Sé nòmal nou paka rété yon ti payi...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 13079

Sé nòmal nou paka rété yon ti payi coco-rate pou tout rès vi nou, Bondyé di nan paròl li nou dwé travay trè di pou nou manjé, yon ban-n Prézidan parésé té kon-n ap monté sou pouvwa en Haïti men-m ké yo té kon-n voyajé nan payi étranjé yo sé té pasé chapo oubyen kwi, lè yo té kon-n rési jwen-n yon ti bagay nan kwi a sété jist al chita nan yon ti kwen valé tafya, fimen crak kou yo fi-n fimen malpròpté a sé pòche yo ké yo vi-n wè plis, nèg yo té kon-n tou sou men-m si chien mouri nan la ri a sa pat di yo anyin.

Ekip football yo genyen match la: mèsi lwa-m yo, Prézidan nan pisé nan la rue, sak pou touyé koukou a gen Prézidan Haitien nou tandé ki té agonòm men-m yon pied maïs yo pat mét nan tè mwen pa bézwen di nou pou yon pied bwa, kou manman.

Tremblement de terre pasé nan payi d'Haïti 12 Janvier/2010; Président payi nou lagué ballon an nan pied Américain daprè CNN li té rési parèt tèt li déyò aprè 15 jou en Haïti pat gen mou-n ki té men-m kon-nen si Prézidan Réné Préval té vivan ou pa; lè'l té rési parèt tèt li, li té di gouvernement Américains an ké tremblement de terre fini, bay yo rès dlo yo ak manjé yo ya séparé yo e yo té mèt alé, jiska sé ké pou Prézidan Obama té di li sé George Bush ak Bill Clinton ki an charge parlé avè yo, pou kounyé permèt li pou tap di ké sé Préval ki té pi bon Prézidan nou wè nan ki pwen chèf d'éta nou yo té parazit?

No-m nan ki té Prézidan payi a li pat men-m parèt tèt li pou-l té mandé pèp la sa yo té po-t pou van-n lè-l rési sòti koté-l té caché a, li té pakèt kaguézon diri, dlo ak lòt détay li té mé-t nan tèt li pou Gouvernement Américains té ba li yo pou yo ta-l fè gagòt ak fan-mi yo ak zanmi yo; men-m légliz té fè gagòt, diri, maïs moulin etc té ré-t pouri nan men yo, sé pat tout membre légliz ki té gen chans jwen nan don sa yo, sété bon zanmi yo ak fanmi yo ki té dansé nan manjé sa yo, nan kisyèl pastè sa yo pralé?

Poukisa Bondyé pat tou krazé mou-n sa yo nan tremblement de terre?

Limen-m sèl ki kon-nen pouki.

sé pousa gouvernement Américains an trè frékan nan biznis nou-min'm pèp Haitien an konsa, nou té déjà pat gen yon gouvernement aprè 12 Janvier2010-2011 sété pi rèd. Haïti té gen tout chans li pou-l té vi-n miyò en 1996 lè pakèt troup té vi-n édé, lè yo té wè gouvernement Haitien pat kanpé sou anyin yo té kon-n ap pasé nan bétiz pèp pòv Haitien an kap ran-masé rès bwat manjé éxpiré nan fatra pou yo té al manjé e nou kon-nen jan fatra Haïti sal déjà sé pousa Munistah té bay pèp Haitien nom coco-rat la. Sété yon késyon de palé 7 langues ki pat itil mou-n anyin.

Avan pou parti Lavalas, (MOPOD) Unité ak Duvalier exepté Jean Claude Duvalier ta vi-n nan politik ankò sé pou Prézidan Martelly ak Lamothe ak tout parleman Haitien an ta fè des seminaires ak training avek yo pou plizyè ané.

Nèg yo pa néttoyé fatra, pa men-m bin fatra yo pa acheté mété nan payi d'Haiti; nou-men-m diaspora ki sòti nan fatra, si nou té manjé yon bagay nou té wont jété-l a tè a malgré fatra, po jina, asyèt caton etc. pou nou té wè sé blan zyé vèt kap viré partou nan Port au Prince san chemise ak chemizèt sou do yo byen mové sou traktè yo pou yap ralé fatra nan kanal port au prince.

Sé pousa mwen byen étoné pou map tandé Moise Jean Charles ap radoté di ké blan zyé vèt ap vòlè richès payi d'Haiti, si yo travay fò yo manjé yo pa pareusseux.

Nou pa bézwen ap kritiké Prézidan Martelly Ak Lamothe si yo kité luxe nan payi étranjé pou yap vi-n fouré men yo nan fatra a pou yap néttoyé Haïti, sa-m ka konpran sé peut être kè yo ka fè yo mal pou Haïti yo pran kòn nan pou yo édé, date nou sou do bèf la nap fèl pasé mizè.

An prinsip pou yon mou-n kandida fò yo parèt ak yon baz téchnology ki ankò pi avansé ké sa Prézidan Martelly ak Lamothe ofri a, sa pakèt kandida sa yo pwal di ak pèp la?

