Haitiens, fok nou konsyan tou mezanmi, lew pa respekte tet ou, moun pap pranw pou anyen

< Previous | Home | Next >

Sa kap pase nan moman sa revolte e indigne tout Haitien, min fok nou konscien tou mezanmi, lew pa respekte tet ou, moun pap pranw pou anyen.

nou pale de vole ak kriminel, tout peyi nan monde lan gin vole ak kriminel.

nou di fok tout moun chita nan peyi nou, fok nou met tet ansanm elimine krim, e met peyi nou sou on bon ray.

nan caraibes la, c peyi nou an ki pi pa evolie, ampil moun ki reziye yo travese al eduke pitit yo Rd, c paske chak jou Haiti nap touye youn lot pou rans.

pitit ou al lekol ke'w ap sote pou yo pa kidnape'l.

ou chita nan biznis ou, wap veye chak moun kap rantre, paske yo ka vinn tuye'w.

mwen mesi Bondie map monte desann St DOM depi ampil ane, mpa janm subi okin agresivite ni fizik, ni verbal, mwen fe pitit nan peyi a, e viv ladan'l, mwen fe ampil investisman ladan'l, mpa janm subi move tretman.

o kontre Dominicain tj mete yo disponib pou sevi'm, c pa ke mwen pa rinmin peyi'm, c pito stress chak le on moun sot la bank ak nan on buro transfe, wap veye kile 2 neg sou moto ap rive sou ou.

mezanmi ann met tet nou ansanm pou peyi nou an gin on bon changman, pou violans ak kidnaping suspann.

Haitien en Haiti imilie youn lot chak jou, yo maltrete youn lot.

fok zafe le on moun soti, apre, c sou pil fatra ou jwen ni mouri fok sa fini.

tout moun ta rinmin ret viv lakay yo, paske c la ou pi lib, min pou sa fet, fok gin plis univesite, plis lopital, fok viol, haine, violans suspann, moun rayi moun pou tout bagay youn ampeche lot rive lwen, fok nou suspann egri le afe lot ap bien mache, le tout etudian Haitien yo tounin, kote ginyin pou yo kontinie etud yo.

nou ap viv pil sou pil, jiskounie a, gin malere amba tent nan mitan kapital la.

ann rezoud pwoblem lakay nou avan tande, ann suspann bay lot peyi to, blame lot peyi pou eta nou.

tout peyi nan caraib la te sou okipation, min yo fe plis efo pase nou, c nou ki rayi tet nou.

suspann fe manifestation, suspann boule kaotchou, polue l'air, ak kraze wout, de generation a generation.

chak gouvenman ki monte c nan rekomanse

ann suspann fe bak

nou c on wont nan monde lan, ann wont pou tet nou, leve nin nou, bay deye nou kek tap, nou voyage, nou we kijan lot peyi fonktione, ann rinmin Haiti, kimbel pwop.

Haitien tro pa pwop, nou rinmin reziye nou twop.

ann revolte...

c nou tout ki pou met min, change peyi a, metel nan on pi bon plas nan caraibes la.

ann fe yo we nou on lot jan, ann fe yo respekte nou, ann montre yo ke peyi nou ka bel san violans, ann suspann rele aba, ann aprann kampe deye on desizion nou fin pran, nap we si lot kote pap ba nou vale ke nou merite, ke nou souete a, nou c moun tankou tout moun nan monde lan, pitit Bondie.

ann respekte tet nou pou yo ka respekte tou, paske jan'w bay ou, c konsa yo pran'w.

Regina Exil Avin, December 5 2013, 8:30 AM

REPLY   Next >

 

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >