6 chambre à coucher vlé di: 6 chambre ki fèt...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 14164

6 chambre à coucher vlé di:

6 chambre ki fèt pou moun dòmi, chak chambre sa yo dwé genyen pendri (closet) pou koké rad; san réfléchi fòk li genyen lòt plas ki genyen kòm pi piti 2 twalèt avek koté ki gen glas pou nou gadé figi nou e avek pouniture pou nou mété bòs a dent, savon, sèvièt, papier twalèt ki floché kòrèkteman sa a sé pa négosié: fò twalèt yo floché (flush) kòrèctéman, fò gen yon nan twalèt yo gen yon bon lavabo rézonab ladan avèk douche sistèm cho e frèt pou moun benyen, fò chak chanm gen yon fénêtre de sorti pou si en ka difé, sé pou sa fè sur nou pa fè kay nou kot vòlè ak moun kap pran drògue. sa ki rélé salon an menm fòk li genyen plas pou pi piti 3 canapé (sofa) avek gran pòt poun rantré avèk yo avek gran salle à diné ki ka pran 6 ak 8 chaises pou moun manjé avek asé plas poun mété meuble pou moun ki vlé télévizion, fò zòn nan bay internet (WIFI), chanm yo dwé gen bon jan pòt poun rantré avek meuble a tiwa pou mét dra, sèvièt etc. nan chambre yo, fò gen koté nan kay poun mété papié éjénik (toilet paper), extra zòrié, kloròs (bleach), fab etc.

fò gen koté nan kay la pou moun mét laveuse, sécheuse, ak frizè.

Cuisine nan menm fòl ka pran pi gro frigidaire ki ekzisté a paské fanmi an ap anpil; fòl ka pran 2 fou: chak 4 plas ki pou fè manjé, yon a gaz e yon éléctric, fò gen anpil koté nan kizin sa a pou moun mét asièt chodyè, tiwa pou mét kiyè, verre, godé etc. nan kizin nan dwé gen koté pou nou mét sak manjé nou.

Afè bagay dlo kouran, stationman pa gen négosié, sé sak rélé 6 chanm a couché.

Si nou ka gen tout sa yo nou ka di nou pa nan lanfè:

e si nou pagen aksè sa yo nou mèt di ké nap viv tankou zannimo.

Au Canada, sé cheval, bèf, yo mét viv nan jan de kay ki pa gen tout bagay ké moun dwé gen lakay yo.

Si nou bézwen plis détay sou zafè sa a al sou Goggle e tapé 6 bedrooms pictures youtube nap gen anpil idée sou sa.

Sé pa kaka kòk, tout bagay yo fèt ak program lojisyèl (software).

Acheté software nan www.cadsoft.com
google autocad program

nan apps sore a nap jwen software sa yo pou prèské anyen, program sa yo ap édé nou fè bèl ti modèl kay andedan kòm déyò avek bon ti gazon (landskeeping) ak flè devan pòt nou.

Pa okipé vo rien kap pousé nou al fè bri nan la ri fè maniféstasyon, boulé caochou, pran gaz lakimojèn ak katouch nan léstomak nou, sé sa yo fè yap péyé, talè kansè pwal touyé, si nou pa manjé pwa nou pap kaka pwa

Patrick Princivil, November 23 2014, 5:35 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti - Combien Chambre a Coucher ki genyen nan yon Kay 6 Pyes?

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

6 chambre a coucher vle di: 6 chambre ki fet pou moun domi, chak chambre sa yo dwe genyen pendri (closet) pou koke rad; san reflechi fok li genyen... read more >
Patrick Princivil, 23-Nov-14 5:35 pm

 

< Previous | Home | Next >