Ébyen sé bagay sa yo map palé nou an! Pandan...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 16757

Ébyen sé bagay sa yo map palé nou an !

Pandan nap di ké $ 25 US sé énemi ti klas pòv la nèg jwen $ 20, 000 US pou yal bay manb CEP anba tab jis pou plas majistra, sak pi rèd la pi fò kandida ki élu nan la chanmb ak sénatè yo etc. sé gwo kout kòb yo bay anba tab pou yo rivé koté yo rivé a.

Pandan nap di tout bagay sa yo Prézidan Privert ap milyonè an US sou 2 mwa, sé pousa lap baré plas Prézidan an pou pati lavalas pou yo ka pi riche; Marise Narcisse: lavalas, Moise Jean Charles: lavalas, Prézidan Privert: lavalas, JPP. Pandan nap di tout bagay sa yo: lè klas pòv la rési jwen yon ti travay nan léta Ayisyen oswa nan yon ti faktori pi gwo kòb yap touché sé 160 gourdes pa jou sélon sa Michel Martelly té di lèl té Prézidan.

Bagay sa yo pa ébralém lè map tandé yo, sé nan yon krize mondyal le monde antyé yé.

Yon sèl bagay map di nan sa: sé pran Jézi pou difé lanfè a pa ravajé nou. Lè Satan tal tanté Jézi nan dézè a li té di Jézi fè ròche la tounen pain, Jézi té répon ni lòm pa viv sèlman ak pain, men avèk tout pawòl kap sòti nan bouche bonDyé.

Mwen pòv sé vré, men lèm wè yon moun riche gen yon gwo otèl oswa chato li épi poul chita sou yon chèz woulant épi li pézé 100 livres, lè pou yo benyenl sé plis ké 10 moun ki pou lévél al mété nan douche, li bèbè lèl pousé yon kaka si sant lan pa monté moun pap konnen, poul pipi sé yon pakèt tèt chajé, poul manjé sé yon twou doktè pèsé bò vant li épi yo fouré yon kaochou nan vant li pou fèl manjé,

Gen moun riche ki mété gazoline sou pwòp tèt yo épi yo mété difé sou pwòp tèt yo, gen moun rich ki mouri ak bal nan zòrèy yo, léta fè konnen ké sé yo ki tiyé tèt yo.

Moun riche yo pa éré jan anpil moun ap pansé a. Sé sèlman Jézi ki ka fè moun an jwa tou tan menm si pafwa bagay yo di.

Ki chans léta Aysyen bay klas pòv la pou yo mété yon bon kilòt oswa kalson sou yo?

90% bèl kay ki bati an Ayiti sé dyaspora ki bati yo, ti rès 10% pousan yo pi fò ladan yo sé manman yo, papa yo, pitit yo, frè yo ak sè yo, fanmi yo ak zanmi yo ké yo manjé nan dyab pou yo genyen yo, koté ti 160 goudes pa jou té ka fè yo rivé koté yo rivé a. Sé mové bagay pifò klas riche la ap fè ki fè yo rivé koté yo yé a. Sé kokayïn, krak, ak mayigwana ki fè yo rivé koté yo rivé a.

Kòm Roi Salomon té ékri nan livre Sòm: pa gen anyen de nouvo anba solèy la: vanité des vanités, tout sé vanité.

Liv Proverb la di: li pi bon pou moun sa yo kap manjé ti bout mayi moulen blache yo an pè ak Jézi. Men moun sa yo kap manjé bwè méchansté ak sakrifis dyab la, moun sa yo mélé.

Ou jwen $25 US pou lavé machine ou, pou manjé, pou fè si pou fè sa, mwen dakò ak sa, men saw acheté byè a ou té ka bay yon moun ki pat manjé dépi maten pou lal manjé yon chyen janbé bò lari a.

Jwèt, moun nan té ka grangou épi pa pityé ou bali lajan saw acheté byè a épil pran ni lal fè pi mal avèk li. Si tafyatè yo ak drogé, malfèktè, azaryen yo sa kap bwè byè, guinès, tafya, fimen mayigwana, krak, sigarèt, snifé kokayïn si yo pa alé ka manbo, Bòkò oswa ougan, si yo pa jwé bòlèt épi yo ta sanblé tout lajan sa yo épi yo louvri yon komès avèk li kisa ti $25 US ta yé poul tap fè lagè avèk yo konsa a?

pifò klas pòv la kap viv an Ayiti yo pi riche pasé anpil nan noumenm dyaspora yo: yo gen dwa gen yon bout tèt ki rélé yo pa yo ak yon mazi sou li, men ki rélé yo pa yo. Gadé aksyon rasis gouvernman Dominiken sot fè ak zansèt nou yo ! Si Canada fè menm bagay la avèk nou bò isi a anpil Ayisyen ap paniké.

Koté map di nou sa la a: sé nan yon shelter map viv ak tout madanm mwen ak 3 pitit; men si yo fout nou déyò pou lévanjil, oswa paské nou pa vlé sipòté vyé zèv masisi ak madivine, zafè; sé handyman mwen yé map manché mato mwen ak lòt zouti mwen, menm yon vyé tant map fout fè nan rak bwa an Ayiti jistan bonDyé poté nou sékou anba men Satan ak mové zanj yo ak tout sanpwèl, lougawou, masonlòj, bizango, (witchcraft), map kontinyé priyé pou tout malfèktè sa yo jisko bou, ti Marie pap monté, ti Marie pap désan, viv Jézi pou léternité.

Mézanmi ! Bagay yo pa si konpliké ké sa: an nou kité bonDyé fè ékspéryans avèk nou, Satan ak mové zanj yo pa anyen.

Patrick Princivil, March 15 2016, 3:31 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti Money - What Can You do with $25.00 US in Haiti These Days? Read This...

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

1 - 10 of 11 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »
Ebyen se bagay sa yo map pale nou an! Pandan nap di ke $ 25 US se enemi ti klas pov la neg jwen $ 20, 000 US pou yal bay manb CEP anba tab jis pou... read more >
Patrick Princivil, 15-Mar-16 3:31 pm
Unbelievable, superbly sad! read more >
Gee, 15-Mar-16 3:38 pm
Unbelievable, superbly sad! read more >
Gee, 15-Mar-16 3:38 pm
Unbelievable, superbly sad! read more >
Gee, 15-Mar-16 3:42 pm
Jah love. Give thanks and praises for describing the money exchange situation in Ayiti. I will gladly come and spend my U.S. and Euros dollars money... read more >
Marie Nadine Pierre, 15-Mar-16 6:46 pm
vie chere ce vrai mais si moune ca pa te laver 2 machines et bou tout quantite bier ca yo si cote li ye a li te bay cob la yo te changer li tap... read more >
Shime Leroy, 16-Mar-16 2:16 pm
Haiti LAJAN - Kisa ou kapab fe avek $25 Dola US nan poch ou nan peyi Dayiti ses jours ci??? Ou konnen konbyen Gourdes $25 dola US ye konye a? Kisa... read more >
Haiti Money Talk, 20-May-18 2:02 pm
I sponsor two Haitian children(students) on a monthly basis through my church. This is the time of year when I send them a bit extra as a Christmas... read more >
Carla N, 31-Oct-18 10:58 am
That was an awesome use of $25 it saddens me that so little could take of a week worth of food for at least a couple yet the have no means or an... read more >
Eve, 31-Oct-18 6:18 pm
Nice im going to Haiti in july with. FiftheenHundred dollars read more >
Gail Craig, 11-Mar-19 3:57 am
1 - 10 of 11 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »

 

< Previous | Home | Next >