Sé akoupim chajé nou ané sa a, sé pou...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 16440

Sé akoupim chajé nou ané sa a, sé pou piyay la fini totaleman.

Sé bagay sa yo ki entérésém, sé bagay sa yo ké mwen anvi li nan atik yo sou rézo a, mwen pa menm anvi tandé kandida kap plenyen sou zafè kolon blan ki kenbé pèp Ayityen nan ésklavaj pandan 2000 ans, tout Ayisyen déja konnen sa, nou dwé yo lajan épi nou paka péyé yo; nou vòlè kòb yo poun réglé zafè pèsonèl nou sé sak fè zago yo sou kou nou. Sa lidè politik yo ap fè pou rézoud pwoblèm nan?

Èské nap apran péyé dèt nou?

Èské nap apran koké chapo nou kotél ka rivé?

Sé sou baz sa yo poun chita, sé pansé nétwayé lapolis sèlman, an nou pansé ak lè nou fini nétwayé lapolis kiyès ki pwal ranplasé yo?

Èské sé bon manmb légliz Shalòm, légliz Adventist, Baptist, Boudis, témwen Jéhova, Mòmon Pankotis, Katolik, kò de christ ki pwal ranplasé yo?

Nou paka dim ké sé bon manmb Vodou, masonlòj, sanpwèl, lougawou, bizango, zobop.

Alò kiyès ki pwal ranplasé polis pouri sa yo?

An nou sispan tronpé tèt nou, lè nou fini fè sa, pran Jézi kòm sovè pèsonèl nou, kòm mwen déja fè sa déja. Wi zago kolon blan zyé vèt yo sou kou yo, pa sou kou pam paském té kouri al pran anbasad Jézi a dépi le 13 Janvyé, 1985; nan légliz Adventist Bétanie, Pétion ville Ayiti rivé jiska jodi a ki 2015 lan. Sé pa kolon blan yo, wouje, yo ak nwa yo ki kenbé pèp Ayisyen an otaje sèlman.

Sé Satan ak Mové zanje yo ki kenbé pèp Ayisyen, nal anmèdé bouda yo épi yo pa menm pété nan koton banou santi, jis fè yon dènyé atak, fè yon vòl de fas nan lavi nou épi rétounen al jwen bonDyé poul géri nou.

Sé pèp Ayisyen ki mété chèn nan pyé yo ak nan kou yo, sé pa oken nasyon ki métél pou yo. Lagé malpwòpté yo vin jwen Jézi.

Patrick Princivil, December 9 2015, 11:01 AM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti Tourism - Royal Decameron Indigo ALL Inclusive Beach Resort officially opens

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Se akoupim chaje nou ane sa a, se pou piyay la fini totaleman. Se bagay sa yo ki enteresem, se bagay sa yo ke mwen anvi li nan atik yo sou rezo a... read more >
Patrick Princivil, 9-Dec-15 11:01 am
I'm so proud of you guys!! Love it read more >
Gertha Jeanpaul, 9-Dec-15 12:30 pm
I just left Haiti three days ago. one thing I would like to see is a clean place. The streets are dill of to much garbage. Haiti should do clean up... read more >
Hot, 11-Dec-15 4:29 pm
i`m studying tourism and hotel in Dom.Rep. i need to do my internship read more >
Magdala Lindor, 11-Apr-16 10:00 pm
I'm Claudy Glaude I'm a Technician in Logistic and construction.so congratulation for the project and the team of decameroun.and then I would like... read more >
Claudy Glaude, 28-Aug-16 2:45 pm

 

< Previous | Home | Next >