Kounyé a zyé nou kòmansé ouvè! Si pou...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 15228

Kounyé a zyé nou kòmansé ouvè !

Si pou Jean Baptiste Aimé blamé an prinsip sé pa Sophia Martelly sèlman poul ta blamé, sé poul ta blamé Sweet Miky avan li té Prézidan a pa yo fèm konnen ké Prézidan Martelly di ké sé paské pat gen gouvènman an Haiti sé sak fè li té fè tout sal fè yo, kèl wonté pou tout gouvènman ki té la avan yo?

Nou paka kité kabrit la fin pasé pou sé lè sa a yap vin di fèmen baryè.

Kounyé tout moun sa yo mélé menm si yon séri de Haitien ta vin ap éséyé pran kaka poule pou zé zafè ki gadé yo kotém kouché an croix la a (ONG- CARICOM) sé mété gren nan bouda yo. Si gouvènman Haitien yo té kanpé sou yon bagay sérié dépi an 1804-2010 tout dézòd sa yo ki fè la a pa tap janm rivé fèt.

Kalkilé sa nou menm, yon Gouvènman toujou ap palé Ministre de l'agriculture, yon péyi kap ranmasé million sou million pou fè wout, pon etc. Ministre sa yo pa janm pran konsyans pou yo chita ak Prézidan yo pou yo di an nou fèmen zyé sou konstruction wout mwa sa a, an nou montré pèp Haitien ak lòt nation yo nou sivilizé, an nou tout mété gro bòt nou nan pieds nou nou nétwayé partou an Haiti e nou pran tout rès kòb la nal fè wout nan tout jaden pou nou pasé ak camion, traktè, mété sistèm dlo poun wouzé jaden, planté etc. aprè 4 mwa mwen kwè tap gen améliorasyon pou pèp Haitien.

Moun yo pa janm planté menm yon ti pié bwa jiska 2010 mwen pa bézwen di nou pou yon pié mayi, kòman pou Dominiken réspékté moun tankou nou- menm pèp Haitien?

Bon nou pagen anyen nan tèt nou vré sé tonton Bouki nou yé e yo sé Malice, nou pata bézwen ap tronpé tèt nou konsa pou nap palé de Ministre de l'agriculture an Haiti konsa, yap touché gro lajan chak mwa nan gouvènman Haitien an, sa yap réglé koté sa yap fè pou lajan an?

Yo té kon pèmèt yo pou yap palé de Ministre travo piblik gadé pou jis kounyé a sé Dominiken kap fè wout, lévé mas lajan al Seng Domeng; Munistah menm sé pi rèd épi si yo alé nou kaka Moise Jean Charles ak kolòn malfrendeng parèy li yo tap dansé paské yo tap fin krazé ti rès Haiti.

Munistah pap fè yon pa yo déjà gen 15 ans an Haiti sé ba yo kat citizen Haitien, fouré yo nan la police ak plas nan gouvènman Haitien an, nan Toronto - Canada sé citizen ak imigran kap travay nan gouvènman Canadien e mwen pa janm wè Canadien blan pitit tè a nan gouvènman Canadien an nan Toronto sé pou MUNISTAH voyé chaché tout fanmi yo pou abité avèk yo an Haiti, men sé pou yo rété yon gouvènman séparé ak gouvènman Haitien an pou yo pa koronpi MUNISTAH lè yo pété yon dézòd pou yo kontinyé al kasé gren msyé dam yo.

Si mwen menm mwen pa menm yon politisyen mwen wè bagay yo konsa e lòt Gouvernman yo tèlké la France, Canada, US, la Chine, la Ruissie etc ak lòt nasyon ki kon sa rélé dévlopman yo, kòman nou santi nou dévan gouvènman Dominiken an?

An prinsip avèk yon paspò Haitien nan men nou nou ta sipozé antré Seng Domeng kòm vizitè e nou kalé kò nou pou 6 mwa dépi nou ka kréyé yon biznis poun fè nan Seng Domeng dépi gen yon Haitien ki gen moyen nan Seng Domeng ki aprouvé nou rété avèk yo oubyen yo banou visa travay sé konsa li yé ant Canada-États Units.

