Sé vyé problèm so yo bonDyé pèp nwa a...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 14322

Sé vyé problèm so yo bonDyé pèp nwa a wi,

nou renmen bay malpm lwa tròp inpòtans sé sak fè yo nan éta yo yé, nou di moun yo Satan ak mové zanj yo pa anyen, yo toujou la ap ransé.

Gouvernman blan yo débouré menm kaka ké moun pa bay enpòtans yo mét produi chimik ladan yo e pi yo fè bagay itil ak kaka, kisa nou ka fè ak Lucifer ak mové zanj yo?

Èské nou ka di pagen bonDyé?

Sé sèlman moun fou ki toujou ap di pagen bonDyé.

Gen fout bonDyé, sé pa mwen ki té kréyé syèl a ak tè a; lèm chita bò lanmè yo ak yon séri de gro rivyè au Canada: lam lanmè a ou rivyè pran dlo a li frapél é li voyé dlo a sou tè sèche la avèk fòs épi rès dlo a tounen nan lanmè a ou rivyè a pafwa pa menm gen vent kap venté, èské sé grande puissance kap fè yo?

Sak fè solèy, étwal, la lune, pied bwa?

Sak fè manjé pousé pou moun ap surviv?

Si dyab la té kap menm yon ti zwazo li patap kité sou tè a jis pou agasé bondyé.

Moun yo nan légliz swa dizan yap priyé, yo pasé tout vie yo ap manjé e bwè malpròpté kou yo rivé nan yon laj tout déchè crak, cokaïne, kléren, wiski, rhum cigarette bèt inpure nan nan sang pèd ti bagay Dyab.

Moun yo nan bwè malpròpté e manjé malpròpté nan men ougan ak manbo, (Lévitik 11); (Deutéronòm 14)yo malade yo di sé zombie yo voyé sou yo, doctè yo paka fè lajan paské pèp nwa a bay dyab premier plas nan la vie yo au lyé pou yo ta rémèt Jézi kè yo. Moun swa dizan di yo sé krétyen, 20 moun ap viv nanw sèl ti chanm sé la yo fè tout afè yo, yon ti jus oubyen yon ti siro tonbé a tè a fomi réuni nan siro a oubyen sucre la yo diw sé éspédisyon lòt vwazin voyé sou yo, moun malade yo pa vlé al ka doktè: dyab.

Moun yo ap manjé nan tout bwat fatra yo pa lavé men yo souvan koléra, ébola ataké yo: dyab.

Mwen té gen yon tontonm, yon nèg ki té fè tout klas li an Haiti, li té yon avoka aprè sa li té vin commissaire du gouvernment, sa a li pat rakétè ak vòlè, byen kém té ti moun ki tap grandi an Haiti sa té chokém anpil, tontonm sa a té mennen yon ougan nan kay la avèk tout yon fanm ni pou fè swa dizan trétman pouli menm pat kon sal té genyen.

Mézanmi yon vyé ougan sovaj, fanm li té vin avèl la, san li pat fèl anyen mouché té avèk yon gro bòt désanlyé nan zagol, mouché a bay madanm nan yon sèl kout pied anba ti ventre li, si fi té ansent timoun sa a mouri; sak té pi insiltan an sovaj la té fè sa dévan manmanm, tontonm nan avèk mwen; dènyé kou ki pou touyé koukou a, yon nèg ki pa menm kon li e ékri wi, li pran yon 5 kòb (1 cent) penich li tontonm valél sans intélijans tontonm pranl li valél vré wi!

Nan ki malpròpté sa a nation an pran la a bonDyé?

Papam menm té gen yon kansè nan pyé li, olyé poul té koupé pyé a li té chita ap maché nan ougan pou swadizan guérizon, yon jou yon ti ougan pied sal ki pat menm mété yon bon kalson souli té di papam paré men li, papam lonjé menl bali ti ougan kolé men papam nan fant boudal el té pété nan men papam, nou pa réspè nou dyab la ap bétizé nou.

Granmè mwen té yon ti manbo, malfèktè té bal pwazon nan plédé rédi pou tè avèk yo yo té itilizé pròp ma tante li pou té anpwazonnenl, sé sa yo di, olyé poul té al ka doktè pou dézentoxikasyon li té chita nan malpròpté ougan ak manbo.

Yon ti ougan té vin nan péristil la swadizan li fè trétman pou granmè mwen, yo té fouyé yon gro trou ki nan anviron 7 pieds yo, yo té glisé granmè mwen nan trou a chita sou yon ti chèze, yo té pran yon asyèt blan yo avèk yon pakèt mèche koton ak l'huile kap limen, yo té fourél asyèt sa a anba chèz sa a, sa nou tandé a: yo té kouvri granmèm la tête au pied ak yon dra blan, égaré kité ougan fèl sa vré wi;

Ougan an té tonbé vidé dlo sou tèt granmoun nan nan trou difé monté sou granmè mwen, nèg la kankannen granmèm byen kankannen épil té ralé ti rèst ma a monté poul tal fin mouri pi vit.

Granpè mwen ki té yon rat pa kaka, lè yon moun ataké yon nan fanmi nou li débalizé tout kay moun sa a nan dyab, pou you nan kay la surviv sé bonDyé nan syèl ki té pou di misyé: mwen paka baw sa a, menm ké lap trébiché lap vin sèvim pita, si sé pat tout moun kaka; pou nou wè menm ti ougan sa a ki fin achevé granmèm nan sé limenm ki té pran yon gro balèn tou limen poul tap di granpèm valél, misyé té yon to moral kanmèm, misyé e misyé té di ougan non li pap fèl.

Manm légliz yo révéyé nou san pa sa kafé nou pwal koulé ak ma. Yon pakèt malfèktè nan tout rakwen bati péristil yo e yo rélé péristil la légliz; vyé légliz pòv e mizérab, mwen pa menm bézwen palé de péyé la dime, yo pa kanpé sou anyen (Malachi 3:10); yo, pran prétext pou yap di sé dyab ki maré légliz, pa rélél légliz, rélél péristil.

talè malè pwal rivé yo si yo pa répanti.

Pou fini si Prézidan Martelly pa sèvi Bondyé, nan mwa désanm nan anpil tèt pwal pasé nan sakrifis,, wen konnen sa men sa pa gadé pilot boudam menm;

Haiti pa pou dyab kèlkéswa kondisyonl ak Lucifer, Haiti sé yon péyi ki patajé ak jist e enjist, fòl dwé pròp tankou tout lòt péyi pròp yo, tròp pousyè nan péyi d'Haiti, sé pou Haiti dwé gen camion ki maché ak aspiratè e pou lavé la rue a korrekteman, opposition an mélé, yo pat kon bay sèvis sa yo.

Patrick Princivil, December 19 2014, 6:52 AM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti - Pou Election fet, fok Martelly jwen 4 DEGOUDEN ki sere andedan Palais National...

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Se vye problem so yo bonDye pep nwa a wi, nou renmen bay malpm lwa trop inpotans se sak fe yo nan eta yo ye, nou di moun yo Satan ak move zanj yo pa... read more >
Patrick Princivil, 19-Dec-14 6:52 am
No comments!People's,They don't know what they doing. read more >
Max Mondesir, 19-Dec-14 4:01 pm

 

< Previous | Home | Next >