Praise the Lord! Do you understand what's going on about Haiti...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 16025

Praise the Lord! Do you understand what's going on about Haiti from 1955-2015?

Woulém 2 bò Président Martelly: CONTINITÉ.

Nou pa wè mwen mété yon ti anglè ladan?

Manti wi, moké map moké ban chien zyé vèt yo. Yo nan konplo a tou, sé té yo menm kité mété diktatè a pou yo réglé afè pa yo; sèl bagay mwen pap fin trò kritiké François Duvalier paské anbago a té sou do Haiti a dépi an 1955 li té monté diktatè an 1957; sé sam toujou ap di nou an si inbésil pa bay ki koté pou intélijan jwen?

Konplo a té byen monté, imajiné nou Jacques Gracia ki té bra dwat François Duvalier nèg la pat menm konnen li ni ékri sélon sam tap tandé dépim piti kalkilél nou-menm, misyé té monté diktatè an 1955; mwen té fèt an Juillet, 1961. Yo té fèm konnen ké lè té kon gen yon problèm an Haiti papa dòk voyé Jacques Gracia, nonm nan pat menm kon li ni ékri, pat ko gen téléfòn jan nap wè la a, misyé té kon oblijé pran yon fèy papié poul oblijé fè majigridi (mess) sou fèy papié pou té signlé papa dòk ké bagay yo mangonmen, nou wè sa pèp sovaj yo ap fè.

Li té gen yon lòt kriminèl bò kotél ki té rélél ti Bobo, malfèktè sa a menm sé tankou wa li té yé an Haiti sou tan Duvalier a, épi yo té fèm konnen ké sé li menm ki tap gidé Duvalier alé nan tout kay ougan yo, manbo yo masonlòj, sanpwèl ak bizango.

Vagabon sa amenm kité rélé ti Bobo a, lè lal nan yon fèt li si tèlman té puisan, lèl fin bwè épil sou, oswa li pa sou, li fè opératè bal chanté ti Bobo ayi Bobo dé nan kòmansman bal la pou jistan bal la fini; lè walé nan réstoran nèg sa a ou mandél yon plat diri li ba ou sal vlé, si lidél di li ba ou maïs li di nèg kap sèvi a baw maïs tandiské ou mandél diri, ou gadé machine moun nan li apiyéw sou do machine nan épi li touyéw ak kout koko makak.

Té gen yon Gérard Astrèl nan au Cayes menm sé sal bliyé li pa fè, lè nap tandé palé de Smuel Jérémie, kolonèl tijé etc. sété manman pitit maré vante.

Épi sil vou plè sé gro intéléktyèl ki tap palé bèl fransé ki tap manupilé nèg sòt tankou robo pou té réglé pròp zafè pèsonèl yo, yo pran prétèks Vodou pou yo sousé sang sak pi fèb. Kounyé a mwen byen sézi poun map wè ninpòt ti moun piti ap kanpé nan lari Haiti pou yap kanpé nan figi moun ki adulte pou yap di yo kolan gèt manman yo etc. sé bagay sa yo mésyé frè paran tap palé nou an. Hing hang patou, Léopa pa vlé wè makoute, makoutepa vlé wè jandam, sété Gòg Magòg kazèn ak post léta sa yo sété yon van sang ki tap koulé, kounyé a gen plis téknoloji bagay yo vin sou yon lòt fòm pou kriminèl, men kotém kouché an kwa la a menm Satan ak mové zanje yo pap ka pran chans pou kenbé péyi d'Haiti nan soufrans ak frustration sa yo, té gen yon rézon ki té fè pèp la tounen zonbi, té gen yon rézon kité fè pèp la kapon konsa a.

Nèg yo té rivé nan yo pwen yo té tounen Baka an persòn, manchèt sou koté yo zam fan fwa sou yo, mwen pat gen problèm ak sa paské yon sòlda dwé armé an toutan; sak té pi kritikan an sé paské mouchwa rouje maré nan ponyèt yo ak baton yo nan men yo, sé pat kont Gouvernman Dominicain an ki pi pròche yo, sé pat kont Gouvernman Américain an ki pròche nou nan Miami; gè a sété kont pròp Haitien parèy nou.

