Mesye dam fok nou gade ni aksyon an ni koz la. mwen dako ke...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 15934

Mesye dam fok nou gade ni aksyon an ni koz la. mwen dako ke dokte yo pat sipoze kite pesonn moun mouri pou mank de swen, a koz de seman e angajman ke yo te pran;men fok nou chache rasin pwoblem yo tou. si anpil nan dirijan ki ni nan leta oubyen nan sekte prive yo te ayisyen tout bon, yo te renmen peyi yo e yo tap fe travay yo jan yo te sipoze fel, Ayiti tap miyo, peye taks, peye anplwaye, respekte la lwa, sispan pran avantaj youn sou lot, investi nan elektrisite, sante, edikasyon, agrikilti mete moun nan pozisyon a koz de konpetans yo, pa paske yo se zanmiw oubyen ou vann yo yon pozisyon.

Si nou te trete tout Ayisyen avek respe e dyite, ke yo se gran neg, malere, otorite, gro komesan, Jounalis...

yo tout tap resevwa menm tretman an. injistis se injistis nenpot ki moun li rive a, si nou tann ke se le yon konfre nou pran nan pelen pou nap joure dokte kap defan dwa yo nou kite two ta bare nou. Pwofese yo fe grev tout tan elev nou yo sot kou pan yen pesi nou pa janm di anyen, jan ti patat la bon an se konsa ti bannan n lan bon tou, la lwa se youn pou nou tout, le gwo komesan an fe sak pasa, rele cwal bare deyel, otorite a idem, ti malere menm pinpinp la, mande pou yo remete instriksyon sivik ak moral nan lekol yo menm jan yo teye oparavan pou Ayisyen ka aprann kouman pou yo respekte dwa youn lot, bay tout ayisyen yon rezon pou yo renmen e respekte drapo yo ki se yon senbol sakre, sispann mande viza poun al fe moun lotbo dlo betize ave nou. fe saw kapab ak saw genyen kote ou ye a menm jan moun ki nan lot peyi yo fel de fason ke zot ka gen anvi vi n lakay yo olye ke se yo kap toujou kouri ale lakay zot. le bagay yo pa afekte nou pesonelman, nou kase fey kouvri sa, le se nou ki pran nan gonm, nou lonje dwet sou tout moun..

jounalis, jounalis siw pa fe travay ou byen, pouw denonse e pouswiv injistis jiskobou kelkelanswa moun ki komet li a nenpot lot...wap toujou gen menm pwoblem sa yo e Ayiti ap kontinye ale a la deriv...si nou pa pran konsyans de tet nou e chanje mantalite pasiv, ti sousou ke nou genyen an, si nou poko ka di wi a sa ki bon e di non a sak pa bon, mete nen nan figi nou pou lot ka respekte nou...Ayiti pap janm chanje

Simpson Stfort, September 2 2015, 5:17 AM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti - Doctors at Hospital General Leave a Journalist to Die because they're on Stike

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

11 - 19 of 19 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »
elas peyi nou an rele Ayiti nou lage tankou pil kabrit nan savann nou gen otorite sou tet nou se le gen negosyasyon gwo lajan selman! read more >
Dynord Sou Facebook, 1-Sep-15 8:54 pm
That's fucked up! read more >
Johny Sou Facebook, 1-Sep-15 8:55 pm
Mwen te konn blame yon bann moun le yo kite ayiti yo toujou pe retounen ale fe yon ti rilaks mwen we poukisa konnye a kom se peyi mwen mwen bouche... read more >
Moise Sou Facebook, 1-Sep-15 8:57 pm
We need a better country with more human beings. These doctors are heartless, cold blooded murderers and inhuman. Which I could revoke their licence... read more >
Fabiola, 1-Sep-15 10:21 pm
Nou nan yn peyi malheureuzman sa poun defann yo nou pa janm fel e le plus souvan se dokte ki pote chaj la..m n panse si gen yn analiz nou ka fe ee... read more >
Wislet Andre, 1-Sep-15 10:55 pm
Je ne comprends pas pourquoi on insiste sur le fait que c'est un journaliste...Cela n'aurait pas du arriver a qui que ce soit. Point! Qu'il s'agisse... read more >
Darwin, 2-Sep-15 1:53 am
Mesye dam fok nou gade ni aksyon an ni koz la. mwen dako ke dokte yo pat sipoze kite pesonn moun mouri pou mank de swen, a koz de seman e angajman... read more >
Simpson Stfort, 2-Sep-15 5:17 am
Tamara I understand you have a lot of emotion going on, I feel very sad To see how people's life is meaningless. I would like to tell only that... read more >
Victor, 2-Sep-15 6:48 am
11 - 19 of 19 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »

 

< Previous | Home | Next >