An touka! Bondyé pagen oken pwoblèm ak moun kap...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 16422

An touka !

Bondyé pagen oken pwoblèm ak moun kap fété anivèsè yo an pè, men fò nou pa pwofité itilozé nom Jézi sa a pou pwòp entérè pèsonèl nou tankou jan nou wè lidè politik yo ap aji a. Gen yon pakèt moun ki di ké yap fété lè Jézi té mouri é résisité ; gen yon pakèt moun dépi mwa désanm rivé yo montré moun ké kè yo kontan épi yo éksité pou yo wè jou sa yo ki 23 Désanm rivé jiska 2 Janvyé.

Fò nou dwé aksépté gen anpil ipokrizi nan zafè réziréksyon Christ la é menm nan lè Jézi - Christ té fèt.

Banm patajé yon istwa sa a avèk nou: sa map di nou an sé pa istwa, menm paka idantifyé si sa moun nan té di a sé té vré oswa pat vré, misyé mouri kounyé a sé sak fè map sité nom li, é mwen kwè menm moun ké li té akizé a mouri tou. Nonm sa a té rélé Tètilyen, misyé tap viv nan Pierre Silly - Pétion ville kotém té lévé a. Pandan Jean Claude Duvalier ak Michelle Bénèt té fini pran lyan an 7 Févriyé/1986; pandan yo tap jwé domino poun tap tandé ké misyé ki tap lwanjé di ké li té alé nan yon fèt ak zanmi li kay ex - Prémyé Minis Chane Wane, misyé sé té yon nan prémyé minis sou réjim Duvalier a. Tètilyen té fè konpran ké pandan li té alé nan fèt sa a yon 24 Désanm; kou minwi té rivé yo té rasanblé dévan yon gro tab, nou menm Krétyen sé priyé nou priyé bonDyé nan syèl la avan nou kòmansé manjé, moun nan kan dyab la sé démagoji yap fè paské gen kriyé nan zafè fèt payen yo. Misyé di yo té fin fè démagoji yo épi yo té lévé yon gro dra blan ki té kouvri tab la, sak té sou tab la sé té yon moun tout an kè byen fri, byen bouré tankou kodèn bouré (whatever); sa vlé di tout rès ti pati ki andédan kò moun nan té fri byen sèk ak bon piman rétounen al chita andédan moun nan pou moun ki renmen pati sa yo ka manjé.

Sé pa kritik, menm mwen pandan map di nou sa a mwen santim ta fè kèk kout dan ladan yo tou, kòm mwen kaché nan Jézi mwen pa pwal maré pyém nan vyé sakrifis Dyab la pou lajan paské bonDyé vivan.

Késyonm pou nou jodi a: èské bonDyé vrèman té mété nou sou tè a pou nap viv nan vyé kondisyon sa yo?

nèg ap pran vyé pwen ka dyab pou yo pwospéré, pandan yap fété yon bò épi yap fè yon lòt fanmi kriyé, nan ki pil kaka pèp la al fouré kò yo la a?

Mwa désanm sa a anpil moun pwal pèdi lavi yo nan jouk dyab la, Prézidan nan sakrifis Dyab la, Prémyé Minis nan sakrifis dyab la, Sénatè nan sakrifis dyab la, Député nan sakrifis dyab la, majistra nan sakrifis dyab la, Kazèk nan sakrifis dyab la, Asèk nan sakrifis dyab la, lapolis nan sakrifis dyab la, pastè nan sakrifis dyab la, pape ak prèt nan sakrifis dyab la, mwen pa menm bezwen répété rès la, dépi tèt la pa bon tout kò a pouri.

Mwen sé bon zanmi ak Satan ak tout mové zanje yo tou, menm pap koubé dévan yo, anbisyonm sé poum wè tout konfòmé yo pou yo rékonsilyé ak bonDyé, menm ké bib la di ké yo sé ange déchu. Anbisyonm sé poum wè tout mò méchan yo purifyé é béni; mwen pakon kòman sa pwal fèt, men mwen konsantrém sou sa pandan plis ké 15 ans.

Anbisyonm sé poum wè tout G104 la ini sou yonsèl tab poun chaché lò yo, dyaman yo, platinum yo etc. ansanm pou nou lévé nan pousyè a.

Anbisyonm, mwen pa ta swété pou PHTK ak G104 la ak rès pèp Ayisyen an mal fété nan Dyab ané sa a é sé anbisyonm pou le monde antyé.

Bòn fèt tout moun.

Patrick Princivil, December 4 2015, 1:05 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Christmas in Haiti - I am Beginning to Feel the Christmas Season, What about you?

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

An touka! Bondye pagen oken pwoblem ak moun kap fete anivese yo an pe, men fo nou pa pwofite itiloze nom Jezi sa a pou pwop entere pesonel nou... read more >
Patrick Princivil, 4-Dec-15 1:05 pm

 

< Previous | Home | Next >