Joyeux Noèl tout moun, si machan ap plenyen razè nan...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 16483

Joyeux Noèl tout moun,

si machan ap plenyen razè nan sézon fèt la paské gen yon fòs koté nan péyi a. Si yo ta plenyen apré fèt la mwen ta konpran; nan sézon fèt sa a pou moun ap plenyen razè?

Pandan yap plenyen razè a nou-menm nan dyaspora a anpil nan nou menm ki nan ban dèyè a paka menm manyen biyè d'avyon poun rantré Ayiti si tèlman tickè yo chè.

Poukisa tikè yo chè?

Paské anpil moun ap vwayajé an Ayiti pou yal bwè kòb yo an Ayiti nan bon jan ti péyi cho sa a ké gouvernman yo paka byen jéré a.

Sé pa plenyen pou yo plenyen, sa dépan de sa machan yo ap van nan. Sé konnen makèt péyi a, pandan yap plen lajan pa sikilé otèl nan péyi a ranpli ak touris ak Diaspora.

Sé moman ban avèg yo ap kouri dèyè kokayin, krak, mariguana, byè, divin, wiski, ronm babankou ak lòt tafya, griyo, diri, bannan ak poule, fritay etc. Yo préféré pa manjé kòb, sé bagay sa yo ké yap chaché, mwen té ladan yo tou; menm si kounyé a yo pap jwen mwen ankò au nom de Jézi.

Lajan ka pa sikilé pou ti klas pòv la menl sikilé pou klas riche la, sèlman pwoblèm riche pa pwoblèm ti klas pòv la. Pandan ti klas pòv la ap plenyen razè a, anpil nan nou pi éré pasé klas riche la, mwen pakon pou nou, mwen-menm mwen fout éré pasé klas riche ki nan méchansté yo, mwen pa nan kasé tèt pou mal jwen pakèt tèt moun poum bay dyab, mwen pa nan pran pwen ka ougan, manbo, masonlòj, bizango, mwen pa nan dansé vodou, mwen pa nan valé tafya ak dròg ankò au nom de Jézi. Malfèktè, sanpwèl paka jwen mwen nan club, bal ak plézi la chè pou yo manjém. Mwen pa gen oken kontra ak Satan ak mové zanj yo pou fè vyé sakrifis ak fanminm ak zanminm; mwen pa dwé dyab anyen.

Sé tout avantay sa yo kém genyen sou énmim yo.

Sé répanti poun répanti.

Lajan pa sikilé pou ti klas pòv ki pap sèvi bonDyé nan syèl la men le seng éspri bonDyé la yap sikilé, li mèt piti koul yé mwen menm ak madanm mwen ak pitit mwen nou fout manjé bwè chak jou au nom de Jézi.

Ti biznis yo twò mizérab, an nou parèt ak bon téknoloji ké le monde antyé ka télé chajé ( download) sou internet ké lé monde antyé ka péyé sou kat krédi yo poun wè mervèy?

nan sézon désanm sa sé pou tout jaden yo ta dwé kontwolé ak dlo pou moun yo vidé manjé nan péyi a tankou lapli.

Sispan voté pou kokorat, sispan fè méchansté, ti vi mésken sa yo pa menen nou oken koté.

Pa fatigé nou, au nom deJézi, mwen pwal byen jéré jèn étidyan yo tout sak kon li ak ékri yo nan bon jan téknoloji trè byento.

Trè byento mwen pwal mété bon jan pwogram pou édé moun ki pa kon li pou yo lévé nan farine mizè sa a.

Sispan voté pou kokorat.

Patrick Princivil, December 26 2015, 6:31 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti Fin d'Annee 2015, Lajan pa Sikile, Pa gen Bwas nan Lari a, Anpil moun ap Plenyen Razeur...

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Se pa Mately se nou menm haitien se mechanste nou nap peye pou yo et si haitien pa change nou fek kare soufri pa selman en haiti men tout kote'n pase. read more >
Hen, 26-Dec-15 10:53 am
Joyeux Noel tout moun, si machan ap plenyen raze nan sezon fet la paske gen yon fos kote nan peyi a. Si yo ta plenyen apre fet la mwen ta konpran... read more >
Patrick Princivil, 26-Dec-15 6:31 pm
Petet anpil moun pe al fe acha pou yo pa atire vole ak kidnape paske ensekirite a red wi la ayiti,petet kliyan yo pridan read more >
Sherlie, 27-Dec-15 6:39 am

 

< Previous | Home | Next >