Manifestation Haiti SAN MIZIK - Bon lide? Move lide? Sa-w Panse?

An Haiti, depi yon moun vle fe manifestation, li mete yon BANN RARA deyo epi, nan 15 minit, manifestation an RED... Tanbou... Tcha tcha... Graj... Mizik... Tout moun ap danse... Y'ap manifeste... MANIFESTE KISA? Majorite moun nan lari-a ki ap danse yo, majorite moun ki ap chante yo, yo pa menm konnen objectif manifestation an ni nan avantaj kiyes li ye... Sempleman, yon bann ap pase, yo rantre... Yo la tou... E si nou te RETIRE MIZIK la???

Haitian Music - Bann RARA
Haitian Music - Bann RARA

Mwen sonje kelke ane de sa, yon ti demwazel ki te nan lekol ameriken an Haiti te dim: "Manifestation se yon program li ye an Haiti. Le-w pa gen anyen wap fe, epi ou tande bann nan ap pase, ou al defoule-w..."

Sa vle di, anpil moun se bann nan yo ap swiv, se pa KOZ manifestation an yo sipote.

Mizik ap jwe, tout moun ap danse, epi la press memn di "Des milliers de personnes ont manifesté..."

"Ont dansé" oswa "ont manifesté"???

QUESTION: Eske se yon violation dwa moun si LETA Haitien te BLOKE bann rara ak mizik le gen manifestation?

Mwen mande sa paske mwen we ak de grenn je-m ke jou election nan St Doming, li DEFANDU pou tafia vann...Tout BAR femen!

Eske se yon bon lide oswa yon move lide pou ke pa gen mizik nan lari a andedan manifestation yo?

Mwen panse sa tap rezoud anpil problem nan peyi a, li tap pemet nou we tout bon kiyes ki POU kiyes ki KONT.

Mwen paka di moun manifestan yo pa chante man zafe rele "program musicale" manifestation an... fok li ta sispann... an nou travese kafou sa-a...

Kisa-w panse?

Kite yon mesaj

Write a comment  (4)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (4)

Ricot says...

Monche ou gen rezon wi, Haitien telman remen kanaval depi ou mete yon bann rara deyo, lari a ap chaje ak moun.

Se pou yo defann bann rara nan manifestation

Reply  ... More

Patrick Gaspard says...

Zanmi, ap gen manifestation san mizik le ayisien kommanse pran tet yo o serye.

Anatandan tout kompa ap mate jan yo

Reply  ... More

Haitian Sensation says...

Anything to bring law & order & education to our beloved

Reply  ... More

Marco Laloi says...

That's a good

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Manifestation Haiti SAN MIZIK - Bon lide? Move lide? Sa-w Panse? edit

» »