Praise the Lord! Ti chef dézod ki rélé ti Moise...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 14082

Praise the Lord!

Ti chef dézod ki rélé ti Moise Jean Charles la pèmét li pou lap lodé vyé mésaj li yo sou vidéo sou YouTube kont Prézidan Martelly ak Lamothe ki pa itil moun de bien anyen, sé réyini ban payaya pied sal parèy li yo nan la ri, fè bri nan tout ti kwen. Lè misyé tal lékol genlè sé anba ban yo li té chita, li genlè pa wè ké sistèm Haïti a chanjé?

Li pa wè kél dwé sispan fè ti jès kokorat sa yo anko, ké lap fè a?

Mwen pa fatiguém ak ti tenten maniféstasyon sa yo ké yap fè a, avantaj mwen gen sou ban chien sa yo: tank yap fè maniféstasyon nan péyi d'Haïti sé tank yap pran gaz lakimojèn, à la fin kansè a fout touyé yo pou ba moun répo. Yon sèl bagay ki inkyétém pou pèp ki pa nan maniféstasyon yo sè ké charonj santi yo ap maché boulé kaochou nan péyi d'Haïti ki kapab nwi nou avek tout vyé maladi mét sou sa nou déjà genyen, tout vyé lafimen toxik sa yo ka ba nou kansè etc. (I want ti Moise Jean Charles stop that).

Lap chaché akizé Prézidan Martelly ak Lamothe pou machan drog nan péyi d'Haiti, jis paské sé égoïs li yé; mwen fè récherche mwen sou YouTube e mwen pa wè oken koté li té kon akizé Jean Bertrand Aristid pou Jan de koripsyon sa yo, paské sé Prézidan Martélly ak Lamothe sa pa fè afè yo.

Opinion mwen: sé pou Prezidan Martelly ak Lamothe dirijé péyi d'Haiti pa dékrè pou éliminé malandren sa yo, sa pap étoné mwen sim ta wè la police kenbé ti Moise Jean Charles nan fè vyé deal anba tab pou lajan ak péyi étranjé e ak kèk riche an Haiti yo pou Haïti pa avansé, pou Haiti rét nan plis mizè jis pou yo mété vyé fèy dola vèt nan bouda poche yo, gèt manman yo, sé pou yo péyé sa.

Sé sak fè moun Mirbalais ap manjé vyé poison kontaminé sot nan péyi voizin voyé ba yo pou fè expérians avèk yo, san intélijans yo pran yo, yo manjé yo, yo van yo, si yo ta pasé poison sa yo nan laboratwa, sé lè sa a pou pèp Haisyen ta rékonèt ki valè Haisyen péyi voizen yo éliminé pou Haiti, nan tan famine sa yo si péyi vwazen sa yo ta gen bon gro pwason sa yo sé nou yo ta bay yo?

Ouvè zyé nou, lè nou acheté produi sa yo si nou li yo korèctéman nap wè ké yo di gen yon séri de produi ki pa tésté sou animaux, pozé tèt nou késyon, sou kiyès yo tésté sa yo?

nou pa konnen yo.

Pèp Haitien!

Si map détékté pyèj e partajé yo avek nou sé paské Bondyé chwazi mwen poum édé nou soti nan laboue.

Mwen rélé Moise Jean Charles ti sé pa poum désan ni poum monté tèt mwen. Sé paské mwen wè li tou piti dévan gaz lakimojèn ak kaochou sa yo ké yap brulé nan maniféstasyon an; lèm balansé pwa yo devan gaz la, rézilta a pwal kansè ak tout lot maladi.

Mwen pa vlé lè mwen pozé kandida pou ninpot post élvé an Haiti, mwen pa vlé pou pati politik yo pè poum pa vin pèsékité yo, mwen pa gen oken réko kriminèl dépi Haiti rivé jis au Canada-US e Sen Domeng kom mwen té pilé tè yo a yon fwa, koman poum ta fè pansé vin pèsékité moun?

sèlman nan gouvernman pam nan pap gen bagay ilégal ladan.

