Haiti - EDH banm yon KOURAN 71.2 Volts, menm yon vantilatè li paka vire byen

Mezanmi bagay ki rele elektrisite nan ville Hinche, peyi d'Haiti, se bagay ki pou fè-w kriye... Tale a m'ap gade television epi, Blip, Tele etenn... Le mwen tckeke kouran an, li a 71.2 volts... 71 volts? Frijidè pa mache, Inverter paka pran chaj... EDH ba nou kouran mezi pou limen yon anpoul... Nan 21eme siecle saa mezanmi EDH leve pye w...

PHOTO: Haiti EDH - Household Electricy Voltage Test - 71.2 Volts...
PHOTO: Haiti EDH - Household Electricy Voltage Test - 71.2 Volts...

Depi semain pase a mwen remake manje ap gate nan frijidè lakay la, li pavle mache, mwen manke rele yon bòs machòket pou vinn pran lajan m pou gramesi wi... Se lè saa m sonje frijidè lakay kouzinn mwen an pat gen anyen, se kouran an ki te two fèb ki fè li pat mache...

Gen yon ti Inverter lakay la, tout tan kouran an pa a minimum 100 Volts li pap chaje batri yo... Sa vle di mwen ka fè tout lannwit la ak yon kouran 71.2 Volts epi mwen paka chaje 2 batri pou 12 èd tan blackout EDH bay chak jou a...

Menm yon dlo glase mwen paka bwè... Gad'on doulè?

Mwen ta renmen konnen nan lane 2015 n-ap viv la, kisa ki anpeche yon konpayi elektrisite bay kliyan li yo yon kouran ke li ka itilize.

EDH, fè yon jefò, tanpri, si wap bay kouran, bay kouran... Bagay 71 volts pou limen anpoul selman an, bagay saa pa bon.

Ou konn kisa ki pi komik nan istwa saa? Pandan m ap plenyen pou kouran 71 vol la, gen yon dam ki di-m nan katye Cherival kote li rete a, si li te jwen 71 vol la li tap tro kontan... Sa vle di li pi mal.

Haitien an telman abitye ak mediokrite, li reziye-l... Mwen pagay kouran pou ranplase FLASH la mwen pa ladan l...

Kisa ou panse de bagay saa?

Kite yon mesaj

Write a comment

You might also like

Return to Articles List

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti - EDH banm yon KOURAN 71.2 Volts, menm yon vantilate li paka vire byen edit

» »