Haiti Education - Pou ki rezon etidyan Haitien yo ap etidye pa kè konsa? Repons la ka choke-w

Yon maten, mwen leve lakay mwen Haiti, mwen tande yon etudian ki ap bat yon bèt (etidye pa kè) anba poto limyè a devan lakay la. Ti demwazèl la ap goumen ak yon francais, li ap eseye memorize yon tèks ke mwen pa ka menm konprann ale wè poum ta eseye memorize-l. Apre yon 20 minit konsa, mwen oblije soti sou galri a pou-m a mande li kisa l-ap etidye laa... Mwen sezi tande kisa ti dam la di-m...


PHOTO: Haiti - Elev Lekol Piblik nou yo (Public School Students)

Ti madmwazèl la nan Retho, li di mwen, tout tan saa li t-ap etidye anba limyè a, se kat (4) definition li ap eseye memorize pou yon kou Literrature Haitienne.

Mwen mande li eske ou konprann sa wap etidye a, li repon mwen: "Wi, mwen konprann li wi mwen sa pa ase pou-m pase. Fòk mwen vomi li sou papye examen an exacteman jan profesè a bay li a..."

Imagine sa... Pou yon eleve nan Retho an Haiti, pou li ap leve bonè nan maten pou li fòse tet li pou li memorize yon definition an Francais, pa paske li pa konpran li non, men paske fok li ekri Francais Exact ke profesè a bali a nan yon fey examen.

Mwen garanti-w... Si yo te bali examen an kom yon "Multiple Choice Question," (bali 4 repons pou li chwazi repons ki bon an) li tap pase e li tap fè gwo nòt.

Lèfini tou, Koreksyon examen saa tap pi rapid, pi sur, paske nan peyi Etazini kote mwen te grandi a, gen machinn pou sa, kote ou pase fèy repons la epi li tou di-w konbyen repons ki kòrek.

Nan zafè education an Haiti, mwen ta renmen konnen pou ki rezon profesè oblije fòse yon elèv ap bat definition pa kè pou yon sijè ki selman mande kompreyansyon.

Lot peyi ki pi devlope pase nou pa fè li konsa, ki modèl n-ap swiv menm?

Mwen ta renmen konnen...

Role yon dirijan se identifye yon bagay ki pa bon epi pran decision pou korije li yon fwa pou tout... Saa pa bon... Mwen te rayi li le-m te lekol an Haiti, 26 lane apre, mwen rayi li plis toujou pou tout elèv lekòl ki ap leve etidye anba poto tout limyè ki nan peyi d'Haiti.

Jis paske profesè lekol ou a te fòse-w editye tout bagay pa kè lè-w te lekòl, jodi a ou vinn dirijan, ou pa oblije fòse elèv jounen jodi-a fè menm bagay la tou... dayè ou vwayaje, ou plis branche sou ki fason rès mond la fonksyone.

Pou yon ti moun ap goumen pou memorize definition an Francais wa di se yon formule Matematik... Ki lòbèy sa?

Kisa-w panse de sa?

Kite yon mesaj

Write a comment  (10)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (10)

Jay says...

Jou ma tande pagin etidye pa ke Ayiti anko se le sa a ma we gin yin yon changement nan edikasyon paske pa gin peyi ki fe sa anko se sa ki fe timoun nyo paka kinbe anyin nan tet yo .se gouvernemen ap fe yon travay serye vre moin panse sistem sa a ta dwe change

Reply  ... More

Sherlie says...

timoun ayiti soufri anpil vre wi, si nou pa fou jan Sedec Andréus di a se gras Bondye vre, sak fè'm tris pa bo isit timoun yon pa bay edikatyon an valè.men gen yon ti chanjeman tou piti paske gen kestionè mwen epok pam sete chapit la ou

Reply  ... More

Sedec Andreus says...

An Ayiti, si Bondye pat bay ti ekolye ayisyen yo yon sèvo solid, 80% tap rive fou nan goumen pou etidye pa kè san yo pa konprann.

se yonn nan koz ke majorite pami etidyan finisan nan peyi a pa dote de yon bon kapasite entelektyèl. Vin jwenn ak yon ekip pwofesè sikonstansyèl ki nan menm pwoblèm nan epi ki menm pwofite ap pase kolè sou ti moun yo. A kos de sa wa sezi wè gen ti moun ki mawon pou yo pal lekol.

Reply  ... More

Sherly says...

They need to change the way they are doing things in Haiti now

Reply  ... More

Wifey says...

di youn di yon lot tou mezanmi..

eske nou konnin system edikatif amerikan yan vreman tre ba, denye man mwen li yon rapo mondyal sou edikasyon sistem edikatif amerikin yan grade vreman treba...apa desa sispann gade bagayla selman sou yon sel ang. plissouvan akoz de sistem edikatif ayitiya ler yon etidyan ayisyen rive nan yon lot peyi depi yote gentan komanse lekol an ayiti yo toujou briyan, sa pase akoz desistem edikatif nou

Reply  ... More

Ilera Harold Fleurine says...

Nan syek nou ye Jodi a mwen pansez, se nou tout sa konsenez, si nou pa leve kanpe pou'n kritike ansyen system sa yo yap toujou retez la nan peyi ya.Gen you sery minis ki pasez you lot sery ap vini, se toujou nad marinad, selman ak chek yo, yo

Reply  ... More

Patrick Princivil says...

Bagay sa lèd vré wi mézanmi,

men té fè yon pakèt tan mwen tap monté désan nan cité collégiale Ottawa Canada, yo pat Janm fèm bouré oken liv nan kran tèt mwen, nou pa òdinatè, menm istwa zansèt yo an Haïti an 1804; nèg krazé sèvo nou yo avek liv sa yo an Français tandiské si sé té an kréol yo té yé nou tap li yo épi nou tap kapté yo tankou sé tripotay nou tap fè.

Prézidan Martélly ak Lamorthe pasé nan gran payi, mwen kwè yap rézout ti problèm sa yo.

Reply  ... More

Patrick Gaspard says...

Se so an paske pwofese y'a li menm pa kalifye.

Li pa menm possède sa li kwe l'ap anseye a.donc si élevé la reponn byen men nan fason pa li pwofese la p'ap konprann.

Le sa à se move note cash sinon

Reply  ... More

Rose says...

se vre isit USA gen anpil examen ki multiple choice men sa pa garanti ke moun lan tap pase egzanmen paske li multiple choice non. konbyen American ki pran ACT ou byen SAT ki pa pase ki tou kite sa?mwen panse ou konen anpil.

se vre gen anpil memorization an ayiti.gen kou ou pran isit etat unis ki mande memorization.jan youn egzamen presante depand de professe a.mwen pa di anpil memorization bon men kouri bay multiple choice question an ayiti se pa solution an sa fok gen

Reply  ... More

Eliassaint Jules says...

Sujet sou système éducatif nan pays lakay se yon katastrof li ye. Zafe etidier par cÅ"ur a moin te pase ladann tou mais moin telman rayi sistem sa paske nou pa we poukoi nap forcer mémoire nou ainsi.

Au niveau éducation nou nan yon marasme je sais pas quand est-ce qu'on va s'en sortir ! Moin gen exemple ki kle, a Paris moin rencontrer yon bann moun ki finir Lekol lakay mais a Paris yo pa même ka faire deux fraz korek en français mais yo se filozof, eske nou ta dWe juger yo?

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti Education - Pou ki rezon etidyan Haitien yo ap etidye pa ke konsa? Repons la ka choke-w edit

» »