Poukisa tout manifestasyon boule kawoutchou sa yo ap fet si bagay yo ta nan plas yo tout bon vre?
< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 11428
Mwen konprann saw vle di...
mwen we ke ou optimis anpil sou lavni peyi Dayiti nou-an...
Se yon bon konpotman.
Men, Mwen poko we bagay ki pou fe mwen di ke peyi ap mache an avan.
Se vre ke mwen pap viv nan peyi a...
se sou nouvel map tande ke mwen ka konnen si bagay yo nan plas yo.
Poukisa tout manifestasyon boule kawoutchou sa yo ap fet si bagay yo ta nan plas yo tout bon vre?
Eske pa gen fatra ak pousye anko nan lari Potoprins?
Eske pa gen blakawout anko?
Eske moun ka ale nan bank yo ke popoz koulye-a?
Eske polis nasyonal la kapab kontwole peyi-a si MINUSTAH ale?
Si ou gen pwoblem ak kesyon sa-a yo...
ou poko kapab di ke peyi ya ap mache an avan. Sa-a se opinyon pam.
Paul, November 27 2013, 7:09 PM
Topic: Toto ak Ti Joel ki we yon tren premye fwa
Start a NEW topic or,
Jump to
previous | Next Topic >
< Previous | Home | Next >
Messages in this topic
< Previous | Home | Next >