Aktyèlman mwen kouché an kwa byen rèd tankou...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 17101

Aktyèlman mwen kouché an kwa byen rèd tankou yon ké kakak kont tout grande puisans yo ak vyé politisyen égoyis yo pou yo pa kontinyé drivé Ayiti nan farine menm jan yo tap fèl dépi 1804 rivé jodi ya ki 2016 la. Konsidérém kòm sèl défansè pou Ayiti; konsidérém kòm sèl jij pou Ayiti jodi ya; konsidérém kòm sèl konséyé pou Ayiti jodi ya; konsidérém kòm yon gren pyon pou Ayiti jodi ya. Pafwa mésaj mwen yo boulé pasé piman, lèm fwapé mwen fwapé fò, é mwen maté trè wo o non de Jézi. Men mézanmi! si yon moun gen yon klou ki lévé anba bra li, oswa bò kwis li: kòm sé la yo pousé pi souvan, pou nou-menm ki kon gen bagay sa a nou konnen kòman sa fè mal, lè klou yo poko mi poul pété, nou paka menm touchél mwen pa bézwen di nou poun ta pézél poun fè matyè yo soti ladan ni poun délivré.

Ébyen sé travay sa a map fè avèk pèp Ayisyen yan jodi ya, sim déja mété fèy sou klou a épil déja fini mi, sé kitém pézél poum rétiré matyè kap fè nou soufri ya.

Avèk 10 kòmandman bonDyé ya mwen sé sèl kòk chanté; map chouté boulèt sou énmim yo poum ka sové anpil ladan yo, pa gen wout pa bwa, sé répanti oswa yo pasé anba kout dan-no Léternel la san réfléchi. BonDyé mété 10 kòmandman li nan men nou, pi fò moun sou tè ya di ké nou pa sou la lwa ankò; mwen dakò ak sa a 100%; men gras bonDyé ya pa piyay, si nèg fè ògèy ak dézòd nèg ap pran gwo kout koko makak nan dada yo o non de Léternel.

Tout sak faché sé anbaké, ti Mari pap monté ti Mari pap désan o non de Jézi.

O non de Jézi, mwen pa pè sanpwèl, mwen pa pè masonlòj, mwen pa pè lougawou, mwen pa pè ougan, oswa bòkò, mwen pa pè manbo, mwen pa pè bizango, mwen pa pè vodouyizan; nan lang vilgè ya: mwen pa pè masisi ak madivine; mwen pa pè pwazon: lè malfèktè banm pwazon, mwen kaka pwazon yo o non de Jézi, ém pisé pwazon yo o non de Jézi. Puiské moun konnen al bwè pwazon ka Sarazen sou non lòt moun pou tiyé moun, banm vòlè kòman-n sa a nan men Satan ak mové zanj yo. O nom de Jézi: dépi yon moun banm pwazon, oswa banm dlo anpwazon-nen pou détwi lavim paské map ékzòté yo pou yo pa fè tenten! Ébyen! O non de Jézi sé pou pwazon yo tounen nan dada yo poul pété fyèl yo ak tout fanmi yo ki nan dyab la. Si yon péyi étranjé vlé édé Ayiti ak kè pwòp, béni swa Léternèl. Kèlkéswa nasyon ki konpran ké malgré tout sa gran paran yo fini fè nou menm nwa pasé nan lésklavaj épi pou pitit yo ak pitit pitit yo ap trété nou modi nwa, (fucking neger) mété souli!

Gadé!

Kòm mwen di ankò: soutou mwen wè yap vidé an Ayiti tankou fomi ki nan siwo, sanm pawè yo menm bati légliz, o mwenm ta di ké pétèt sé ka ranvwayé de Dyé.

Si yal fè byen: béniswa Léternel.

Men si yo konpran ké yal pwofité sikonstans: plichon sou yo; madichon sou yo, sé pou satan ak tout mové zanj yo krazé tout, o non de Jézi. Tout sa kap mété baryè pou Ayiti pa avansé, épi pou klas pòv la rété nan labou sé swa yo konvèti oswa tout malè rivé yo. Si yo pa konvèti sé pou satan ak tout mové zanj yo manjé tout o non de Jézi.

Mwen pa di Privert rété, mwen pa di Privert pa rété; Mwen pa di pèp la chasé Privert; mwen pa di pèp la pa chasé Privert, soutou mwen pa konnen konbyen tèt moun ké Privert ap dyab la manjé nan sakrifis dyab la chak jou, kòm mwen pa bézwen konnen yo tou, sé konsyans yo ka fè yo désidé.

Men opsyon kém bay Privert!

Sil fè yon antant ak tout politisyen yo pou mal dérasiné tout vyé éstati patou an Ayiti; baka, vyé poupé etc. nan palè nasyonal, DGI é patou an Ayiti épi tout moun dakò: map rantré an Ayiti ak gwo bòt désanlyém nan pyém, épi mwen pwal mété difé nan tout maji yo: baka Aristide, baka Duvalier, kèlkéswa dyab ki ékzisté an Ayiti: dim koté yo poum mété difé ladan yo.

Si yo pa fè sa pi vit ké posib: Dyab la ap ravajé pa yo pa pakèt, paské lè satan ak mové zanj yo prèské rivé pou yal nan lanfè avèk tout pakèt ansasen parèy yo.

(JPP) tout sa kap jwé nan légliz; tout ipokrit yo pwal kriyé sang san délè.

Mwen bouké avèti léta Ayisyen ak tout politisyen yo, épi yo pa vlé tandé.

Sa fè plis ké 5 ans map frapé sou yo san réfléchi, si yo pa banm dyab yo poum détwi pou bonDyé délivré klas pòv la sé malè yo.

Mwen palé yo épi yo pavlé kouté, an jiyè ya mwen pwal bwasé tout ti détay nou gen nan kay nou té anfèmé Kwafè ya ak tout ti Toyota 1994 la épim tounen Canada tout swit, (JPP); Sou nèg déjà vòlè prèské tout afè nou Ayiti, poukisa pou map krazé kòm poum viv nan yon vyé péyi modi konsa?

BonDyé béni nou.

Patrick Princivil, June 8 2016, 2:22 PM

REPLY   Next >

 

Topic: FLASH: Haiti - Reports of Tires Burning in front of Aristide University in Carradeux

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Aktyelman mwen kouche an kwa byen red tankou yon ke kakak kont tout grande puisans yo ak vye politisyen egoyis yo pou yo pa kontinye drive Ayiti nan... read more >
Patrick Princivil, 8-Jun-16 2:22 pm
Jah love. This is really sad and unfortunate news. I wish that these workers of iniquity would go burn tires in front of the MINUSTAH headquarters... read more >
Marie Nadine Pierre, 8-Jun-16 6:06 pm

 

< Previous | Home | Next >