Kounyé a nap viv nan yon génération modern, téchnology a sé kouri lap kouri ak tout vitès, pou dévlopé jardin pou bay manjé sé ak sistèm GPS traktè yo ap marché pou préparé tè yo. Construction kay sé avek logisyèl yap dévlopé, dévlopman ville yo sé a logisyèl yo marché, autoroute, route train etc. sé logisyèl kap parlé, si candida sa yo pa gen
okin-n experience téchnology sa yo pra-l ofri pèp Haitien an, mété avek nou-men'm ki nan diaspora a?

Nou wè candida pachiman sa yo ki tap mal men-nen dépi lontan nan yon payi sé gaspiyé ké yo tap gaspiyé payi d'Haïti.

Si candida sa yo tandé combien million de dollar ap pasé nan men Prézidan Martelly ak Lamothe pou dévlopman payi d'Haiti zyé yo pa bézwen sinyin, vi cochon, manfoubin, san sousi sa yo dwé fini nan payi d'Haiti.

Yo pa men-m ka géré la santé, fatra jardin, sécurité, dlo, éléctricité, wirless Internet, pa gen route jardin, payi a plen pousyè, mwen pa men-m kwè gen camion ak tout aspiratè pou ralé fatra nan la rue Haïti, mwen pa kwè gen men-m camion ki maché ak dlo ak aspiratè pou spray la rue a, e ki pou tou aspiré dlo a nan la rue yo sé pou sa pousyè ap dévoré mou-n konsa.

Mwen wè fatra ap boulé sou route Carrefour valè dézè ki gen an Haiti pou boulé fatra?

Sé ak bagay sa yo pou nou parèt pou nou fè yon diférans.

Yon pakèt ti salopri machine ak motocyclette ap fè traffic an Haïti, ki koté nou pasé au Canada- États-Unis etc pou-n wè yon bagay konsa?

Gran manjè yo plen lajan sé pou yo acheté anpil gro autobus ak air conditioné ak machine taxi pou ouvè compagni en Haïti, mwen pa kwè sé seng Domeng ki pou vi-n fè sa pou nou nan tout la rue payi d'Haiti, e mété arêt autobus nan tout la rue a, fè réunion ak lékòl ak tout chaufè camionèt apran-n yo kondi autobus yo corèkteman payé yo pi chè ké sa yap fè nan la rue a pou yo pa plenyen pou payi sot nan nivo coco-rat sa a ké vyé Prézidan malfòmé sa yo té mété-l la.

Sé la mwen kanpé priyè mwen devan Bondyé papa nou ki nan syèl la.

Amèn

Patrick Princivil, August 3 2014, 8:54 PM

REPLY   Next >

 

Topic: PHOTO: Haiti - Wout anwo, Wout anba sou Autoroute De Delmas a ap Vanse...

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

1 - 10 of 15 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »
Woawwwww nou tap tann sa depi lontan epi a rien a fait yo ap Kritike tet kale......anmweyyyyyyyyy banm tet kale pou yon lot 5 ans.....progres... read more >
Blood Of Jesus, 3-Aug-14 5:23 pm
Woawwwww nou tap tann sa depi lontan epi a rien a fait yo ap Kritike tet kale......anmweyyyyyyyyy banm tet kale pou yon lot 5 ans.....progres... read more >
Blood Of Jesus, 3-Aug-14 5:23 pm
Empire of youth nouvote viv moun sak Bon en haiti read more >
Fequiwest, 3-Aug-14 6:47 pm
Mw anvi retounen lakay mw souple kontinye fe bon bagay felisitasyon Mr Mateli&Mr Lamothe read more >
Midler Volmy, 3-Aug-14 7:28 pm
Se nomal nou paka rete yon ti payi coco-rate pou tout res vi nou, Bondye di nan parol li nou dwe travay tre di pou nou manje, yon ban-n Prezidan... read more >
Patrick Princivil, 3-Aug-14 8:54 pm
Mwen panse sa se yon Bel bagay.. men si nou vle nou ka fe plis toujou..... li pa Jan tro yard pou rebati ayti.... vivid Ayti ABA tout move... read more >
Topsecret, 3-Aug-14 10:49 pm
Ennemi president Martelly yo fermin diole nous sec. read more >
Josy, 3-Aug-14 11:05 pm
great:)( Great achivement are hard to accept from other people whom will ever see the light of wisdom in your achivement:)- read more >
Will, 3-Aug-14 11:15 pm
Se selman moune ki ta toujou renmen corupsyon nan peyi ya wap we e tande kap pale gouvenman Martelly,Lamothe la mal. Men moun tankoum yo ki ta... read more >
Serge Ambroise, 4-Aug-14 8:43 am
dechouker yo still pa konprann sa paske se poch ki an priyorite se pa peyi read more >
Faustin Retel, 4-Aug-14 9:32 am
1 - 10 of 15 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »

 

< Previous | Home | Next >