Pa gen diskisyon nan sa, an ayiti kon aletranje evangelis...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 14224

Pa gen diskisyon nan sa, an ayiti kon aletranje evangelis ayisyen preche yon levanjil reziyasyon ki plonje moun yo pi fon nan la mize. Men pou yo, yon paste pa sipoze pov.yo toujou Manipile vese a vre, men yo bliye ke bondye kre ye nou avek lib volonte.

ou gen chwa pou fe byen epi saki pabon.

majorite kretyen ayisyen pa kwen nan investisman, you kwe ke si yo gen yon $1000 jodia gaspiye l nan de twa jou epi bondye ap pran swen demen, yo lage tout responsibilite a son Bondye, yo pa gen pyes responsabilite, yon pa kwe nan ekonomi, bidje.nan povrete nou trouve nou jodia, Li plis ke travay, ak eztabilizasyon politik, li se yon pwoblem mantal ak edikasyon.menm sa yo ki nan etazini ak la frans yo gen menm mantalite malerez la. Moun nan gen trant an lap travay nan yon peyi devlope, li toujou rete menm jan lel te kite peyi li.ou pa ap travay $10 pa e, epi ou 7 kat de kredi epi yap mache nan jen yap rele anmwe bondye.

invite Bondye nan sa wap fe a lap beni w. Pa fe anyen, pa ekonomize, pa investi, epi ou pral beni. li inposib paske lamann pa tonbe anko.Tout tan ayisyen pa edike nan zafe ekonomi ak evestisman, nou pap monte nou pa desann.

le Bondye ba ou yon job, li pap sot syel la poul ki sa pou fe ak lajan ou lib volonte ou konnen pou manje, depanse, ekonomize, investi.nou dwe sispann blem Bondye pou povrete, komanse pran responsabilite pou aksyone nou, sispann blem moun pou pwoblem nou. paste yo ta sipoze fe yon kou espesyal ak fidel yo kosenan lajan ak investisman, yo ka gen rezon pesonel yo kife yo pa vle sa.epi tou gen de moun ki pap janm soti nan povrete paske bondye we ke moun .gen moun kon li koman se ap manyen yon ti kob li pa respeke pyes moun, byen materyel ap fel pedi nanm ni, moun konsa li ka toujou rete nan pov rete pou sove nanm li. Nou prev la, anpil jen fi ak jen gason kretyen kite ayiti pou ale aletranje.

Jen sa yo te zele nan levanjil, yo te respekte moun, yo fe respe tet yo. Di moman yo rive nan peyi blan tout bagay chanje, y ap f e ti lajan yo bliye bondye .yon mete chen nan pye, nan tounen, chen tout kote. An ayiti anpil ladan yo ap priye pou viza etranje ou byen pou satan pa lwa pa touye.

Se pa kretyen selman sous povrete nou an ayiti li tipikman mantal.

Jonas, December 2 2014, 12:07 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti Levanjil - "Si Papa-m se Roi, Fok mwen Prince" - Ki opinion ou sou sa?

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Imajine w, si tout Pasteur et predicateur sa yo gen kontra avek le diable! Tout lajan manman m pase nan shalommmmmm! Men li mouri dimanche pase m... read more >
Kaam, 2-Dec-14 8:58 am
Mon Che si nou ta pren pou nou komente sou sujet sa li ta pren empil ten. Oui nou pa konin si Jesus te di sa vre paske generation sa pat la lew... read more >
Ghislaine Decayette, 2-Dec-14 11:02 am
Pa gen diskisyon nan sa,an ayiti kon aletranje evangelis ayisyen preche yon levanjil reziyasyon ki plonje moun yo pi fon nan la mize. Men pou yo... read more >
Jonas, 2-Dec-14 12:07 pm
opinion pa-m sou sa gen jou ki pral rive Bon Dieu ap avili tout fo pasteur yo epi lap"ONORE"tout bon pasteur yo avek tout bon serviteur ki tap... read more >
Leo Accede, 2-Dec-14 1:04 pm
Mesye nou we moun kap mache legliz san epa anyen yap benefisye tout se moun fou yo mechan ak tet yo sitou potestan yo.si gen yn relijyon sou late se... read more >
Josepharnold, 2-Dec-14 1:45 pm
Don't forget God is great most often some people keep praying without action you have to do some things for God blessed what you are doing asking... read more >
Heric Licius, 2-Dec-14 8:56 pm
si yon moun vole sa afe pal.si tu es manteur c'est toi qui failliras, les promesse de Dieu ne faillirons jamais.moun ka fe tout magouj yo vle.yon... read more >
Ben, 3-Dec-14 12:50 am
nan tan manmam'm avec papa'm te toujou gin leglise se le yo soti nan mache nan jadin fini bail bet mange fini fe devoi avec ti mou'n yo epui yo alle... read more >
Pirre Ripert, 12-May-15 10:06 am
Gen n vese nan bib la ki di tou, fok ou gen bel vie sou te a avek pesekision e apre pou gen la vi etenel. Kesion sa tre delika, se pep la menm ki... read more >
Enel, 5-Dec-15 11:12 am

 

< Previous | Home | Next >