Lakay pa bon sé ti dyòb séklé tè anba tab, gadé bèt anba tab, bwasé ti mòtyé yal chaché nan men yo sé sak fè Dominiken ap pilonnen nou yo gen rézon paské yo paka té anba men gouvènman Haitien yo té yé ap pasé mizè, yo kolé tèt yo ansanm yo travay di yo rétiré kò yo nan men gouvènman Haitien ki pat janm kanpé sou anyen e ki pa kanpé sou anyen yo pran indépandans jiskaské yo prè pou yo okipé tout Haiti, Mézanmi yo pa menm gen asé moyen pou yo édé pròp zansèt yo pou Haitien pwal rétiré ti kasav nan bouche pòv yo, ah!!! Nan ògèy yo yap manjé tout krèk Haitien yo, sak pagen papié yo menm pròp Haitien parèy nou ki gen papié yo ap maltrété Haitien sa yo pi rèd.

Bon, ki koté nou-menm Nèg nwè ti zòrèy baré ak kè sal sa a?

US-Canada etc. menm kout bwa: Haitien ki pagen papié yo ap monté yon maswifé avèk Diaspora Haitien, avan ti krik ti krak yo di ké yap fè dépòté ti malé just come ki pagen papié yo, bonDyé papa nou sa nou fè nap péyé?

Sé pa kité Diaspora konnen si nou pagen papié nan péyi étranjé yap pran pòze zanmi Haitien ki pagen papié yo, invité yo al lakay yo, pandan yo alé Kay Dyaspora a yo rélé Imigrasyon nan bouda yo pou fè dépòté yo san réfléchi. Li ta sanblé yon bon bagay pou nou-menm Diaspora yo pou yo antré al travay di an Haiti pou pròp intérè nou men ki tap yon gran profi pou Haitien ki pa Diaspora kap viv an Haiti, soyez virjilan ! Moun sa yo sé zafè pa yo ké yap réglé.

Mwen té alé nan rankont ak gouvènman Lakay ou Miami, Prézidan Martelly té déklaré piblikman ké moityé moun nan gouvènman ni an sé Diaspora, sa sa itil pèp la?

Anyen.

Tout Diaspora malonèt yo, yo al pran pòs la sé paské yo paka jwen travay nan péyi blan an, sé sure ké pifò ladan yo gen prè (mortgage) yap péyé sou Kay ak machine nan péyi blan an yap jis sousé sang pèp Haitien pou yo péyé bill yo a l'étranjé e an Haiti JPP maléré kaka.

An nou pansé mézanmi gadé la mairie ap ponmennen nan tout kwen Haiti tankou chien fou ak lion ak Tigre anrajé: vòlè afè ti machan yo ki pa menm gen lajan pafwa sé ponya yo pran pou yo fè ti komès la, ti komès la itil menm noumenm Diaspora pitit sòyèt ki alé Haiti paské pagen wout pa bwa sé a tè a nou acheté, sé nan chien janbé nap nouri, kaka yo fè péyi a tounen yon lanfè sé toupizi ti machan yo, vòlè souliers yo, pantalon, chémize, ak tout lòt bagay éléktronik yo; mayi moulen ap mixé ak diriz, pitimi, pwa huile etc. Abu. Atò sé wè Prézidan yo pa wè sa?

Menm nan radio sé tandé yo pa tandé sa?

Tout chèf fèmen zyé yo, nan ki pil kaka nou pran la a papa bonDyé ki nan syèl la?

Chak maten la mairie ap ravajé ti machan yo pran $20 tax nan men yo oubyen vòlè manjé yo ki pap menm rantré nan kès léta, sé wè yo paka wè sa, èské sé kontra ké yo pran nan men Satan ak mové zanj yo ki fè yo konsa a oubyen méchan ké yo méchan konsa a?

