Haitien, Pratike vodou pa anmède pesonn...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 12920

Pratike vodou pa anmède pesonn, se zòt ki toujou bezwen moun vini anba pye yo pou moleste lè yo vle, o non de sesi, onon de sela.

Se yo ki pou padonnen peche-w.

Sak peche ya?

Ou pa konnen...

Sak padonnen yan?

Ou pa konnen...

Pou yo ka baw la trinite.

Sak latrinte ya?

Pesonn pa konnen...

Men, ou oblije kwè pou-w pa al lan lanfè.

Yo bezwen moun vinn anba pye yo pou fè-w pè, pou-w pa al lan lanfè.

Se katolik ki gen tout manigans sa yo, plòtonnen lespri-w, ou pa konn ki kotew gad ak katolik.

Vodou pa lan rans sa yo. Bondye granmèt la ki fè nou, li renmen nou tout san manke yonn, men, ak katolik la, fòk ou vinn anba pye yo pou yo ka ba-w pasay pou paradi, pou syel lan.

Vodou pa gen sa.

Fòk ou peye lan kèt legliz lan, vodou pa gen sa.

Lan katolik, yo genyen yon pase kote yo te konn boule moun vivan.

lan vodou pa gen sa yo.

Lan vodou, yo pa janm mande pou-w kite ni pwotestan, ni katolik pou vin jwen yo. Vodou pa gen pwoblem ak pesonn.

okontre, lan vodou ou jwenn pwotestan, katolik, elatriye.

Se katolik ki lakòz anpil pwoblem lan yon peyi ki gen plis moun ki pa konn li ak ekri.

Lan vodou ou pa wè sa.

Katolik la chwazi moun ki pa konn li ak ekri ya jis pou enterè pal.

Si se pat vodou ki tap fè tretman pou moun lan kanpay yo, kote doktè pa janm vle ale, ki kote nou tap gad?

Dokte fèy, fanm chay, se lan vodou tout sa yo soti. pesonn pat aprann yo fè metye sa yo.

Si vodou pran chè AYITI katolik pap gen plas menm, twòp manti, je tout moun louvri kounye ya.

Eddy Fouron Sou Facebook, July 18 2014, 6:52 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Vodou is BIG social problem for Haiti, Cardinal Chibly Langlois Says

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

11 - 16 of 16 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »
SE PA MANTI bagay sal ki rele vodou a SE PI GWO PWOBLEM KI RESPONSAB TOUT ZAK MALEFIK NAN PEYI A, vodouyizan yo MINM EXPORTE vodou a, vodou a se vye... read more >
Gilles, 18-Jul-14 1:45 am
Pratike vodou pa anmede pesonn, se zot ki toujou bezwen moun vini anba pye yo pou moleste le yo vle, o non de sesi, onon de sela. Se yo ki pou... read more >
Eddy Fouron Sou Facebook, 18-Jul-14 6:52 pm
sak te vaudou,li pa chita sou okenn donnee precise,se sak fe yo plis itilizel pou fe mal,jan kadinal la dil la,ou pa we se an kachet yo preske fe... read more >
Larose, 18-Jul-14 9:51 pm
Wow! The Catholic religion never ceases to amaze me. It is true that Vaudun needs some serious reform thus looking inside to rid itself of many bad... read more >
Grosneg, 21-Jul-14 10:01 am
Katolic pa adore Marie non paske se Jesus sel ki merite adorasyon. Nou katolic, nou venere e onore Marie ki te di wi pou nou ka gen lavi. Nou... read more >
Evelyne Bolivar, 14-May-15 11:16 pm
11 - 16 of 16 « First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last »

 

< Previous | Home | Next >