Mézanmi avion Jézi a pwal dékolé, sé pa moman pou nap kontinyé nan sovajeri sa yo ankò, mwen té rankontré ak yon frè légliz mwen épi mwen tap mandél kòman li yé, ébyen li tap dim byen fèm ké li gen yon sòl kay ké li kòmansé bati la a, e li prè poul fè tout bagay poul fini kay la, mwen té fini tandé sa nan bouche li mwen fèmen fèy bèk mwen, sam pwal di ak yon moun konsa?

Gen moun kap li mesaj mwen e ki kap di ké li pat mal di, dabò sé yon nèg ki fini lékòl li an Haiti e nou konnen afè konplèks ap fini ak mas pèp la an Haiti, dépi yo fin filozòf yo préféré al pandié devan yon tonton kap nétwayé soulyé bò lari a pou ba yo yon gourde, men yo pap fè oken travay ki sal.

Mézanmi poum fini!

Gouvernman Haitien an, an nou sispan travay pou trip paské sa fè klas pòv la viktim menm si nou pa nan méchansté.

Gen anpil moun kap viv sou tè a yo alé nan pié Satan ak mové zanje yo dyab la pa vlé ba yo sa yal chaché a, si yon moun mandé Dyab épi Dyab bèbè sé paské bonDyé gen yon plan pou nou, plan sa a sé pap déstruction.

Kouri pran anbasade vini pran Jézi tandé, lè wal ka bòkò sé tout vyé dyab ki pi méchan kap bal problèm yo lap lagé nan pil kisa sayéw, gen yon provèv ki di ké tout chien niché kisa sayé yo jan yo konnen, wi sé vré.

An nou pa invité makoute zyé vèt ak makoute inpèrialis al fini ak ti rès pèp la, Satan ak mové zanje yo ap toumanté nou rélé Jézi; Gouvernman Américain ap fè konplo ak Gouvernman Dominicain, la France etc. poun ka rété atè a paské sa fè afè yo, rélé Jézi.

Nou-menm jèn ki pat kon istwa sa yo, mwen patajé yo an piblik avèk nou poun ka wè koté nou yé, gro méchan yo pap janm wè bien pou nou paské sé ajan Satan ak move zanjé yo ké yo yé, al sou Google tapé Lion YouTube poun wè sa yap fè ak lòt zan-nimo yo, ébyen Satan ak mové zanje yo mété ak moun kap sèvil yo a ankò pi méchan pasé yo, lè map gadé kòman Lion yo ap ravajé pròp pitit yo tandiské gen anpil nan nou-menm l' homme ka van pitit nou nan dyab pou lajan, nou menm bay pròp tèt nou nan dyab pou lajan; fòn pa fè sa tandé.

Pandanm tap li bib la nan ansyen téstaman, té gen yon Roi ki té chita lap fè méchansté nan prézans bonDyé, yon jou bonDyé té palé avèk li nan yon rève, li té di misyé: ou wè wou menm, pou tèt sa wap fè a map ba ou yon gro gren ( makouklou) ki pap janm géri; ébyen sélon istwa a misyé té mouri ak gro gren ( makouklou) nan vré, nou paka goumen ak bonDyé, li gran moun e li fè sal vlé.

Sé répanti poun répanti mwen pa kon ki vyé sacrifice Prézidan Martelly ap fè pou Satan ak mové zanje yo, sa a sé ant li menm ak bonDyé, sé pa travay mwen poum ap akizé moun kap viv nan péché, men mwen vin réalizé poum soti nan frizè Canada a fòm batay, fòm najé poum sòti, mwen té pansé al acheté kay Seng Domingue poun rété pou si anka Gouvernman Haitien an rété pa kanpé sou anyen pou yap kontinyé kenbé pèp Haitien nan grangou, fatra vòlè afè nou nan douane ak tout lòt malpròpté ké yap fè nan péyi a aksyon rasis sa a ké pèp Dominicain mennen kont noumenm Haitien la a mwen dwé rétiré vyé lidé pouri sa a nan tèt mwen, oké sim di ké mwen pwal acheté Kay nou nan Miami, Floride, Texas, California an tèm ville sa yo fè cho menm an Hiver nanpwen anyen ki di ké sa Gouverman Dominicain an fè la a lòt péyi yo pap fè li tou.

