Dépi sé sou dosyé sa yo ti nèg nw&#232...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 16610

Dépi sé sou dosyé sa yo ti nèg nwè parèy ap vini yap jwen avèm.

Sé konsyans Michel Martelly ak bonDyé nan syèl la si an anka li ta piyé Ayiti.

Sé lakou dè kont ki pou parèt avèk yo. Pandan lakou dè kont ak lòt séktè yo pa akizé Michelle Martelly pou vòlè ak frode sa a ké opzisyon yo ap di a: mwen résévwa yo nan Léspri mwen.

Yon sèl bagay mwen konnen: Michel Martelly pa ta ka ranjé péyi a nan 5 ans. Opozisyon an kap bay tout éskize sa yo, sé 4 ban vòlè ak rakétè sa yo ap krazé Ayiti, mété difé, koupé wout, vòlè pano solèy, vòlè sab léta atè nan lari a, vòlè planche léta nan lari, kasé dépo siman sou prétèks yap manifésté, vòlè fè léta, piyé magazen moun, ravajé tout sak gen nan péyi a. Si sé té o Canada gouvernman Canadyen an tap bay tout vòlè sa yo rékò kriminèl pou yo pa janm travay nan gouvernman an, épi pagen oken konpayi ki tap ba yo travay.

Mwen sézi mwen moun sa yo al nan éléksyon.

Pwoblém mwen gen ak CEP a: sé paské yo té bloké tout pi moun ki té ka itil péyi a épi sé sèl Jovenel Moise ki té al nan éléksyon ak pakèt kolòn avadra pyé sal sa yo, alò men sak bézwen al chita nan Palè a wi !

Lapolis fin travay di konsa, lapolis fin riské vi yo pou konbat kidnapè ak chimè sa yo nan péyi a, épi pou yal kité vyé moun sa yo monté sou moun ankò.

Sé pou sam blamé CEP a. Sé sak fè opozisyon an pè Jovenel Moise, sé sak fè yap tranblé konsa a paské yo konnen byen ke nou pa bézwen yo nan tèt pouvwa a, kòmansé sou mwen, mwen janm gen oken réspè pou moun sa yo.

Malgré yap kritiké Michel Martelly, malgré opozisyon an prèské boulé ak vòlè tou sak Michel Martelly fin konstwi a, kanmèm nou ka wè anpil bèl dévlopman li fè nan péyi a avan lalé.

Épil fè yon fason ak moun ki déja invésti nan péyi a ki fè kounyé a nou ka acheté yon ti machine agrokiltè a men poun raboré tè a poun planté.

Gwo méchan yo ak gwo vòlè yo pat janm bay chans sa yo. Lè ti péyizan rési acheté 2 makòn bèf pou rabouré tè a, tout vòlè sa yo nan tout rak bwa yo ap vòlè bèf péyizan yo, sé nan konsak fè yo ka jwen $ 20, 000 US pou yo péyé Yolette nan CEP a anba tab pou plas majistra ak lòt plas léta.

Dépi opozisyon an paka bay prèv koté Michel Martelly vòlè résous péyi a map apiyé PHTK pou tout rès vim.

Dabò tout koté yo wè Michel Martelly ak Jovenel Moise sé rélé yo Mésyé paské Jovenel Moise parèt ak yon plan ké zyé ka wè.

Pakèt pa lavé sa yo kandida ak pla men yo épi yal nan éléksyon épi yo di yo pwal fè, a ki lajan yo pwal fè a?

moun kap pran ponya pou yal kandida, sa fè wont.

Mèsi CEP a.

Patrick Princivil, February 17 2016, 2:56 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti - Did Michel Martelly Really SELL La Gonave Island?

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

1 - 10 of 12 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »
Only Stupid people will think when a Country sign a contract with others people from another Country that is selling. Company from China just bought... read more >
Frank, 17-Feb-16 10:56 am
Yes Ed plenty of brides read more >
Fernand Etienne, 17-Feb-16 11:32 am
Depi sou Preval map tande radot sa kounye a se Martelly pi ta se va Jocelerme ou byin moun kap vin prezidan an apre kat moa. Nou pa gen anyin serye... read more >
Vanina, 17-Feb-16 11:58 am
Sad...very sad...Ca demontre le niveau intellectuel de certains de nos leaders politiques responsables de la diffusion de cette nouvelle de Vente de... read more >
Totosanpwel, 17-Feb-16 12:32 pm
Depi se sou dosye sa yo ti neg nwe parey ap vini yap jwen avem. Se konsyans Michel Martelly ak bonDye nan syel la si an anka li ta piye Ayiti. Se... read more >
Patrick Princivil, 17-Feb-16 2:56 pm
If yes he sell la gonave.marteli suppose jude normal read more >
Jeantyn Nicolas, 17-Feb-16 3:14 pm
really how many contract that the us had signed with Geronimo and the natives and ends up stealing not selling or buying,robing,stealing their land... read more >
Pierre, 17-Feb-16 11:43 pm
So, the part of the country I'm from has been sold. Only with Haitians. read more >
Guirlene, 23-Feb-16 11:11 am
They should do something with all islets who are unoccupied like the Cayemites, Latortue, La Navaze, Mole St Nicholas, Ile a Vache. Some of them... read more >
Paul Bance, 25-Feb-16 6:24 pm
There trying to put us in slavery Micky done sold Haiti and the people don't se it they gonna bring there legal stuff and dat how they ganna do it... read more >
Rony, 26-Feb-16 1:14 am
1 - 10 of 12 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »

 

< Previous | Home | Next >