Bon, an nou fè yon ralé sou dosyé sa a...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 13374

Bon,

an nou fè yon ralé sou dosyé sa a!

Pèp Haitien, nou kon-nen Haïti pat nan katon an pandan anpil ané?

Lè nap gadé Croiffè ak Bélladè, mwen pa kon pou Mirbalais: nan Laschaobas Croiffè ak Bélladè pa gen yon motocyclette ki gen yon plak la dan yo, si yo genyen sé kounyé a, sé pou sa nèg sa yo ka woulé motocyclette sa yo sèlman nan 3 zòn sa yo sèlman, yo paka alé Port au Prince ak motocyclette yo.
Sé pa kritiké map kritiké paské-m konnen byen ké gouvernement lakay, réponse payizan ap travay fò an Haïti, pou jan gen yon séri de Haitien ki si tèlman méchan an Haïti, nan voltijé nan tout rajé nan province ak motocyclette yo san plak yap fi-n manjé payizan yo, si prézans Bondyé pa lakay payizan sa yo yap kaka pi vit ak malfèktè sa yo.

Mwen ta swété gouvernement Martelly -Lamothe fè plak moto pou tout population Haitien an tou, ki ap yon profi pou gouvernement Haitien tou.

Haïti bézwen compagni asirans machine ki pou charjé chofè chak mwa, par 6 mwa ou par ané whatever jan nou vlé péyé-l la. Si nou frapé mou-n, si nou touyé mou-n, si nou frapé machine mou-n, si yo vòlè machine nou, si yo boulé machine nou, kay nou, Asirans maladi etc. lè ka sa yo rivé asirans nou monté in pé pi chè, pou kouvri pou nou fò tout chofè gen bon jan asirans, pandan machine paka woulé fòk yo ba nou yon lòt machine pou nou woulé, si nou péyé full asirance nou gen pi bon sèvis. Afè si nap kondi machine nou frapé bèl machine mou-n nèg ap fouré zam, ou révolvè nan tou zòrèy nou pou-n ranjé machine yo sé dézòd, yon lajan nou gen dwa pa jan-m manyen nan vi nou; tan pou nèg tiré nou pou yon aksidan ké nou fè; tan pou nèg boulé nou pou tèt aksidan ké nou fè pou kisa ban-n vyé politisyen maron sa yo pa kolé tèt ansan-m ak gouvernement Martelly -Lamothe la pou, pou mété bon jan asirans sa yo en Haïti, asirans ki fè yo au Canada-US yo sé kòb yo yap fè, payi d'Haiti sa a pa tap yon payi. Pèp Haitien déjà profésyonèl nan fè dézòd, yap roulé motocyclette yo, machine yo, si yo frapé yon mou-n yo pa kanpé, yo pa mandé viktim nan sal gen pou van. Alé nan Croix des Bouquet mandé mou'n kap viv nan zòn nan opinion yo sou zafè sa a pou-n tandé sa yap di sou zafè sa a. Sé pou sa ki fè mwen ké sé Diaspora Haitien yo ki pou pran kontròl payi d'Haiti.

Bagay yo tap mal maché pandan lontan, së gouvernement Martelly-Lamothe ovè zyé yo sou bagay sa yo; kondisyon sa yo pa bon.

Finaleman sèvis sa yo ap nan Avantage mou-n ki ouvè yo a, Haïti sipozé gen arêt autobus ki bay lè yo pasé tankou tout lòt payi dévlopé ou pa dévlopé, politisyen yo dwé al Canada-US e pran bus ak train, sa ap ba yo idé kòman bagay yo ap fèt, sé pa yon késyon de plédé rédi pou pa siyen sou Article 112 whatever sé yon késyon de ki yès ki pi kalifyé pou bay bon jan sèvis an Haïti.

Ti sèvo anpil diaspora e anpil Haitien ki pa jan-m voyajé vrèman pòv. Sé pou sa map frapé trè di pou bon chanjeman fèt en Haïti san mwen pa men-m yon politisyen.

Patrick Princivil, September 3 2014, 11:06 AM

REPLY   Next >

 

Topic: New Haiti License Plates Starting October 2014

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Bon, an nou fe yon rale sou dosye sa a! Pep Haitien, nou kon-nen Haiti pat nan katon an pandan anpil ane? Le nap gade Croiffe ak Bellade, mwen pa... read more >
Patrick Princivil, 3-Sep-14 11:06 am
Good idea, but we are going backwards. A lot of states in the US are getting rid of the license plates because it is wasting resources, money, etc.... read more >
Legrand Parisien Salvant, 4-Sep-14 1:18 pm

 

< Previous | Home | Next >