POUKISA Electricite d'Haiti (EDH) pa janm retire lajan ou peye a sou total facture kouran an?

Ki pwoblem ki genyen andedan Electricite d'Haiti (EDH) kifè chak fwa ou al peye kouran, yon mwa, 2 mwa, 3 mwa pase epi yo pa janm diminuer lajan ou peye a nan total facture électricité a?

EDH - Electricité d'Haiti - Facture de Consommation d'Energie
EDH - Electricité d'Haiti - Facture de Consommation d'Energie

For my ENGLISH readers, I am addressing an issue with the Haiti electric company EDH who refuses to modernize their payment system. Every time you pay your bill it is never deducted from the amount you owe.

POUKISA, nan 21eme sciecle sa a, se avèk yon plume employe EDH ap ekri sou facture la ke ou peye epi moun ki pou rantre payment nan system odinatè a pa janm fè travay li...

Si w ta gen malè ou pèdi fiche payment sa a, ou tou pedi lajan ou sot peye a... Ou dwe EDH pirèd e w pa gen okenn prèv ke w te peye.

Komsi, se yon sel moun ki fè travay sa a pou EDH pou tout peyi Dayiti?

Se yon sèl moun ki rantre TOUT payment yo nan system lam?

Konbyen tan sa pran menm pou yon moun rantre nan yon òdinate ke tel client peye tan lajan?

Kijan EDH fè konnen konbyen lajan li rantre kom payment nan yon jounen si montant yo pa janm rantre nan system lan?

Ou konn ki sa ki pi komik nan dosye saa?

mwen pwal fèw ri...

Nenpot ti brenjen nan lari a ka rale yon telefon edem peze pou li vann ou yon lapoula oswa yon pappadap... Nan quelque secondes, ti brendjenn nan touche, Natcom oswa Digicel gentan konnen sa, epi kliyan an jwen kat telefon li la pou la, 1, 2, pap padap...

Epi pou yon gro rezo tankou Electricite d'Haiti, moun ap pote gwo lajan ba yo, epi pou se yon ak yon PLUME y'ap note sou yon bout papye ke w peye? Central EDH pa janm konn si w peye, epi y ap voye di w ou dwe...

Surprise!!! EDH genyen yon direktè general kap pran GWO desizyon tet chaje pou bwat la!!!

Ala de koze papa!

E ou menm zanmi? lè w al peye EDH ou remake si yo mentione sa nan prochain bòdo a? Di m non!

Kisa ou panse de sa???

Kite yon mesaj

Write a comment

You might also like

Return to Articles List

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: POUKISA Electricite d'Haiti (EDH) pa janm retire lajan ou peye a sou total facture kouran an? edit

» »