Diaspora yo, mwen pran tout disposisyon mwen poum...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 15106

Diaspora yo,

mwen pran tout disposisyon mwen poum rété an silans sous zafè éléksyon sa a kap déwoulé an Haiti, tout sak té gen pou inskri inskri mété sou sa kap kontinyé al inskri sé sa mwen tap tan, kounyé a mwen pa gen intérè pou map bla bla blabla sou rézo a puiské sé Américain ki chèf péyi d'Haiti map tan jou a pou mwen wè sa lap vin fè ak ban pakèt twal pouri kandida sa yo, fò nou wè ké yo fou, kité yo vin monté sou ti zèle la pagen anyen nou ka fè, si tèt la pa bon tout kò a enfékté, kité yo fè tenten bonDyé nan syèl la kap manyen manm Gouvernman Américain yo si éléksyon sa a pasé nan tenten, sé pou yo apran réspékté moun.

pa di ké map dékourajé nou, si nou déjà gen moyen e nou rété lwen port au prince e lwen ville province yo dépi nou sé krétyen e nou pa wont fè jaden nou pap gen problèm, men sa nyès sa a di a sé vérité; si nou ka wè yon ti péyi pòv kòm Haiti ka gen 200 kandida ladan san konté sak poko alé yo nou déjà wè sé tout yon lanfè.

Men yon nan Kwafè ant Laschaobas-Bélladè nou anfèmé yon kay nan men li
pou 1 an, pandan nap kolé pyésé pou nou fè $1200 US voyé bali sé konsa li gentan fè plan ni e li di ké li pap rénouvlé kay. Li gen niméwo nou li pa rélém épi li gentan pran désizyon li poul mété nou déyò san nou pa menm okouran, wout fin fèt nan Kwafè li wè intérè li pa gen problèm nan sa men rélém o mwen 2 mwa davans e métém o kouran, mwen fè tout yon jounen map rélé li, li pa répon téléfòn paské li fè plan ni; mwen pa paré poum rantré an Haiti kounyé a sé moun mwen bay lòd pou pété séri e rétiré afè nou avan li déménajé nou dèyè do nou, yo modi. Si nou té genyen konsa a sé pa fèm kay nou tap fè nan provens Haiti, dabò sé Pétion - Ville mwen fèt mwen pa menm pasé la paské mwen rantré al viv Haiti pandan plis ké 15 fwa sa paka maché paské pi fò pèp Haitien an trè vòlè, a la fen yo vòlè konténè nou, yo kasé yon kay nou té anfèmen pou 1 an bagay nou pèdi nou paka palé Men lòt la gentan pran désizyon li nou pa konnen plan ni. Imajiné nou kay nou fèmen pou sé moun déyò nou pwal di krazé séri pou pran afè nou paské mwen pa menm ka acheté yon tikè pou mal mété lòd nan afè nou.

Véyé zo nou, apa yon té kasé kay nou san li pa menm rélé juge de paix, paské li gen yon mè katolik vòlè rakétè dèyè li tout sa yo fè e yo fè li nèt, yon swa dizan di li sé juge Adventiste mwen paka réproché li, li té fè travay la pou $500 dola li té di mwen ké travay li fini, men pou kisa li banm yon avoka vòlè ki swa dizan di ki sé yon nan tiste yo, mwen tandé juge la rélél krétyen.

Imajiné nou pou vòlè pat menm wè figui mwen épi san réfléchi li dim maché ak $2000 US poul té kòmansé fè démache yo, mézanmi e ti pòv pitit sòyèt parèy mwen yo menm?

Si nou pagen gro lajan poun acheté la justice an Haiti nou kaka, pa fouré tèt nou, vòlè anvayi d'Haiti.

Ké yo kontan ! Ké yo pa kontan !

Diaspora pa alé lanfè ! Lanfè ! Lanfè ! Lanfè !

Vòlè a té pansé li byen pranm wi e mwen té byen paré pou li, map démaské yo sou FaceBook, Google ak Twitter, chien an di mwen puiské sé juge la ki voyéw poté banmwen saw genyen an, mwen té répon chat maron an: monchè sa pap ka maché pou kounyé a sé jis $200 US kém genyen li té répon mwen pagen problèm monchè ou mèt poté li, é byen mwen té kité Kwafè e mwen té alé jis Turjo #95 port au prince poum té ba li lajan an, koté li té fin pran kòb la li pat vlé pran kontak avèk mwen ankò, poum té palé ak vòlè a fò mwen tap chanjé téléfòn sou téléfòn poum té ka palé avèk li jiska se ké mwen té kité $200 US la bay chat 2 pieds a.

Pa fout alé bagay yo pa bon dèyè a.

Patrick Princivil, April 21 2015, 2:31 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haitian Diaspora Talk - Niece in Haiti discourages her auntie from coming back to Live in Haiti...

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

An ayisyin: Ou poze gwo keksyon e ou komanse bay yon wepons, wepons-ou, ou-minm. Me moin ta winmin ke ou pouse wefleksyion-ou pi loin, pi loin... read more >
Paul Dja, 21-Apr-15 1:03 pm
Diaspora yo, mwen pran tout disposisyon mwen poum rete an silans sous zafe eleksyon sa a kap dewoule an Haiti, tout sak te gen pou inskri inskri... read more >
Patrick Princivil, 21-Apr-15 2:31 pm
could it be that the reason those in Haiti don't want people in the diaspora to come back to live in Haiti is the fact that the diaspora represents... read more >
Carlo, 21-Apr-15 3:53 pm
I can't blame this little girl for warning her aunty about the dangers of going back home, because there is some thruth to what she's saying. Unless... read more >
Natasha Ducasse, 21-Apr-15 4:09 pm
I can't blame this little girl for warning her aunty about the dangers of going back home, because there is some thruth to what she's saying. Unless... read more >
Natasha Ducasse, 21-Apr-15 4:09 pm
Well she has a point to tell her auntie don't come, a lot of things happened in haiti, they killing people who come back home, people whos been... read more >
Margarine Pierre, 18-Aug-15 3:57 pm

 

< Previous | Home | Next >