Haiti Levanjil - "Si Papa-m se Roi, Fòk mwen Prince" - Ki opinion ou sou sa?

En Haiti, Levanjil ap preche tout lajounen, mirak ap fèt, epi pèp la nan lamizè pi rèd... Maten an, mwen tande Robert Celiné, alias Bob C., sou antènn Radio Caraibes ki di: "Si Papa-m se Roi, Fòk mwen Prince!" Bob C. t-ap refere a kantite moun ki aksepte Jezi nan peyi a, ki ap lapriyè lajounen kou lannwit, 7 jou sou 7, epi sitiyasyon yo pa janm chanje... Ta sanble lidè evanjelik yo plis preche pou kenbe moun sa yo nan lamizè olye pou yo ta ede moun sa yo soti nan lamizè... Pastè vinn pi rich, Fidèl yo menm ap jete ti sa yo genyen an nan lakòlèt...

Nan reportaj saa ki tap fèt sou yonn nan pi gro legliz nan kapital la, yon legliz ki ap fè mirak epi ki ap bay levanjil la 7 jou sou 7, yon Jounalis radio a di:

"Dè fwa yon konn preche moun yo reziyation wi..."

Bob C. reponn...

"Wi... wi... Otan ke-w pov, otan ke-w nan mizè, otan ke-w nan kras... Yo tòde yon vèsè ki di: 'Heureux les Pauvres EN ESPRIT, Royaume Bondye a ap pou yo... Tout tan ou nan mizè, ou nan salte, ou santi fò, ou nan kras ou pral nan syèl..."

Bob C. kontinye, li di...

"Mwen menm, mwen gen yon sèl opinion: Si Papa-m se Roi, Fòk mwen Prince!"

Kisa-w panse de sa?

Eske se tout bon royaume Bondye a se pou moun ki pi pov sou latè?

Eske se tout bon si ou gran nèg, ou pap ale nan syèl?

Se si pa vre, poukisa evangelis Haitien yo preche li konsa pami tout moun sa yo ki pa gen anyen nan men yo epi ki ap chèche wout legliz pou Bondye kapab di yon mo pou yo? pou Bondye kapab chanje lavi yo?

Poukisa evangelis sa yo ap preche moun sa yo pou reziye yo nan mizè yo ye a, pou yo rete tann jouk "O dènye jou," apre yo finn pouri anba tè ap tann jou jijman an, pou yo resisite epi pou yo vinn riche, pou yo pa janm gen problèm ankò... Se sa yo preche anpil fidèl an Haiti, eske-m manti?

Poukisa fidèl sa yo pa ka jwen yon bon soulajman sou latè a pandan yo ap viv la?

Kite yon mesaj...

Write a comment  (10)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (10)

Enel says...

Gen n vese nan bib la ki di tou, fok ou gen bel vie sou te a avek pesekision e apre pou gen la vi etenel.

Kesion sa tre delika, se pep la menm ki ignoran kap enrichi neg sa yo ki fe yap bay levanjil resiyasion sa. Alo se pou pep la ta sispann pote lajan bay neg sa yo pou m we si yo tap gen menm atitud sa visavi de pov yo. m pa gen okenn pwoblem pou legliz rich, men mass la dwe souse n zo tou men pa n sel neg joui ak fanmi

Reply  ... More

Pirre Ripert says...

nan tan manmam'm avec papa'm te toujou gin leglise se le yo soti nan mache nan jadin fini bail bet mange fini fe devoi avec ti mou'n yo epui yo alle passe 2 heures de temp leglise pou resoudre problem sa l'etat doue mande a chakcitoyen pou yo bail yon rapport chaque annee san qouoi ou pap gin acces a l'opital a education

Reply  ... More

Ben says...

si yon moun volè sa afè pal.si tu es manteur c'est toi qui failliras, les promesse de Dieu ne faillirons jamais.moun ka fè tout magouj yo vle.yon sèl bagay mwen konnen BIB la di kite yon grandi ansanm mèt jaden gen poul vini.Kwè nan JESUS pa kwè nan magouyè yon fasonsi tronpèt la ta sonnen kounya pou w pa di si m te konnen.

BONDYE BENI

Reply  ... More

Heric Licius says...

Don't forget God is great most often some people keep praying without action you have to do some things for God blessed what you are doing asking you will receive but doing some God will do the

Reply  ... More

Josepharnold says...

Mesye nou we moun kap mache legliz san epa anyen yap benefisye tout se moun fou yo mechan ak tet yo sitou potestan yo.si gen yn relijyon sou late se katolik epi pwen

Reply  ... More

Leo Accede says...

opinion pa-m sou sa gen jou ki pral rive Bon Dieu ap avili tout fo pasteur yo epi lap"ONORE"tout bon pasteur yo avek tout bon serviteur ki tap travay, evanjilize pou li sou terre a!apre sa pap gen Levanjil kap di"si papa-m se Roi Fok mwen

Reply  ... More

Jonas says...

Pa gen diskisyon nan sa, an ayiti kon aletranje evangelis ayisyen preche yon levanjil reziyasyon ki plonje moun yo pi fon nan la mize. Men pou yo, yon paste pa sipoze pov.yo toujou Manipile vese a vre, men yo bliye ke bondye kre ye nou avek lib volonte.

ou gen chwa pou fe byen epi saki pabon.

majorite kretyen ayisyen pa kwen nan investisman, you kwe ke si yo gen yon $1000 jodia gaspiye l nan de twa jou epi bondye ap pran swen demen, yo lage tout responsibilite a son Bondye, yo pa gen pyes responsabilite, yon pa kwe nan ekonomi, bidje.nan povrete nou trouve nou jodia, Li plis ke travay, ak eztabilizasyon politik, li se yon pwoblem mantal ak edikasyon.menm sa yo ki nan etazini ak la frans yo gen menm mantalite malerez la. Moun nan gen trant an lap travay nan yon peyi devlope, li toujou rete menm jan lel te kite peyi li.ou pa ap travay $10 pa e, epi ou 7 kat de kredi epi yap mache nan jen yap rele anmwe bondye.

Reply  ... More

Ghislaine Decayette says...

Mon Che si nou ta pren pou nou komente sou sujet sa li ta pren empil ten. Oui nou pa konin si Jesus te di sa vre paske generation sa pat la lew Jesus tap preche.

Kem menm tout autan ke nap sevi legliz epi nap baye kout poud, fe tripotaj, jugemen sou lot, egois, kras, ki changemen nou pense kap fet pou nou la?

Le zye nou a louvri, le nou change fason nou alor ce le sa na komense oue changemen kap fet pou peuple la ak payi

Reply  ... More

Kaam says...

Imajine w, si tout Pasteur et predicateur sa yo gen kontra avek le diable! Tout lajan manman m pase nan shalommmmmm! Men li mouri dimanche pase m pat we youn nan mamb shalom yo!! Tout ap mache sou machin blende epi

Reply  ... More

Kaam says...

Imajine w, si tout Pasteur et predicateur sa yo gen kontra avek le diable! Tout lajan manman m pase nan shalommmmmm! Men li mouri dimanche pase m pat we youn nan mamb shalom yo!! Tout ap mache sou machin blende epi

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti Levanjil - "Si Papa-m se Roi, Fok mwen Prince" - Ki opinion ou sou sa? edit

» »