Sa a pa anyen menm! Jézi té aksépté pran...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 16916

Sa a pa anyen menm!

Jézi té aksépté pran souflèt nan men kriminèl yo, yo té menm kraché nan figil épi yo té klourél sou yon cwa jiskaskél té mouri.

Jis poul sové nou anba méchansté, kidnaping ak égoyis; koté menm moun riche an Ayiti pa vlé péyé tax pou fè péyi a maché, koté moun riche yo gaspiyé la douane, EDH, CAMEP ak kèk lòt rézo léta nan péyé ti visyé anba tab pou kenbé tax léta nan zago yo, fatra prèské fini kouvri port au prince, labou santi paské ti visyé mété ak moun riche yo pou kenbé tax léta anba zago yo, péyi a pa menm gen bwat ki pou jété fatra nan péyi ya. Mwen paka kritiké Michel Martelly ak Laurent Lamothe paské 2 moun sa yo tap fè péyi ya boujé, malgré tout gaspiyay ké opozisyon ap palé.

Pwoblem nan sé pa maché prété lajan ak intérè pou dévlopman péyi a, li mèt sé 10% tax sé pou gouvernman Ayisyen yan chajé moun yo pou dévlopé péyi ya épi sé pou gouvernman an apran sèvi ak lajan ki nan péyi ya san ké yo pap nan maché prété lajan nan lòt péyi.

Pou fini ak litani sou zafè viktim nan;

Si misyé té rémèt kèl bay papa bonDyé nan syèl la san ipokrizi, épi sim sové map wèl nan syèl; kòm nou konnen légliz catholik ak lòt légliz dimanche yo pilonnen saba bonDyé ya anba pyé yo pou yo ka mélanjé rélijyon ak masonlòj ak vodou, si yo konpran yo ka mélanjé bonDyé ak Satan ak mové zanj yo sé tèt yo ké yap tronpé.

Sak pi fè mal la: anpil pastè Adventiste mété ak kèk manb légliz Adventiste ak pèp juif yo ap péri nan masonlòj ak lougawou ak 10 kòmandman bonDyé ya kenbé nan men yo chak vendrédi swa ak samedi maten yap li yon bagay ké yo pa menm mété an pratik.

Viktim nan té aksépté mouri poul té sové madanm ni sé vré, men! si viktim sa a pat nan yon bon rélasyon dirèk ak papa bonDyé nou an ki nan syèl la li pwal tou dwat nan lanfè a; mwen ta swété madanm viktim nan véyé zo li pou difé lanfè ya pa boulél.

Patrick Princivil, April 21 2016, 10:54 AM

REPLY   Next >

 

Topic: Retired Haitian Fireman dies in New York Saving his Wife from House Fire

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Sa a pa anyen menm! Jezi te aksepte pran souflet nan men kriminel yo, yo te menm krache nan figil epi yo te klourel sou yon cwa jiskaskel te mouri... read more >
Patrick Princivil, 21-Apr-16 10:54 am
R.I.P. He loved his wife with his life. read more >
Evincent, 21-Apr-16 11:56 am

 

< Previous | Home | Next >