Ahhhhhhhhhhhh! Mwen pa fèt nan péyi...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 15369

Ahhhhhhhhhhhh !

Mwen pa fèt nan péyi étranjé, sé Haiti mwen fèt, sa vlé di menm ké mwen sé Diaspora mwen fyèr de tèt mwen poum bay opinyonm an kréyòl Ayityen an: language zansèt mwen yo mété ak manmanm, papam ak tout fanmim té fouré nan tèt mwen an.

50.5 Gourdes ki pou bay $1:00 US, men sé yon krize mondyal li yé byen ké gen yon solityon pou sa. Planté poun planté tè a: sé menm tè sa a pèp Ayisyen té kon travay sou tan François Duvalier a, apa dola Amériken té égal a dola Ayisyen; nan yon tan ki pat menm gen téchnology ké nou gen kounyé a. Oké Prézidan François Duvalier sété yon méchan, men kòmansé sou mwen ak nou, nou tout sé méchan, gadé kijan nou krazé Ayiti?

Roi David, Roi Salomon etc. Nou tout sé méchan dévan Léternel: sé antan poun antan nou.

Mwen pa di ké diktatè sé yon bon bagay: mwen pat makout e mwen pap janm tonton makout ankò.

Gadé François Duvalier té ékri sou lajan Ayityen an: l'union fait la force, menm sa té maché pou réjim nan yon fason sou plan ékonomik lan, lè li té kon ap ofri intéléktyèl yo viza pou yo tal viv au Canada, US etc. Pifò sak pat nan politik yo pat vlé kité Ayiti e yo té di non ké yo pat bézwen sa, e tandiské kounyé a si Prézidan Martelly ofri intéléktyèl yo yon bagay konsa nan tan kounyé prèské tout koté an Ayiti ap prèské vide. Ébyen François Duvalier ak tonton makout yo: mete ak l'armé d'Haiti, ak léopard etc. Té gen yon l'union fait la force lakay yo vré, byen ké yo tap tronpé tèt yo.

Mézanmi ka nou an grave anpil, nou gen problèm édikatyon an Ayiti sé vré, men anpil nèg kap boulé kaochou yo gen anpil édikatyon, tèlké Moise Jean Charles, Madame Manigat, avoka André Michel, Anel Bélizaire etc éra ! Éra ! Éra !

Gadé Jean Bertrand Aristide: Lèl té kon ap palé ak klas pòv la e ak tout pèp la: li té kon patajé yon amou ak yo, kité fè pèp Ayityen konpran yo té prèské rivé nan syèl. Yo té kontan ap di viv Aristide e menm yo menm nan transfòmé Haiti an zenglendo, menm Aristide ki té nan l'église Catholik ki kon byen sa rélé lévanjil bonDyé a té oblijé ap patajé lanmou ak tout yon pè Lebrin nan kisa sa yé moun. Ki koze sé menm bagay sa yo kap pouswiv Prézidan Martelly.

An nou pa tronpé tèt nou. Nou gen yon problèm.

Nèg si tèlman té kon bay Aristide tenten li pat ka jwen plas pou yo nan prizon pou yo ankò mwen pap di rès la

Koté lanmou Jézi - Christ mandé a?

Nèg foulél anba pyé, anpil di ké yo sé Krétyen kap di nou pa sou la lwa ankò jis pou yo réglé zafè yo, si nou pa antan nou nap fèk karé pasé mizè.

Pandan yon pòtyon ap rélé ké gourde Ayityen an ap pèdi valè a sé konsa anpil Diaspora ta byen kontan wè ké lajan Amériken an monté mille pousan paské sa ap fè afè yo. Ayityen ap rélé anmwé pou gourde Ayityen an kap pèdi valè li, an Jamaïk yon dola Amériken fè $49 Jamaïken, tandiské yo inpé plis dévlopé pasé Ayiti; ogèy ak dézòd ki mété nou la.

Antouka mézanmi, nou touyé Jézi san rézon mwen pa wè nou pi byen pasé.

Jis sou kwa a li tap di papal ki nan syèl la padoné nou ké nou pakon sa nap fè.

Sé amou bonDyé kap mennen.

