En Haiti, NATCOM bay Internet menm jan EDH bay limyè. Leta pa proteje konsomatè yo ditou

Tout peyi nan le monde la bay High Speed Internet Access (accès internet haut débit), Natcom menm li bay aksè a internet la selman, zafè vitès la sa pa gade yo, w a degaje w.


PHOTO - Haiti Internet - Natcom Pa Vle Bay Sevis

Pou 55 dola americain pa pwa w ap gade yon video sou youtube epi l ap plede kanpe!

Se komsi pa gen okenn oganis leta ki ekzije konyayi sa yo pou yo bay konsomatè yo yon minimum sèvis.

Aksè Internet: Sen Domeng vs Haiti:

An nou gade Sen Domeng, yon kliyan ap jwen Internet lakay li ak vitès 10 Mbps, kab televisyon ak 150 chaines, plus 400 minute telefòn lakay li, TOUT sa ap koute li 1949 pesos (environ 39 dola Americain). Pou 500 pesos an plis pa mwa, yap pal yon Internet 30 Mbps.

High Speed Internet Access in the Dominican Republic compared to Haiti

Nou pakap oswa nou pa vle?

Imajine w, yon konpayi tankou Netflix ki ofri sèvis "streaming", Netflix rekòmande yon koneksyon 3 Mbps pou pi piti pou w ka gade video sou rezo yo a ak yon kalite estanda. Si w vle gade video ak kalite HD (high definition) pou pi piti, fok ou gen yon internet 5 Mbps.

Natcom ap vann internet 1 Mbps en Haiti pou 55 dola americain pa mwa panda ke pri an mwayèn Ozetazini pou Internet ak vites fiks vitès 64.17 Mbps, an mwayèn, li koute konsomatè americain an $ 66.20 pa mwa.

Sa vle di, pou 11 dola an plis, American an jwen 65 fwa plis vitès Internet pase ou menm ki an Haiti. Epi yo di Haiti se yon peyi pòv.

W a fè matematik la. se kofre Natcom ap kofre kliyan li yo. epi papa leta pa di anyen.

Write a comment

You might also like

Return to Articles List

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: En Haiti, NATCOM bay Internet menm jan EDH bay limye. Leta pa proteje konsomate yo ditou edit

» »