Haïti pa yon bwat fatra, vyé téchnology sa a...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 13349

Haïti pa yon bwat fatra, vyé téchnology sa a fini dépi nan zòn 2008 yo, diaspora paka ap lévé yon gro bout madédé konsa pou voyé an Haïti bay fanmi, mwen konpran sa, ké Haïti pa avansé nan téchnology, air Canada ap chajé mou-n $5:00 par kilo, meziré yon télévision kadran plate yo sou yon pèz, e méziré ansyen madédé télévision yo pou nou wè diférans la. Télévision kadran plat yo ka pasé nan ninpòt malèt san problèm, télévision kadran plat yo sou kijiji.

ca pou yon ti mon-nen, mwen kwè ké si yon diaspora ta gen yon madédé yo pa bézwen nan payi blan avan pou yo pran li e pou yap dépansé lajan yo pou voyé-l Haïti sé konparé pwa bagay la, konbyen sak ki pi nouvo a van-n nan, aprè 1 ou 2ans nap jwen yo sou kijiji.ca, e direct factory.

ca etc. kalkilé tax yo pwal mét sou li dépi nan payi lap sòti a rivé Haïti. Nan ka sa a tout malpròpté ké nou pa bézwen ankò sé jété yo nan poubelle, nou vlé fè yon jèst avek mou'n an Haïti sé bayo yon bagay ki gen dwa kouté mwens lajan men ki pa yon gro bout madédé.

Patrick Princivil, August 31 2014, 1:51 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti Television - Analog to Digital TV Deadline 15 Jun 2015

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Haiti pa yon bwat fatra, vye technology sa a fini depi nan zon 2008 yo, diaspora paka ap leve yon gro bout madede konsa pou voye an Haiti bay fanmi... read more >
Patrick Princivil, 31-Aug-14 1:51 pm

 

< Previous | Home | Next >