Répanti, zèv masisi, madivine, masonlòj, lougarou, vaudou, sanpwèl paka édé nou; an nou konfòmé nou pou nal rankontré gran-mèt la nan l'air la. Prèské chak jou map plédé répété yon sèl bagay la sé pa moké map moké nou, okontrè mwen renmen pou nou tout ta nan syèl ak Jézi, koté mwen tap li yon atik ké pap la di ké sé pavré ké bonDyé pat kréyé Adan, afè Ève la pa ékzisté.

Yo apran moun nan lékòl ké sé nan singe nou soti. Men kot singe soti?

Èské sé paran nou yo ki fè bib la pou tronpé nou, paské bib la di ké bonDyé kréyé l'homme ak imaj li?

A ki bib pap sa a ap sèvi?

Èské singe ka Prézidan, Sénatè, Député, Majistra, Kasec, Asec?

Ébyen jan yo palé a: sa vlé di ravèt, pinèze, pou, pran, kochon, bèf etc. sé nan singe ké yo soti; men moun kap palé konsa a sé moun ki di ké yo gen édikatyon, kap fè lékòl wi, gadé sa yon pap ap di !

Sé pa vré, men si sé ta nan singe nou sòti vré, ébyen nou pi inféryè pasé yo paské pagen youn nan bèt yo ki nan madivine, masisi etc..

Mézanmi !

Mwen konnen en-mim yo pap janm renmenm, sa nap fè yo pa fè sans.

Dyab la ap bétizé nou e nou paka wè sa, sa fè bonDyé mal anpil men li pa yon diktatè, li vlé sové nou sé pousa li métém sou rézo yo poum édé nou. An nou fòsé tèt nou poun soti nan vyé inyorans ké nou yé la a Nou pawè nou antravé?

Nou té akizé Jean Bertrand Aristide kòm machan dròg: yon bagay lapolis di ké yo pap jwé ak sa. Kiyès nap tronpé la a paské men pèp la ap rélé anmwé ké Prézidan Martelly ak Laurent Lamothe sé machan dròg. Men lèm té patisipé nan Gouvernman lakay ou Miami mwen té tandé klè ké chèf lapolis la: Odson Orélus di ké dépi sé zafè dròg ak zam ilégal li pap bay chans.

Si pat gen bonDyé nou-menm lèzòm nou tap mélé paské imoralité ap préché nan Gouvernman yo, moun ap rélé anmwé pou lavi chè, Gog e Magog, gadé nan kisa Adan ak Ève fouré moun mézanmi?

BonDyé sé ou ki pou di yon mo pou nou. Paské sa léta ap fè yo pa fè oken sans.

Prézidan, Minis, Sénatè, Député, Majistra, Kazec, Asec ap pran kanè pou koutay ké yap fè nan lajan léta. Men mwen ta konpran ké sé moun séryé léta ap chaché, moun ki pa visyé.

Koté pou yo jwen moun sa yo menm si sé avèk anpil plédé rédi pou yo ta jwen moun sa yo nan légliz, bon yo pavlé wè nou. Si moun sa yo pa fou ki problèm pou yo ta gen la a?

Avan nou palé de vérité yo voyé pyé e yap chaché kandida ki sinsè, ki koté Prézidan Martelly pwal jwen moun sa yo?

JPP. Pran Jézi.

Tout moun ki santi mésaj mwen yo fè sans e ki vlé ké mwen nétwayé péristil yo, sé yon sèvis gratis ké li yé: rélé Patrick Princivil nan 416 - 274 - 9803.

Patrick Princivil, June 4 2015, 1:57 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti Money - 50.5 Haitian Gourdes Now NEEDED for 1 US Dollar...

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Ahhhhhhhhhhhh! Mwen pa fet nan peyi etranje, se Haiti mwen fet, sa vle di menm ke mwen se Diaspora mwen fyer de tet mwen poum bay opinyonm an kreyol... read more >
Patrick Princivil, 4-Jun-15 1:57 pm
Haiti : Dollar U.S. la vinn RARrrrrrrr... M'tande li a 53... Yep, 53 goud pou 1 Dollar Americain... M'tande Western Union pa genyen li pou vann..... read more >
Haiti Nouvel, 8-Jun-15 5:26 pm

 

< Previous | Home | Next >