Haiti Internet Access - Natcom, Digicel, Access Haiti, Kilès ki bay pi bon sèvis?
< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 10806
Mezanmi an nou pale de koze Internet saa an Haiti, se yon problem ki emerde m anpil.
Tout konpayi di yo ap bay internet rapid nan peyi dayiti men se kon w pran ou konnen.
Natcom di li bay Internet san limit men depi-w depase 3.5 jiga oswa 7 jiga yo baw la internet la bon pou whatsap selman, zafe nagive a se bliye sa.
Digicel la menm, intenet li rapid wi, 7 jiga pou 1000 goud. men pitit, depi ou ta deside gade kek film sou net la, oswa ou pase twop tan sou Facebook at Youtube, ou chire.
internet la pap baw yon semenn, se achte pou-w al achte anko.
Mwen poko eseye Access Haiti men gen kek zanmi ki pale-m de Access Haiti.
Yo dim se yon internet san limit li ye men li cher.
Mwen pa ka konpran kijan Sen Domeng lot bo fontye a sou menm zile a ka ofri internet pou 600 a 900 peso pa mwa, rapid e san limit nan kay, epi pou Haiti ap trennen konsa sou zafe Internet technology epi Gouvenman an ap di Haiti is open for business.
High speed Internet a bon marche essentiel pou yon peyi ki open for business nan moman sa yo.
Kesyon pam se kile konpayi Internet Haiti yo ap retire kod la nan kou Internet la pou you lage li a tout boulinn pou Haiti kapab navige kom sa dwa?
Pwoblem Mwen, September 25 2014, 6:50 AM
Topic: Poll: Haiti Internet Access - Natcom Vs. Digicel
Start a NEW topic or,
Jump to
previous | Next Topic >
< Previous | Home | Next >
Messages in this topic
< Previous | Home | Next >