Zafè tout Diaspora kap pran pòz blan yo ki pa vlé édé Prézidan Martelly dévlopé Haiti, mwen menm mwen pòv nan zyé les hommes, au nom de Jésus sé pou yon ti bout tan, mwen déklaré lagè.

Gen nan fanmim yo ki mété ak lòt moun déyo ki di kém fou, bon aktyèlman la a mwen chita Canada ak yon lisan AZ poum Kondi gro kamion ak gro trélè 53 pieds yo, sim vlé mwen ka taché 3 trélè 53 pieds ansanm poum kondi sou tout téritwa Canada- États-Unis ak Mexique soutou FEDEX etc sé sa yap kondi nan zòne ki fèt pou yo woulé a, anpil kap di kém fou a yo pa menm ka woulé yon bisiklèt. Mwen ka mété menm 20 machines sou yon trélè épim kondi li, mwen pagen limit ak lisans sa a. Ébyen sé réspèm dévan énmim yo, yo té kon di Jézi fou e ti mwemenm?

Si enbésil yo ki swa dizan pasé lékol ap di sé nan singe ak makak ké nou sòti kisa yo pap di?

Sé pa robo kap voyé mésaj sa yo, nou ka rélé Patrick Princivil nan 416-274-9803

Pou magic jack la menm, si nou ta pè kontak sa a rélém nan sa a:
647-800-5942; (VOIP):

Pagen afè diktatè kap fèt an Haiti nan ti rès tan pam nan pou pandan plis ké 40 ans ankò si sé volonté bonDyé.

Tout moun wè ak zyé yo, kòman péyi d'Haiti tap dégangolé dépi an 1986-2010; sé pa kounyé pou moun ki tap maché boulé kaochou, fè, dézòd, krazé machine, boulé Kay. Mwen pa éspéré ban vyé moun vilgè sa yo ki tap fè
tenten nan tout estasyon radio pou Prézidan Martelly alé.

Sé anpil éfò ki démoli fòs moun sa yo; moun sa yo pa dwé janm nan gouvernman Haitien an ak yon dosyé kriminèl sou po do yo; ké yo vlél ké yo pa vlél, sé pou pati tèt kalé a pran kontròl péyi d'Haiti pou pi piti 15 ans; si aprè 15 ans bon moun andedan pati tèt kalé vlé kréyé 2 oswa 3 pati politik sérié pou fè konpétition ak Pati tèt kalé a san hing hang map konpran sa, aux État- Unis gen répibliken, gen demokrat etc. pou kisa Haiti pa dwé genyenl tou;

Pati Inité, Lavalas, Duvalieris etc pa dwé sou moun ankò, pa menm platfòm Désaline, sé pap yon bon image pou péyi d'Haiti.

Si yo konfòmé yo, épi yo travay ansanm ak pati tèt kalé a ak yon kondition ke gen yon nouvo law ki établi ké dépi yon moun fè jan de dézòd sa yo ké yap gen yon dosyé kriminèl pou yo pa janm travay nan biwo léta.

An nou fè yon bagay ki fè sans; (JPP)

Prézidan Martelly: CONTINITÉ.

Patrick Princivil, September 15 2015, 8:13 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti Economy: Haiti is BACK in the Banana EXPORT Business

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Praise the Lord! Do you understand what's going on about Haiti from 1955-2015? Woulem 2 bo President Martelly: CONTINITE. Nou pa we mwen mete yon ti... read more >
Patrick Princivil, 15-Sep-15 8:13 pm
that is fantastic! God will bless Haiti! read more >
Esther, 15-Sep-15 9:44 pm
Map voye yon gro kout chapo pou minis agriculti a e pou chef deta Haitian an tou.mwen ta rimin pou nou exporte cafe ak kakao anko mango,pou hatan yo... read more >
Jay, 16-Sep-15 11:37 pm
Se yon tre bel travay pou Haiti ka gen plis prodi sou marche international pou se selman mango fransik m swete sa kontinie. good job well done... read more >
Jocelyne, 2-Aug-16 4:33 pm

 

< Previous | Home | Next >