Ti machan yo! Jèn yo ki gen manman nou kap pasé mizè a tè port au prince e partou nan péyi d'Haiti ak machandize nan men yo ! Soyez virjilan ! Map édé nou jwen yon solution nan problèm nan men dépi kandida yo pran pòze yo fèmen zyé yo sou dosyé sa yo fout fè grèv pa voté pou kaka. Pi fò Diaspora yo pa remen péyi d'Haiti vré sé sang nou yo pwal sousé, lè yo lévé gro mas lajan yo yal péyé Bill yo a l'étranjé kòb sa yo pap tounen Haiti ankò sé pi myé nou déchouké yo nan gouvènman Haitien an, si sé yon bagay ki vin de bonDyé sé yon bénédiksyon, men dépi sé ak vyé koutim Nèg marron, bwa Kayiman yap kontinyé sèvi JPP. Nou kaka. Mwen ta vlé konpran poukisa Moise Jean Charles ak alkolik parèy li yo ap batay, men yo paka di mwen ké lè Prézidan Martelly té sweet Micky, li tap monté désan nan airport la pou yo pat ka kontrolé a ki paspò li tap sèvi. Sé Obama ak Bill Clinton ki pat réspékté gouvènman Haitien an sévré, an tèm Sénatè nan yon péyi mwen pansé ké yo ta sipozé mandé Américain dosyé sweet Micky avan yo té aksepté li kòm kandida an Haiti, wè pa wè fò Américain ta parèt aksepté paspò Américain an. Si Moise Jean Charles rivé mété tout kaka chat déyò jis sou 2 ans sa sanblé bagay yo pasé mal JPP. Lap fè dézòd ak ban malfrendeng parèy li yo. Si sé té sou François Duvalier poul ta wè 200 kandida ta pwal sou lis kandida, pou ta genyen kandida ki menm pran ponya pou yal kandida an Haiti?

Li tap fout touyé pi fò ladan yo. Kité François Duvalier ta wè jis pou 20 chèze Sénatè pou 203 kandida ta pèmèt yo al pozé kandida an Haiti li tap fout rédwi yo an silans e li tap gen rézon. Mwen pa menm mété Jean Claude Duvalier nan kozé sa a paské li té trò janti, Astrèl Béjamin ak yon pakèt lò gro asasen tap fè dézòd ak krim nan péyi d'Haiti lè Jean Claude Duvalier té rivé mété grif li déyò poul manyen manm krimèl sa yo li té trò ta sé sak té voyél alé.

Kriminèl yo !

Kounyé a mwen gen 54 ans, menm si nou ta wè mwen pozé kandida ak double nationalitém nan si nou pagen oken désir pou nou kité sa nap fè a pa voté pou mwen pasé kafé nou ap koulé ak ma soutou sité solèy, Dèlmas 2, gran ravin, Bèlè, la mairie, EDH, CAMEP ak chef douane yo ak tout police kap pran ti 10 kòb anba tab nan men pèp la, sé sak fè mwen Pi pagen oken réspè pou moun sa yo.

Pèp Haitien an nou mobilizé nou ak tèt nou frèt poun pa voté pou kaka, bagay yo gen fòs koté pou kounyé a, Bill Clinton ak madanm ni, Obama mété ansanm yo krazé konstitisyon an kòm yon prémyé fwa nan l'histwa Haitien an fò li ka rété éternel pasé sé yon késyon de chak moun ap kriyé pou sak fè yo mal, nèg yo mélé, sé pousa ki fè gran manjè yo ka rivé ap lagué 2 camion wosh nan lari yo lè swa jiska 5 heures du maten sé lè sa a pou 2 ou 3 ti gren chèf tou san fòs ap vin parèt kòm Juda Éscariot sa sé yon malédiksyon, kèlké swa Diaspora ou pa Diaspora nou bézwen yon Prézidan kap kouvri pou tout moun san pas pouki, imajiné nou Prézidan Martelly krazé konstitisyon an li mété pa li, aprè 5 ans pati Lavalas oubyen Inité oubyen MOPOD etc monté yo rékonstwi konstitisyon an, lè pati tèt kalé monté ankò lap ré krazé konstitisyon an épi gòg magòg JPP nou kaka.

Moise Jean Charles ap vin pran pòze platform Déssaline li si yap chaché platform Déssaline sé pran Patrick Princivil pasé mwen pa jwé, guinlè sé mwen ki ranplasé Moise nan la mer rouge la oubyen Smuel an Izraèl, tèt yo cho la a, au nom de Jésus yo paka banm pwazon e yo paka pran zonbim.

