La Gramè Kreyol - Aprann Ekri Kreyol

Kijan Kreyol ou ye? Ou kapab ekri Kreyol byen? Ou konn Alfabè Kreyol ou? Mwen sot fè yon ti rechèch sou "La Gramè kreyol" mwen trouve yon sel paj sou entènèt la ki ka ede-w ekri Kreyol la pi byen...


Haitian Creole for Dummies - Gramè Kreyòl pou Nèg Sòt

Li rele: Lengwistik kreyòl ayisyen sou Wikipedya Ayisyen an...

Kreyol la fasil anpil pou ekri.

Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen

Dapre Iv ak Pòl Dejan nan liv ki rele (EKRI KREYOL FASIL), nenpòt moun kapab ekri kreyòl avèk twa ti prensip sa yo:

Prensip 1: Chak lèt ret nan wòl yo


Men lèt nou jwenn ki ret nan wòl yo, nan pawòl nou fèk li yo:

a nan: katreven, drapo, ap, aprann, chak, ak, twa, aba, lavi, lamizè, pàn, lagè, travay.
an nan: san, aprann, nan, kouran, lasante, manje, grangou
b nan: aba
ch nan: chak, cho
d nan: drapo
e nan: me, katreven, inivèsite, se, elèv, pwofesè, ekri, kreyòl, montre, lasante, manje, lekòl, ret
è nan: nèf, fèt, elèv, pwofesè, lèt, chè, lamizè, lapè
en nan: katreven, fen, prensip, lenjistis
f nan: nèf, fèt, fen, pwofesè
g nan: lagè, grangou
i nan: dizwi, mil, inivèsite, viv, lavi, lamizè, lenjistis, ekri, ti, prensip
j nan: lenjistis, manje
k nan: katreven, ekri, kreyòl, chak, kouran, lekòl
l nan: mil, elèv, kreyòl, lòt, lèt, wol, lenjistis, lavi, lamizè, lagè, lasante, lapè, lekòl
m nan: me, mil, moun, montre, lamizè
n nan: nèf, inivèsite, moun, aprann
o nan: drapo, yo
on nan: onz, montre
ou nan: tout, moun, kouran, pou
p nan: drapo, pwofesè, ap, prensip, pan, lapè
r nan: katreven, drapo, aprann, ekri, kreyòl, montre, prensip, ret, kouran, travay
s nan: inivèsite, se, pwofesè, prensip, lenjistis, lasante
t nan: katreven, fèt, inivèsite, tout, montre, lèt, twa, ti, lòt, ret, travay
v nan: katreven, inivèsite, elèv, lavi, viv, travay
w nan: pwofesè, twa, wòl
wi nan: dizwi, (dizwit lè li tousel )
y nan: kreyòl, yon, yo, travay
z nan: dizwi ( dizwit), onz

Prensip 2: Chak son ekri menm jan



Chak son ekri menm jan

Anpil egzanp montre nou sa twazyèm prensip la ye, espesyalman lè nou gade dènye lèt ki parèt ladan yo. Twazyèm prensip la se:

Prensip 3: Nanpwen lèt ki bèbè, ki initil



Nou wè sa nan: bab chich rad nèf nèg paj chak mil chanm moun ap aprann lenjistis tout viv kaw travay onz. Kalkile prensip sa yo byen. Gade ki jan tout koze ki nan fèy sa a ekri. Suiv modèl yo byen. Epi, ekri tout bèl pawòl ki nan tèt nou, fasil.

Li plis... Visite paj saa: Lengwistik kreyòl ayisyen sou Wikipedya Ayisyen pou dekouvri ki let ki pa itilise nan lang kreyol...

Kisa-w panse de sa?

Kite yon mesaj

Write a comment  (4)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (4)

Geraldino Fils says...

Suiv pa kreyol...

li ekri konsa.

Reply  ... More

Fedler says...

Poukisa, moun nou genyen ki avanse nan lang kreyol ayisyen an, pa kreye espas pou fome pwofese kap anseye timoun nou yo mal nan zafe ekri kreyol

Reply  ... More

Dan says...

kijan'w ekri tchouup le on moun'n tchwipe on lot mounn...

kijan'l ekri eske se pstchuup ou bien

Reply  ... More

Manu says...

Sa se payon grame mon cher, se vokabiler ou montre nou

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: La Grame Kreyol - Aprann Ekri Kreyol edit

» »