Haiti - Machann Paté a retire gou a nan bouch mwen

Mezanmi, gen kèk bagay se an kreyol pou nou diskite yo pou etranje pa konprann. Mwen kanpe devan yon machann pate maten a map gade anba zong madanm lan, eta lwil k-ap fri pate a, li banm kè plen...

Haitian Pate - Haitian Beef Patties
Haitian Pate - Haitian Beef Patties

machann lan finn touche yon 50 goud tou sal avek men li, li foure l nan yon tabliye sal, li triye yon 25 goud sal andedan tabliye a pou li bay monnen.

Kisa ou konnen madanm lan fè apre sa?

Li pran menm men sal saa, sa lave, li rache yon bout pat farinn nan yon sache nwa, li tonbe peze pat la pou plati li, pou li fè pate li pwal van mwen an...

Anba zong fi a tou nwa, map mandem si li pat soti nan chabon dife li fek mete anba chodyè a.

Lwil la menm gen yon koulè mawon fonse!

Komsi, pate saa mwen pwal manje?

Non monchè, mwen ale fè wout mwen. No pate for me!!!

Haitien toujou ap di "sa je pa wè kè pa tounen". Fwa saa je wè.

Ministère Santé Publique, jere le pèp tanpri!

Write a comment  (4)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (4)

Jean says...

Mon chè sa'w di ya se vre, se yon problèm edikasyon.

Men chans pou moun kap achte ya se fri li pral fri pat la ki touye mikrob yo;apre sa tout moun tap malad.Lwil la maron se vre men li pa yon dange total kapital.

Se menm bagay la "fast food restaurant" yo fè tou nan lot peyi.

Reply  ... More

Bernard says...

Si li te di madam sa, madam nan ta fe yo bat li, ou paka di moun sayo ayen

Reply  ... More

Jerry says...

Antan ke jounalis, ou te dwè fè you entèviou avèl. Se pou w te fè yon ti pale avèl an sekrè e fèl wè remake sa ke w di nan atik la. M pa kwè se espre li fè.

Li gen dwa pa menm realize sa lap fè a. Ou deja konnen Ministère Santé Publique pa pral fè anyen.

Se pou w ta ekri Ministère Sante Publique pou infòme yo sa w wè kap pase ki pa

Reply  ... More

Hulio says...

Eww! Kounya m gen

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti - Machann Pate a retire gou a nan bouch mwen edit

» »