Haiti Commerce - Pri Boutey Coca Cola MONTE 20 Goud nan Ville Hinche!

Mezanmi... Konsomatè Haiti chaje ak problem... Depi lè kriz Dola American an kòmanse a, boutey Coca Cola ki te van 15 goud monte a 20 Goud... W-ap sezi tande poukisa revandè mete 5 goud monte sou chak boutèy... LOL...

ENGLISH: In the city of Hinche Haiti, the price for a bottle of Coke has gone up by 5 gourdes, from 15 to 20 gourdes, since the rise of the U.S. Dollar last week... What do you think about that?

Nou mande revandè a poukisa boutey coca cola monte 20 goud la... Misye reponn:

"Yo mete yon dola (5 Goud) sou caisse la, nou mete 5 goud sou boutey la..."

Ou tande mezanmi?

Caisse coca cola genyen 24 boutey ladan-l... Distribitè a mete 5 goud sou pri caisse la, li fè 5 goud benefis. Revandè a menm li mete 5 goud sou CHAK chak boutey...

5 x 24 = 120

Revandè a fè 120 goud benefis sou chak caisse, mwens 5 goud li peye anplis la... Wow... 115 goud rantre nan poch revandè a poutet li peye 5 goud anplis... Wow.. Wow... Wow...

Kisa ou panse de sa?

Kite yon mesaj

Write a comment  (1)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (1)

Ventuoula says...

Revandè sa se profitè lap profite kob la ki monte pou li ka vòlò aprè sa se li menm ki oral bezwen poze kanditil pou yon pos politik poun vin vòlò plis se nan ti bagay sa yo wi poun wè kijan Ayisyen yo

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti Commerce - Pri Boutey Coca Cola MONTE 20 Goud nan Ville Hinche! edit

» »