Si la police ap mété chef police nan prison pou machan drog mwenmenm kap sèvi Bondyé mwen paka vin toléré yo tou.

Mwen ta renmen Moise Jean compran ké mwen pagen anyen kont li ak pati li ya, tout sam ta renmen pou Haiti sé bon jan chanjman kom nou wè Prézidan Martelly ak Lamothe ak la police Haisyen déja komansé nan péyi a. Menm ta renmen wè tout lot zansèt yo nan syèl la ak Bondyé a sé konsa mwen ta renmen wè Moise Jean Charles ak tout fanmi li bo tab la nan syèl ak Bondyé tou.

Mwen pasé nan vwa sa a poum édé Haiti avansé, sé yon téknik ké mwen itilizé pou US-Canada ak la France bay Haiti yon chans, mwen vlé fè yo konpran ké sé pa nou tout nwa yo ki kriminèl, volè e modi kom tou tan gen ladan yo kap rélé nou modi nèg, nwaro (fucking neger) e Voodoo etc.

Map batay pou sam wè ki ka pi bon pou Haiti, map menen yon batay ki san pati pri, fok nou ta pèdi konténè a poum ta vin nan politik, yon politik ki pap janm mélanjé ak oken tras koripsyon.

Tout plan mwen pou Haiti sé vin fè gro jaden an Haiti, ofélina, bay moun manjé, gen gro lokal nou an Haiti pou apran moun planté, e dévlopé tout sa nou konnen yo, pètèt mwen ka pa menm gen tan pou plas léta.

An touka mwen zanmi ak Prézidan Martélly ak anpil pati politik Haisyen sou FaceBook yo paka dim anmèdé yo pou plas léta.

S'il vous plaît an nou fè yon fason poun ranjé péyi d'Haiti korèkteman.

Blan zyé vèt pi pa réspékté nou menm nwa yo sé a koze de tenten sa yo ké nap fè a. Si Prézidan Martelly ak Lamothe vrèman bezwen moun séryé ki pa nan koripsyon pou édé yo ak Haiti, mwen sé yon ladan yo.

patrickprincivil [at] gmail.com

Patrick Princivil, November 14 2014, 12:44 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Leogane Haiti - Police Chief Telemaque Claude Arrested for Drug Trafficking and Transported to the United States

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

I would love to know why they transport him to the United States? Did haiti have they own constitution, US transport the Haitians criminal back to... read more >
Sa Youyou, 14-Nov-14 8:41 am
Parfois les professeurs de moral sont les plus imoraux,, neg ki swadizan yo la pou kenbe vole a c li ki pi gwo vole li gen gwoup gang kap travay pou... read more >
Yes, 14-Nov-14 10:47 am
Praise the Lord! Ti chef dezod ki rele ti Moise Jean Charles la pemet li pou lap lode vye mesaj li yo sou video sou YouTube kont Prezidan Martelly... read more >
Patrick Princivil, 14-Nov-14 12:44 pm
Barnabbas, the narrow view is: "jij visye", but justice has a price everywhere and it is bought even in the USA. The past governments (1986-2014... read more >
Legrand Parisien Salvant, 14-Nov-14 12:45 pm
He should not be transported to the United States. It is not right. Maybe they need to make mpre arrests. read more >
Schuman, 14-Nov-14 2:19 pm
only Haiti the amirican can do that to take haitain who sell drug to America and don't give him chance to figth his right I think my president sell... read more >
Lena, 14-Nov-14 4:13 pm
Poukisa le ameriken gen jan de problem sayo,yo retranche yo lakayo,men nou k retranche sa lakay nou tou read more >
Jeanrick Agenor, 14-Nov-14 6:52 pm
Mwen ta renmen konn kek nouvel kap pa c ayiti read more >
Francois Marie Josephe, 15-Aug-15 8:41 am

 

< Previous | Home | Next >