ak jan de pwojè sa yo, ki lòt gouvernman ki té kon-nen fè yo?

anpil nan ex-prézidan sa yo, sété valé tafya ak dwòg, fimen sigarèt ak lajan léta; lévé yon pyé dèyè nan tout kwen lari yo pou yo pisé tafya ak dwòg; plen fal yo ak po poul ak piman, po kodèn, valé griyo kochon ak diri ak pwa, bavé, pisé, pété; koté yo té gen tan pou yo té wè mizè pèp?

Ti nèg ap menm plenyen pou zafè kouran an Ayiti, poutan prémyé moun ki pran ti priz kouran nan konbèlan, épi ki kotizé pou péyé ajan EDH ti monnen anba tab pou fèmen zyé yo sé yomenm, prémyé mou ki abizé léta sé yo menm. Ti nèg ap plenyen ké batri pano solèy nan pano solèy ké ex-prézidan Martelly té fè instalé yo pa bon; yo pa bon, men poukisa yo vòlè pi fò ladan yo, apre yo té konnen fini pran pòz fè maniféstasyon pasifik?

Dépi nan ginen sété toujou konsa: sé toujou lè yon mizisyen fini mouri, épi pou yap pran pòz di ké li té yon bon mizisyen.

Sé pa plédé révéyé lè cha ki dòr, si Martelly fini alé, si péyi a bézwen yon bagay sé jis achetél rémèt prézidan Privert kòm donasyon pou ayiti.

Si nou pagen anyen ki séryé nan moman sa yo poun di, an nou rété fen mwa doktòm la; pou jiskaské élksyon réfèt nan péyi pou jiskaské sak gen pou fèt la fèt.

Patrick Princivil, July 1 2016, 4:41 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti - Chofe Autobus Martelly te bay yo ap plenyen Autobus yo pa de BON Kalite

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

An nou pale bagay nou bezwen, kote autobus Jean Bertrand Aristide te mete sou wout yo? Avan ti neg plenyen pou kalite yon bagay, nou ta dwe fabrike... read more >
Patrick Princivil, 1-Jul-16 4:41 pm

 

< Previous | Home | Next >