Mézanmi mwen pa menm sité nom Jézi anpil nan mésaj sa a pou ipokrit yo pa di si sé mwen sèlman ki konnen bonDyé pasé tout moun. An 1985; lèm té fèk kòmansé Ministère mwen ak politik mwen gran papam, Édward Princivil té kon banm règle la: li té tonton makoute ka Majistra Paul Vériken, pafwa li mandé misyé yon 5 gourdes pou lal manjé misyé répon gran pè mwen: bon Édwa ougen zam nan menm wap mandém 5 gourdes; papam menm sé té fòman, bon jan charpentié ki té étudié Jubé Damyé, mwen pa konnen si sé té vré si sé pat vré, yonsèl bagay mwen konnen e kém aprouvé paském tap travay avèk li pou jistan li té rantré au Canada an 1988; Nou té travay pou manman Michelle Bénèt Duvalier nan Pégui-ville, nou té kon travay pou yon pakèt Ministre ak anpil enjényè ak anpil lòt gro moun ki gen anpil moyen yo. Sa map tou profité patajé avèk nou ké papam tap travay avèk gro mésyé yo sé vré, men lèm tap mandé li kòman fè ké nap travay pou gro moun riche sa yo pou nou toujou tap trennen nan lari a ak ti bout mato, goyin, galè, ékè etc nan men nou tankou ti kokorat konsa a nou pat men ka acheté pa menm yon bisiklèt pou nou tal travay?

Li té dim ké nèg sa yo té toujou préféré montré li chanm yo plen gro zam e yo té préféré itilizé misyé poul té pran zam al touyé moun nan nwit li té dim li di yo ké li pat mété moun sou tè a e li pa pwal nan touyé moun pou lajan, gen ladan yo kité kon di li e byen monchè, si ou pa vlé wap rét a tè a e ou sé yon salòp, li té di yo sa pa fè anyen, lèm té fin konvèti sé sa li té patajé avèk mwen.

Sé sak fè Jodi a si map pasé mizè a koze de lévanjil map préché a sa pa gadé pil boudam menm paské mwen déjà kon trou vide yo; mwen nan bouda yo e nèg kapab manjém, ya touyém sèlman ak manchèt, ak lòt zam afè vyé malfèktè, lougarou, masonlòj, vaudouyizan, sanpwèl (witchcraft) etc. yo pa bézwen pèmèt yo atakém nan pwen sa yo sé tan yo ké yap pèdi, mwen gen 54 ans si té gen yon bagay sérié nan malfèktè konsa a mwen gentan pranl sou tout sak Pi jèn pasém yo.

Pèp Haitien ! Mwen ankourajé nou konvèti bagay yo sé gaté yap gaté, piga pèdi tan nou pou nap goumen pou pouvwa ak réligion sa pap itil nou anyen, Jézi pwal vini sé pa moman pou nap kité Satan ak mové zanj yo gaspiyé nou konsa a. Gadé Jean Claude Duvalier sot mouri la ak Leslie Maniga yo pa alé nan tonbo a ak anyen; an nou sèvi bon ékzanp pou jèn yo kap vini an pa chaché koronpi yo an nou tout nou rémèt éspri nou bay bonDyé tankou Jézi té di bonDyé papa nou ki nan syèl la té fè, révéyé nou.

Patrick Princivil, May 14 2015, 5:59 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti - Manman Doudou, 3eme Edition, 16-17 Mai OAVCT Tabarre

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Kounye a zye nou komanse ouve! Si pou Jean Baptiste Aime blame an prinsip se pa Sophia Martelly selman poul ta blame, se poul ta blame Sweet Miky... read more >
Patrick Princivil, 14-May-15 5:59 pm
mwen contan pwogram sa ampil ki se yon program de motivasyon cote nap apran haityen connen inpotans pwodwi lakay, ak vale nitritif yo si nou... read more >
Albert Jean, 28-May-16 7:09 pm

 

< Previous | Home | Next >