Palito de Coco pèdi yon opòtinite akoz yon move kouzen

Gen yon sit entenet Haitien ki explike an KREYOL kijan Palito de Coco pedi tout opotinite li akoz pwop kouzen li... Hey Magazine fe konprann ke "kèk fanmi Palito de Coco soti Gonaives... kouri debake retounen vi-n defann li... Sanble yo ta lage Palito nan tshouboum pito...


Palito De Coco on TV - I am Going to Haiti

Hey Magazine di...

Depi lè mizik jenn atis Ayisyen sa koumanse fè ravaj sou tout rezo sosyal yo, anpil konpatriyὸt li te koumanse ap plenyen fè kὸmantè ke dominiken sa ap twonpe li.

Yon bwi kouri ki moute tèt kèk fanmi Rumai ki te rete Gonaives sanble ki te rete Sen Domeng deja, kouri debake retounen vi-n ap defann li.

Samdi 16 Novanm 1:30 pm, Hey Magazine kontakte an dirèk Oliver Peña ki se ex Manager Rumai, ki rete La Vega.

Pwodiktè a te prè pou l bay yon Interview pou tout Ayisyen ka konprann, ke li te satisfè tou pou koneksyon sa, paske li pa vὸlè jan Ayisyen yo ap di sa.

Finn li res interview a sou sit entenet Heymagazine.com

Pou rezume, Oliver Peña, deklare...

Mwen sèlman touche yon lajan nan men Major World, nan pὸch mwen, sèlman US $ 1,300.00 dola ki rantre pou piblisite sa.

Mwen abandone fanmi mwen ak aktivite nὸmal mwen pou pwojè sa. Mwen entegre Rumai nan fanmi mwen ak zanmitay mwen. Mwen chanje kondisyon l, anpil moun te ka koumanse wè chanjman sa.

Premye kontra kὸb nou ta pral genyen se yon fèt li ta pral jwe Dimanch 17 la nan Higuey, kote l ta pral fè nenpὸt RD$ 75,000 pesos pou li sèlman, kidonk, mwen oblije bay vag, paske y´ap mache di ke mwen se vὸlè.

Li Interview a sou sit entenet Heymagazine.com

Jan istwa-a fini.. Ni Palito de Coco, ni kouzen li a ki sanse kreye pwoblem la, yo tou de raseur nan moman-an...

Kisa-w panse de tout bagay sa yo...

Kite yon mesaj.

Write a comment  (2)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (2)

Cyndie says...

ellos no saben lo que

Reply  ... More

Paul says...

Palito pa nan anyen ki

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Palito de Coco pedi yon opotinite akoz yon move kouzen edit

» »